Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Se pou nasyon ki kòrèk la
antre, sa ki kenbe verite a».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 26,
1-6
Jou sa a, y’ap chante kantik sa a nan peyi Jida a:
«Vil fò nou an se Siyon ; sila a ki sove nou an li poze miray ak anvan-miray
nan li. Louvri pòt yo, pou nasyon ki kòrèk la antre, sa k’ap kenbe verite a.
Ansyen move chemen an pati, n’ap kenbe lapè a: lapè paske nou espere nan ou.
Nou te espere nan Granmèt la pou tout tan k’ap dire tout tan yo, nan
Granmèt Bondye ki fò pou tout tan an. Sèke li rabese moun yo ki te abite nan wotè
a; vil la ki te wo a, li rabese l’; li rabese l’ jous atè, li trennen l’ jous
nan pousyè. Pye moun ap foule l’, pye pòv la, plant pye malere yo.»
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 117, 1 e 2 8-9,
19-21, 25-27 a (r.: 26a)
R/ Konpliman pou sila-a ki vini o non Granmèt la.
Fè lwanj pou Granmèt la, paske li bon, paske kè l’ sansib pou tout tan. Li
bon pou nou kache nan Granmèt la, pase pou nou met konfyans nan chèf yo.R.
Louvri pòt jistis yo pou mwen m’ap antre nan yo pou m’ fè lwanj Granmèt la ;
sa a se pòt Granmèt la, sila yo ki kòrèk yo ap antre ladan l’. M’ap fè lwnj ou,
paske ou koute m’, ou tounen delivrans pou mwen.R.
Granmèt, sove m’ ; Granmèt, bay siksè. Konpliman pou sila a k’ap vini
o non Granmèt la. N’ap fè konpliman pou nou sot nan kay Granmèt la. Bondye
Granmèt la klere nou.R.
LEVANJIL
«Moun ki fè volonte Papa a,
l’ap antre nan rèy syèl yo»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ MATYE KI SEN 7, 21. 24-27
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Se pa tout moun k’ap di m’: «Granmèt, Granmèt» k’ap antre nan rèy syèl yo;
men se moun ki fè volonte Papa m’ ki nan syèl la, se li menm k’ap antre nan rèy
syèl yo.
Tout moun ki koute pawòl mwen sa yo epi ki obsève yo, l’ap sanble ak yon
moun sajès, ki bati kay li sou wòch; lapli tonbe, larivyè desann, van soufle,
yo fonse sou kay sa a, li pa tonbe; sèke li te chita solid sou wòch.
Tout moun ki koute pawòl mwen sa yo, men ki pa obsève yo, l’ap sanble ak
yon moun ki san lespri, ki bati kay li sou sab; lapli tonbe, larivyè desann,
van soufle, yo fonse sou kay sa a, li tonbe, destriksyon l’ nan gran anpil.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Jodi a Granmèt la pwononse pawòl sa yo nan fen «Diskou sou mòn nan»,
kote li bay kòmandman nou jwenn nan Ansyen Testaman an (Pawòl Bondye pou lèzòm)
yon sans nouvo epi ki pi pwofon.
Li pale ak nou
antan ke Pitit Bondye, e se antan ke Pitit Bondye li mande nou resevwa sa li di
kòm pawòl ki gen pi gwo enpòtans : se pawòl lavi pou tout tan, ke nou dwe
pratike ; se pa sèlman koute nou dwe koute pawòl oubyen admire moun moun
ki di li a, san ke nou pas santi li angaje nou, aprè sa pou nou bliye li.
«Bati yon kay sou
sab» (cf. Mt 7,26) se yon imaj pou dekri yon konpòtman ensanse, ki pa mennen
nan okenn rezilta e ki abouti nan echèk yon lavi, aprè yon gran efò ke nou te
fè ak anpil lapenn pou konstwi yon bagay.
Granmèt la vle
montre nou kijan pou nou poze fondasyon ki solid, kote baz la kapab soti nan
fason nou pratike ansèyman li yo, sa vle di nan fason nou viv yo chak jou.
Dispozisyon n’ap
pran chak jou pou nou viv ansèyman Kris la dwe abouti nan rezilta konkrè, si
rezilta yo pa ka definitif, men swa dwe ede nou viv ak kè kontan ak rekonesans,
lè nou ap ekzamine konsyans nou leswa avan nou dòmi.
Kè kontan nou
jwenn lè nou pote yon ti viktwa sou pwòp tèt nou dwe ede nou angaje nou nan lòt
batay, e fòs la p’ap manke nou, avèk konkou lagras Bondye, pou nou pèsevere
jiska lafen.
LAPRIYÈ: Reveye pouvwa ou, Granmèt,
pote nou sekou ak gran fòs ou, pou sa peche nou yo te jennen yo, favè bon kè ou
fè yo rive pi vit. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:M’ap kraze kay relasyon mwen te fonde sou ipokrizi a pou mwen ka rebati li
sou renmen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario