Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Jou sa a, je avèg yo ap wè»
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 29,
17-24
Men pawòl Granmèt Bondye :
«Nan kèk tan, nan yon ti moman, èske mwen p’ap fè Liban an tounen yon jaden,
jaden an menm, l’ap vin tankou yon gran rak bwa? Jou sa a, moun soud yo ap tande
pawòl liv la, je avèg yo ap sòti nan fènwa ak nan vwal la pou yo wè. Moun ki
tou dou yo, y’ap jwenn plis kè kontan nan Granmèt la, pòv yo ap danse nan sen
Izrayèl la; paske moun ki t’ap fè pwofitè a, li tonbe; moun ki t’ap pase Bondye
nan rizib la, li fini; e y’ap peri tout moun sa yo ki t’ap pase tan yo ap fè sa
k’ mal la, moun ki te konn ap fè lòt yo fè peche nan pawòl, ki te konn ap mèt
jijman an anba pye yo nan tribinal la, ki te konn ap fè moun kòrèk la tonbe
akòz manti yo.
Se pousa, men pawòl Granmèt la pou kay Jakòb la, li menm ki delivre Abraam:
«Jakòb p’ap wont ankò, figi l’ p’ap wont ankò; men lè l’ap wè pitit li yo, travay men m’ fè, y’ap fè wè
jan non m’ sen, y’ap fè wè jan sen Jakòb la li sen tout bon vre, y’ap preche
Bondye Izrayèl la; moun ki fèb nan lespri, y’ap gen konpreyansyon, rebèl yo ap
aprann lalwa a».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 26, 1.4.13-14
(r.: la)
R/ Granmèt la se limyè m’ak delivrans mwen.
Granmèt la se limyè m’ak delivrans mwen, ki moun pou m’ pè ?
Granmèt la se pwoteksyon lavi m’, devan ki moun pou m’ tranble ? R.
Yon sèl bagay mwen mande Granmèt la, se sa m’ap chèche : abite lakay
Granmèt la tout tan lavi m’, pou m’ wè dousè Granmèt la, pou m’ vizite kay sakre
l’ la.R.
Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la nan tè vivan yo. Tann Granmèt la, pran
kouraj, asire kè ou, apuiye sou Granmèt la.R.
LEVANJIL
«Antan yo kwè nan Jezi, de
avèg yo geri».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 27-31
Lè sa a :
Pandan Jezi ap travèse, de avèg ap suiv li antan y’ap rele byen fò, y’ap di :
«Pitye pou nou, pitit David». Lè l’ rive nan kay la, avèg yo pwoche kote l’.
Jezi di yo : «Èske nou kwè mwen kapab fè sa pou nou?»
Yo di l’ : «Wi, Granmèt».
Lè sa a atò li touche je yo, li di : «Daprè lafwa nou, se pou sa fèt
pou nou». Je yo louvri vre.
Jezi fè yo menas, li di : «Fè atansyon pou pèsòn pa konnen.»; yo menm
lè yo sòti, yo gaye nouvèl la nan tout peyi sa a.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Mezanmi, an nou reveye nou puiske Tan
Lavan an rive sou nou. Jodi a se premye vandredi nan Tan Lavan an, ki se yon
tan espesyal pou nou prepare kè nou pou nou resevwa pwomès Bondye yo, antan nou
rete ap veye nan lapriyè, pataj.
Menm jan nou lè yon moun ap vin lakay nou, nou fè anpil preparasyon pou n’
kapab byen akeyi moun nan ; pou Jezi se pi rèd.
Depi Fèt Kris wa rive, ane litijik la chanje, nou sòti nan ane A pou nou
antre nan ane B, kote se Levanjil Sen Mak nou li. Se yon ane ki envite nou pou
n’ fè yon ti efo pou n’ balanse aksyon nou epi mezire pawòl nou. Tan Lavn
se yon tan pou n’ pa kite anyen detounen nou, se pou nou chèche imite Lavyèj
Mari ki te medite tout sa li te tande ak sa l’ te wè nan kè li; se yon tan tou
pou n’ fè silans menm jan ak Jozèf. Silans li a, se te respè ak obeyisans devan
Granmèt la.
Fre ak se m yo, jodi a pwofèt Izayi ba nou yon avètisman pou nou pa lage kò
nou nan fè sa k’ mal. Bondye Granmèt la wè tout bagay, gen yon tan k’ap rive,
tout rak bwa pral tounen jaden, lè sa a je avèg yo ap wè, zorèy moun soud yo ap
tande, pawòl la, tout sa ki te chita nan fènwa ak lonbray lamò a, y’ap wè limyè ;
tout sa ki nan lapenn y’a gen kè kontan. Nou menm ki poko kite mal la, kase tèt
tounen vin jwenn Granmèt la.
Gen okazyon yo ofri nou, nou pa dwe pèdi yo, nou wè jodi, nou pa konn
demen, pwofite avètisman sa a pou n’ fè yon chanjman nan lavi nou, pou n’ kapab
goute delivrans Jezi pote pou nou an. Matye rakonte nou : 2 avèg t’ap swiv
Jezi, yo t’ap rele byen fò «Jezi, pitit David la gen pitye pou nou», paske yo
konnen ki moun David te ye, jan li te bon pou pèp la. Epi yo t’ap tann Mesi a
pou delivre yo. Pou yo menm, Mesi a se yon moun ki t’ap vini pou pran pouvwa.
Yon Mesi ki se pou yo sèlman. Pafwa se lide sa sa yo ki konn fè nou vin avèg.
Jezi, antan ke Mesi a, li prezante yon imaj ki trè diferan de sa ki te nan
konsepsyon moun yo, se yon Mesi ki vini pou tout pèp, tout ras, sitou sila yo
ki pi meprize yo, sila yo k’ap soufri, ki grangou, ki malad.
Si jodi a n’ap soufri, yon jou n’a gen kè kontan.
Ann chache Bondye tankou de avèg yo pou nou ka jwenn fòs ak kouraj, atan
nou rete vijilan nan lapriyè, kote n’ap tann Mesi a k’ap vin konble nou ak kè
kontan.
LAPRIYÈ : Jezi, Pitit
David, pitye pou nou.
PWOPOZISYON :
Tan Lavan envite mwen
espere nan Jezi ki te vini, ki la, e k’ap retounen. Mwen pral rankontre li jodi
a nan yon moun ki senp : yon ti moun, yon malad, yon prizonye, yon
granmoun.
No hay comentarios:
Publicar un comentario