Koulè
Blan
PREMYE LEKTI
«Granmèt la envite n’ nan resepsyon
l’ nan, li siye dlo sot nan tout figi».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 25,
6-10a
Jou sa a:
Granmèt lame yo ap fè yon resepsyon bon vyann pou tout pèp yo sou mòn sa a,
resepsyon bon diven, vyann ki gen bon gou, diven ki byen poze. Sou mòn sa a, l’ap
chavire fas chenn nan ki te mare sou tout pèp yo, ak vwal la ki te vlope sou
tout nasyon yo. L’ap chavire lanmò a pou tout tan, Granmèt Bondye ap wete dlo
sot nan tout figi, l’ap wete lawont pèp li a sot sou tout tè a, paske Granmèt
la pale.
Jou sa a y’ap di : «Men Bonydye nou an, nou t’ap tann li, l’ap sove nou ;
se li menm Granmèt la, nou t’ap espere li, n’ap fete, n’ap fè kè nou kontan nan
delivrans li a. Paske men Granmèt la ap poze sou mòn sa a».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 22, l-3a. 3b-4,
5. 6 (r. 6cd).
R/ M’ap abite nan kay Granmèt la pou longè jou yo.
Granmèt la ap swen m’, mwen p’ap manke anyen :
Nan zèb vèt li enstale m’, sou dlo kalm li kondui m’, li refè nanm mwen.R.
Li mennen m’ sou santye jistis poutèt non l’.
Sèke si m’ap mache nan te fon lanbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou
avèk mwen.
Baton ou ak bagèt ou se yo k’ap konsole m’.R.
Ou pare tab devan m’an fas sila yo k’ap pèsekite m’ yo ;
Ou anbome tèt mwen ak losyon, kalis mwen ap debòde.R.
Reyèlman vre se bon kè ak kè sansib k’ap rapousuiv mwen toulejou lavi m’,
M’ap abite nan kay Granmèt la pou longè jou yo.R.
LEVANJIL
«Jezi geri anpil moun, li fè
pen yo vin anpil».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ SEN MATYE 15, 29-37
Lè sa a:
Jezi rive bò lanmè Lagalile a, li monte sou mòn nan, 1i chita la. Anpil
foul pwoche kote l’, yo te gen moun baba, moun avèg, moun bwate, moun malad, ak
anpil lòt, yo lage yo nan pye l’, li geri yo; atèl pwen foul yo te sezi lè yo wè
moun baba k’ap pale, moun bwate k’ap mache, moun avèg ki wè, yo t’ap fè lwanj
Bondye Izrayèl la. Jezi menm rele disip
li yo, li di: «Mwen gen pitye pou foul la, paske sa fè twa jou deja yo pèsevere
avèk mwen epi yo pa gen dekwa manje, mwen pa vle ranvwaye yo san manje, pou yo
pa tonbe feblès sou wout la».
Disip li yo di l’: «Ki kote nou kapab jwenn pakèt pen sa yo nan savann nan,
pou nou kontante pakèt foul sa a?»
Jezi di yo: «Konbyen pen nou genyen?»
Yo menm yo di l’: «Sèt, epi kèk ti pwason».
Li pase foul yo lòd pou yo kouche atè a; li pran sèt pen yo ak pwason yo,
li di Bondye mèsi, li kase yo, li bay disip li yo bay pèp la, tout moun manje,
yo kontante. Sa k’ te rete an
plis nan moso yo, yo ranmase sèt panye plen.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Pwofèt Izayi vin limen lespwa nan kè yon pèp k’ap soufri, yon pèp ki
dekouraje sou chimen lavi a. Li vin anonse yon gran kè kontan ke Bondye Papa
rezève pou li, nan lanmou ak mizerikòd li ki san limit. Sa a se yon mesaj
lespwa. Kalite lespwa sa a, imaj festen sa a, li materyalize nan Levanjil la.
Jodi a nou
kontanple nan Levanjil la mirak miltiplikasyon pen ak pwason. Levanjelis Matye
rakonte nou kijan anpil moun te vin kot Jezi (Mt 15,30). Gason ak fanm ki
bezwen Kris la, avèg, bwate, ak moun ki te gen lòt kalite andikap nan lavi yo,
ak moun ki te akonpaye yo. Nou menm tou, nou bezwen Kris la ak tandrès li, nou
bezwen padon li, limyè li ak mizerikòd li. Se nan li nou jwenn an plen tout sa
ki konsène moun.
Kèk fwa peche a
konn lakòz nou bèbè (lè nou pa gen otorite pou nou pale pawòl Bondye akoz move
ekzanp lavi nou), avèg (lè nou pa wè reyalite frè ak sè nou yo k’ap soufri),
oubyen bwate (lè nou pèdi chemen lafwa ak espwa).
Levanjil jodi a fè
nou rann nou kont li nesesè pou gen moun ki kondui lòt yo bay Jezikri. Sila yo
ki mennen enfim yo bay Jezi pou li te kapab geri yo a, yo konnen ke pi gwo prèv
lanmou nou ka bay pwochen nou, se lè nou ede yo vin pi pre Kris la, ki se Sous
tout lavi. Kidonk yon lavi ki chita sou lafwa, li mande nou pou nou fè
apostola.
Sen Pòl ankouraje
nou pou nou gen menm dispozisyon ak Jezi (Fil 2,5). Istwa nou li a montre nou
kè ak santiman Jezi :« Mwen gen pitye pou foul la» (Mt 15,32). Jezi pa ka
abandone yo, paske yo grangou e yo fatige. Jezi chache moun ki nan bezwen an e
li fè kòmsi se pa aza li rankontre li. Ala bon Granmèt la bon ! Ala
enpòtans li ba nou ! Lè moun nan sonje sa, kè li vin plen ak rekonesans,
admirasyon ak yon dezi sensè pou konvèti.
Bondye sa a ki fè
li moun, ki gen tout pouvwa a e ki gen yon lanmou fou pou nou an, li menm nou
bezwen nan tout bagay la - «paske san mwen, nou pa ka fè anyen» (Jan 15,5) – li
menm tou, malgre nou pa ta kwè sa, li bezwen nou : Se siyifikasyon sèt pen
ak ti pwasyon yo ke li itilize pou bay pakèt foul mou yo manje. Si nou te
konnnen nan ki pwen Jezi konte sou nou epi ki valè sa nou fè genyen nan zye li,
ebyen, menmsi nou pa ta fè granchoz, chak fwa nou ta toujou montre li kijan nou
rekonesans.
LAPRIYE :
Mèsi Bondye pou pawòl ou a, ki chak jou k’ap nouri nam mwen pou m’ gen fòs pou
kontinye chemen an.
PWOPOZISYON : M’ap pran yon ti tan pou m’ medite pawòl Bondye
pou jodi a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario