Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Y’ap pran pitye pou ou, lè
yo tande vwa rèl ou a»
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 30,
19-21. 23-26
Men pawòl Granmèt Bondye, Sen Izrayèl la :
«Pèp Siyon an ap abite Jerizalèm ; li p’ap kriye ankò, y’ap pran pitye
pou ou, lè yo tande vwa rèl ou a ; kon yo tande, menm lè a y’ap reponn ou.
Granmèt la ap ba nou pen nan tray nou, ak dlo nan kè sere nou, li p’ap fè
moun k’ap ba ou lansèyman an kite ou ankò, je ou ap wè mèt ou a, zòrèy ou ap
tande pawòl sila a k’ap ba ou avètisman dèyè do ou la : «Men wout la: mache
ladan l’»; nou p’ap devye ni adwat ni agòch.
L’ap bay semans ou a lapli, kote ou te simen nan peyi ou la; pen an tè a ap
bay la l’ap rich, l’ap gra; jou sa a, mouton an ap jwenn anpil kote pou l’ manje
zèb nan eritaj ou a, bèf ou yo ak ti bourik ou yo, k’ap travay tè a, y’ap manje
yon bon manje ki byen melanje, ki byen vante sou glasi.
Sou tout mòn ki wo ak sou tout ti wotè ki gran, ap gen rivyè dlo k’ap
kouri, jou y’ap touye anpil moun nan, lè kay defans yo ap tonbe yo. Limyè lalin
nan ap tankou limyè solèy la, limyè solèy la ap klere sèt fwa plis tankou limyè
sèt jou, jou Granmèt la ap panse blese pèp li a, jou l’ap geri kote l’ te blese
yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 146, 1-2. 3-4,
5-6 (r.: Is 30, 18)
R/ Se chans pou tout moun k’ap tann Granmèt la.
Fè lwanj Granmèt la, paske sa bon pou yo chante pou Bondye nou, paske sa
bon pou fè lwanj. Granmèt la bati Jerizalèm, li rasanble moun Izrayèl yo ki te
gaye yo.R.
Li menm ki geri kè ki kraze, ki panse blese yo; ki konte kantite zetwal yo,
ki rele yo tout sou non yo.R.
Granmèt nou an gran, pouvwa l’ gran, yo pa kapab sonde sajès li. Granmèt la
soutni moun ki dosil yo, men li rabese moun peche yo jouska tè.R.
LEVANJIL
«Lè l’ wè foul yo, li pran
pitye pou yo».
LEKTI LEVANJIL KI SEN AN
DAPRÈ MATYE Mt. 9. 35-10, 1. 6-8
Lè sa a:
Jezi t’ap mache nan tout vil yo ak bouk yo, li t’ap bay lansèyman nan kay reyinyon
yo, li t’ap preche levanjil rèy nan, li t’ap geri tout maladi ak tout feblès.
Lè l’ wè foul yo, li pran lapenn pou yo, paske yo te bouke, yo te kouche
tankou mouton ki pa gen gadyen. Lè sa a li di disip li yo: «Rekòlt la anpil, men
travayè yo se yon ti kras yo ye, lapriyè Granmèt rekòlt la, pou l’ voye travayè
nan rekòlt li a».
Li rele douz disip li yo, li ba yo pouvwa sou lespri papwòp yo, pou yo chase
yo, pou yo geri tout maladi ak tout feblès ; disip sa yo, Jezi voye yo,
antan l’ ba yo konsiy, li di :
«Ale kot mouton yo k’ap peri nan kay Izrayèl la. Ale, preche, se pou nou di :
«Rèy syèl yo rive». Geri malad yo, leve mò yo, pwòpte moun ki gen maladi lalèp
yo, chase demon yo. Nou te resevwa gratis, se pou nou bay gratis».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON :
Pawòl Bondye pou jodi a ap montre nou kòman li nesesè pou nou angaje nou nan
sèvis renmen an, rekòt la anpil men manke travayè, lapriyè mèt rekòt la pou
voye travayè.
Jezi te vin sou tè a li te pase anpil bon moman pami nou, li te vini
spesyalman pou yon misyon byen detèmine : manifeste Wayòm Bondye a sou tè
a, pote sekou bay tout moun ki nan bezwen, geri malad, chase move lespri epi
libere lòm totalman anba tout sa ki anpeche li viv kòm pitit Bondye.
Jodi a Jezi pa la avèk nou fizikman, men sa pa vle di ke misyon Bondye a
pa dwe kontinye, puiske menm pwoblèm Jezi te konn lite kont yo a toujou ekziste
nan tan n’ap viv la ; se pou sa Jezi ap di nou jodi a ke travay la anpil
men manke ouvriyè.
Chak fwa yon moun mande Granmèt la pou l’ eklere l’ nan yon chwa ke li vle fè nan lavi li (sa nou
rele vokasyon an), se ofri li ofri tèt li pou kontinye akonpanye mouton ki pou
kont yo, e chak moun ki akonpanye yon gwoup mouton, li se yon pastè ki pran
rasin li nan gran Pastè a ki se Jezikri.
Chak moun sou latè gen yon vokasyon ak yon misyon pou lavi li; sa vle di
Bondye rele chak moun pou travay nan fason pa li, pou konstwi wayòy li an. Nou
konstwi wayòm Bondye a, se lè aktivite nou yo degaje pafen lanmou, se lè nou
ede moun viv, se lè nou montre nou se anbasadè lanmou Kris la nan fason nou viv
byen youn ak lòt, nan fason chak mou nap veye sou byen lòt la.
Ou menm ki santi Bondye rele w’ pou swiv li nan lavi maryaj la, ou
dwe konnen se la li vle ou akonpanye mouton yo, pa ret kwè ke se p’ap la, evèk
yo, pè yo, mè yo ki gen chaj akonpanye moun ki san sekou yo.
Nou chak k’ap viv jodi a, Bondye rele nou, l’ap di nou ke travay la
anpil, travay la depase pè yo, li depase mè yo, ebyen se ou menm, se mwen menm
se nou tout ki pou met tèt ansanm pou nou ka kontinye misyon Jezi a.
Nou menm ki deja ofri tèt nou nan sèvi frè nou yo nan lavi relijyez la,
ann nou rekonsidere enpòtans kalite responsablite ak misyon sa a, ki se
pwolonjman misyon Kris la menm. An nou
ankouraje jèn yo pou yo ka angaje yo, paske nou menm nou pa la pou tou tan, se
pase n’ap pase.
Annou reafime lafwa nou ak angajman nou, puiske nou pa pou kont nou,
Granmèt Bondye nou an avèk nou, l’ap fè wout avèk nou.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, Bondye lavi a, tanpri ban
ou Lespri Bon konprann nan, Lespri disèneman k’ap fè nou dekouvri sa w’ap tann
nan men nou, atravè apèl w’ap fè nou chak jou. Nou tèlman gen vwa k’ap rele
nou, tanpri ede nou koute vwa pa ou.
PWOPOZISYON :
Pote sèvis ou bay nan yon aktivite pawas oubyen nan yon gwoup ki ofri tèt yo
nan akonpanye pèp Bondye a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario