Koulè Vyolèt
DEZYÈM SEMÈN LAVAN
DEZYÈM DIMANCH LAVAN, ANE B
PREMYE LEKTI
«Pare chemen Granmèt la»
LEKTI LIV PROFÈT IZAYI 40,
1-5. 9-11
«Konsole, konsole, pèp mwen, deklarasyon Bondye nou an. Pale ak kè Jerizalèm,
ankouraje l’, paske mechanste l’ la fin disparèt, fot li a efase, li fin resevwa
nan men Granmèt la doub pou tout peche l’ yo».
Vwa sila a k’ap rele nan savann nan: «Pare chemen Granmèt la, drese santye
Bondye nou yo nan savann nan. Tout gòj ap leve, tout mòn ak bit tè ap bese, sa k’
kwochi yo ap vin dwat, sa k’ gen twou yo ap vin tounen chemen egalize, bèlte
Granmèt la ap devwale, tout chè ap wè ansanm se bouch Granmèt la ki pale».
Monte sou yon mòn ki wo, ou menm k’ap anonse bòn nouvèl la bay Siyon ;
leve vwa ou byen fò, ou menm k’ap anonse bon nouvèl la bay Jerizalèm ; leve,
pa pè, di vil Jida yo: «Men Bondye nou an, men Granmèt Bondye a k’ap vini ak
fòs, bra l’ap kòmande: men rekonpans li avèk li, travay li devan l’. Tankou yon
gadyen ap gadiyen bann mouton l’, l’ap rasanble mouton yo ak bra l’, l’ap leve
yo sou lestomak li, l’ap pote sa k’ plenn yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 84, 9ab-10.
11-12. 13-14 (r.: 8)
R/ Fè nou wè kè sansib ou a Granmèt, delivrans ou a, ba nou li.
M’ap koute sa Granmèt Bondye ap di, se lapè l’ap pale pou pèp li a ak sen l’ yo. Reyèlman vre, delivrans li a tou pre moun ki respekte
l’ yo, pou bèlte a abite sou tè nou an.R.
Kè sansib ak verite rankontre, jistis ak lapè anbrase. Verite a leve sot
sou tè a. Jistis la panche sot nan syèl la.R.
Wi, Granmèt la ap bay bon kè, tè nou an ap bay fwi l’. Jistis ap mache devan
l’, l’ap poze pye l’ sou wout la.R.
DEZYÈM LEKTI
«Se nouvo syèl yo ak nouvo
tè a n’ap tann.»
LEKTI DEZYÈM LÈT APOT PYÈ KI
SEN 3, 8-14
Gen yon bagay ki pa dwe kache pou nou, nou menm mwen renmen anpil la, sèke
yon sèl jou kot Granmèt la tankou mil ane, epi mil ane tankou yon sèl jou.
Granmèt la pa mize pou l’ reyalize pwomès li a, tankou kèkzen konprann nan; men
se avèk pasyans l’ap aji poutèt nou, paske li pa vle pou kèkzen peri, men li vle
pou tout moun tounen fè penitans. Sèlman, jou Granmèt la ap rive tankou yon
vòlè, lè sa a syèl yo ap pati avèk gran bwi, tout bagay ap fonn nan chalè a, tè
a menm avèk bagay ki ladan l’, y’ap boule.
Konsa kòm tout bagay sa yo gen pou yo dekonpoze, nou pa bezwen mande kijan
nou dwe konpòte tèt nou nan konduit ki sen e ki fè n’ zanmi Bondye, antan n’ap
tann e n’ap avanse pou nou rankontre jou Granmèt la k’ap vini an, jou sa a syèl
yo ap dekonpoze antan y’ap boule a, jou sa a tout bagay ap disparèt nan chalè
dife a? Sèke se nouvo syèl yo ak nouvo tè a n’ap tann daprè pwomès li a, kote
jistis la abite a.
Poutèt sa, nou menm mwen renmen anpil la, antan n’ap tann bagay sa yo, se
pou nou fè efò pou l’ jwenn nou san tach ak san repwòch nan lapè.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Drese santye Granmèt yo dwat».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ MAK KI SEN 1, 1-8
Kòmansman Levanjil Jezikri Pitit Bondye.
Jan sa ekri nan pwofèt Izayi a : «Men mwen voye Mesaje m’ nan devan
fas ou, l’ap prepare chemen ou nan devan ou. Vwa sila a k’ap rele nan savann nan :
«Pare chemen Granmèt la, drese santye l’ yo dwat».
Jan te nan savann nan ; l’ap batize, l’ap preche yon batèm penitans
pou padon peche yo. Tout rejyon Jide a ak tout moun Jerizalèm te sòti vin jwenn
li, yo t’ap resevwa batèm nan men l’ nan larivyè Jouden an, antan y’ap konfese
peche yo.
Jan te abiye avèk pwal chamo, yon senti po te pase nan tay li, se krikèt ak
myèl sovaj li te konn manje, li t’ap preche, antan l’ap di : «Gen yon moun
ki pi fò pase m’ k’ap vini aprè m’, mwen pa merite bese pou m’ delase kòd sapat
li yo. Mwen menm mwen te batize nou nan dlo, li menm menm l’ap batize nou nan lespri
Sen an».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Depi lontan, Jezi mouri epi li leve ankò pou ba
nou lavi ki p’ap janm fini an. Nou santi sa nan kè nou, sa ba nou kouraj ak
lespwa. Depi lè Jezi te fè sa, se te premye jou Wayòm li an, Wayòm nan inogire.
Gen anpil sityasyon nan lavi nou ki vin amelyore gras a kretyen vivan k’ap mete
renmen, pataj ak padon nan sosyete a, onon Jezi. Nou wè sa.
Epoutan,
nenpòt moun kapab di w’ konsa, Wayòm Bondye a poko fin etabli nèt, paske peyi
nou an gen kriz, gen mizè ak grangou, gen moun k’ap fè mechanste. Tout tan se
pwoblèm. Granmèt la pa renmen bagay sa yo. Si se li menm k’ap kòmande vre, bagay
sa yo pa ta gen dwa ekziste, men yo la.
Sa vle di, Wayòm Bondye a
inogire, li kòmanse, men gen yon pati ki manke. Se sa n’ap tann toujou. Kounye
a se «dèyè mòn gen mòn», men ap gen yon jou, l’ap plen gòj yo, l’ap bese mòn yo,
pou nou ka mache pi alèz. Nan lekti pwofèt Izayi nou sòt li a, Granmèt la fè
nou pwomès, jou sa a pa lwen rive.
Nan dezyèm moso Labib nou li
jodi a, Sen Pyè fè nou konprann pou ki sa Bondye mande nou gen pasyans konsa. Si
Granmèt la poko fin kaba ak tout mechanste ki genyen nan lemond, se paske l’ap
ba nou okazyon konvèti, pou nou pa peri lè l’ fin etabli Wayòm li an nèt, paske
se nou menm k’ap fè mechanste a.
Jodi
a se 7 desanm, jou k’ap 25 la n’ap fete fèt Nesans Jezi. Menm jan yon manman ki
ansent konnen jou a ap rive pou li akouche, li poko wè jou a men li gen lespwa,
se konsa tou n’ap tann Wayòm Bondye a. Si nou gen pwoblèm pandan n’ap tann yon lavi
miyò, nou pa bezwen dekouraje. Se tankou lè yon fi ap vomi epi li konn toudi,
sa se yon siy li gen yon bebe nan vant li. Se yon lavi tounèf k’ap fòme.
LAPRIYÈ: Granmèt, nou pa bliye pwomès ou te fè
nou: n’ap tann yon peyi tou nèf kote tout moun ka viv ak kè poze. Nou konte sou
ou! Amèn.
PWOPOZISYON:Kòman pou m’ viv pandan m’ap
tann jou a rive?
No hay comentarios:
Publicar un comentario