Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Lespri Granmèt la ap poze
sou li»
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 11,
1-10
Jou sa a :
Yon ramo ap sòti nan rasin Jese, epi yon flè ap monte sot nan rasin li, lespri
Granmèt la ap poze sou li : lespri sajès ak entelijans, lespri konsèy ak
fòs, lespri syans ak relijyon, lespri krent Granmèt la ap plen l’.
Li p’ap jije daprè sa k’ parèt devan je, li p’ap pran pozisyon daprè bui ki
rive nan zòrèy ; men l’ap jije pòv yo nan jistis, l’ap pran pozisyon nan
sa ki dwat pou pòv yo sou tè a, l’ap frape tè a ak bagèt bouch li, ak souf po
bouch li l’ap touye mechan yo. Jistis ap sèvi senti tay li, lafwa ap sèvi zam-pwotèj
pou ren l’.
Lou ap abite avèk mouton, tig ap kouche kot kabrit ; bèf ak lyon ak
mouton ap abite ansanm, yon ti gason ap kondui yo ; bèf ak ous ap manje
ansanm, pitit yo ap rete menm kote, lyon ap manje pay tankou bèf. Ti bebe ki
nan tete ap jwe sou twou koulèv mechan. Nan twou koulèv la ti bebe a ap lonje me
l’. Yo p’ap fè mechanste, yo p’ap touye sou tout mòn mwen an ki sen an, paske
tè a plen ak syans Granmèt la, tankou dlo yo ki kouvri lanmè a. Jou sa a rasin
Jese a, ki kanpe kòm siy pèp yo, nasyon yo ap chèche l’, kote l’ ye a ap nan
bèlte.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 71, 2, 7-8,
12-13, 17
R/ Jistis ap fleri nan tan l’.
Bondye, bay wa a jijman ou, bay pitit wa a jistis ou, l’ap jije pèp ou a
nan jistis, ak pòv ou yo nan jijman.R.
Nan tan l’ yo jistis ap fleri ak lapè an kantite joustan lalin nan disparèt. L’ap kòmande sot nan lanmè al nan lanmè,
epi sot nan gran larivyè jous nan
bout fas tè yo.R.
Sèke l’ap delivre malere a k’ap rele a, ak
pòv la ki pa gen sekou a.
L’ap pran pitye pou pòv la ak mizerab la, l’ap sove nam pòv yo. R.
L’ap pran pitye pou pòv la ak mizerab la, l’ap sove nam pòv yo. R.
Se pou non l’ beni pou tout tan, devan
solèy la se pou non li dire.
Se pou tout ras tè yo jwenn benediksyon nan li.
Se pou tout ras tè yo jwenn benediksyon nan li.
Se pou tout nasyon yo fè lwanj li.R.
LEVANJIL
«Jezi tresayi nan lespri Sen
an»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ SEN LIK 10, 21-24
Lè sa a :
Jezi tresayi nan Lespri Sen an, li di : «Mwen fè konpliman pou ou,
Granmèt syèl la ak tè a, paske ou kache bagay sa yo pou moun sajès yo ak moun entelijans
yo, epi ou devwale yo bay sa ki tou piti yo. Wi, Papa, paske se konsa sa fè ou
plezi. Papa m’ renmèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen ki sa Pitit la ye,
sinon Papa a; epi ki sa Papa a ye, sinon Pitit la ak moun Pitit la vle devwale
sa».
Li vire kot disip li yo, li di: «Se chans pou je yo ki wè sa nou wè a. Mwen
di nou anpil pwofèt ak wa te vle wè sa nou wè yo, men yo pa t’ wè yo; yo te vle
tande sa n’ap tande yo, yo pa t’ tande yo».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, pwofèt Izayi envite nou pou nou viv nan
esperans, pou nou viv ak espwa menm jan nou konn di nan pwovèb nou espwa fè
viv. Se asirans sa pwofèt la vin anonse nou, si nou kite Lespri Granmèt la
dirije nou. Li vin di nou kote sovè a ap sòti a, se nan rasin Jese a, kote Lespri
Bondye ap avanyi li, konsakre li, mete
li apa pou sèvis Granmèt la. Li pap jije sou aparans men l’’ap jije daprè sa li
wè, l’ap jije ak jitis. Tout moun ap jwenn plas yo merite, pòv ak rich ap chita
ansanm, timoun ap rete kote bet sovaj, kote se lanmou k’ap bousòl nou.
Jezi fè konpliman pou Granmèt la, paske li kache
bagay sa yo pou moun sajès yo ak moun entelijans yo, epi li devwale yo bay sa
ki tou piti yo. Nan levanjil la, Jezi envite nou fè nou tou piti, pou nou pa fè
grandizè. Si nou vle konnen pitit la, fòk nou fè nou piti yon fason pou Papa ka
ouvri entelijans nou pou ka rive dekouvri plan Bondye gen pou nou.
Se chans pou nou chak, frè ak sè m’ yo ki koute
pawòl Bondye a, pawòl sa ki pote lavi nèt ale, paske Pawòl sa a se Jezi menm. Se
poutèt sa, an nou mande Bondye pou li ede nou kenbe pawòl sa nan kè nou pou li
donnen, pou l’ pote fwi, pou yon jou nou ka parèt devan Granmèt fas a fas, li
menm ki vivan ki Wa depi toutan e pou toutan.
LAPRIYÈ:
Granmèt, tanpri ede nou dekouvri prezans ou nan lavi nou, nan peyi nou, nan
fanmi nou, nan tout aktivite nou yo. Tranpri ede nou rankontre pitit ou a chak
jou pandan nou aksepte koute pawòl ou a. Ou menm ki vivan ki wa, ki Bondye
kounye a e pou toutan k’ap gen tan.
PWOPOZISYON:Ede oubyen ankouraje yon moun antre nan yon
aktivite Legliz la, nan yon gwoup, nan katechèz, nan apostola.
No hay comentarios:
Publicar un comentario