Páginas

LENDI 8

Koulè Blan (ou Ble)
IMAKILE KONSEPSYON LAVYÈJ MARI
(FÈT)
PREMYE MOSO LABIB
“M’ap poze rayisans ant ras ou ak ras madanm nan”
NAN LIV LAJENÈZ 3, 9-15. 20
Lè Adan fin manje nan pye bwa a, Granmèt Bondye rele l’, li di l’: “Kote ou?”
Adan di: “Mwen te tande vwa ou nan paradi a, mwen te pè, paske mwen te nikò, mwen kache kò m’”.
Bondye di: “Ebyen kilès ki te montre ou ou te nikò, sinon paske ou manje nan pye bwa a, sa m’ te pase ou lòd pou ou pa t’ manje ladan l’ nan?”
Adan di: “Se madanm nan ou te ban mwen kòm asosye a, se li menm ki ban m’ nan pye bwa a, epi mwen manje”.
Granmèt Bondye di madanm nan: “Pouki ou fè sa?”
Li reponn: “Se sèpan an ki twonpe m’, epi mwen manje”.
Granmèt Bondye di sèpan an: “Poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan tout vivan ak tout bèt ki sou tè a: sou vant ou w’ap mache, epi se tè w’ap manje pandan tout tan lavi ou. M’ap mete rayisans ant ou menm ak madanm nan, ant ras ou ak ras li; li menm l’ap kraze tèt ou, ou menm w’ap met pyèj nan talon l’”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 97, 1. 2-3ab. 3c-4
R/ Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, paske li fè mèvèy.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, paske li fè mèvèy.
Glwa sove a parèt gras a men dwat li, ak bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen sove l’ la, devan fas nasyon yo li devwale jistis li. Li sonje mizerikòd li ak verite l’ pou kay Izrayèl.R.
Tout limit tè a ap wè sove Bondye nou an. Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Bondye te chwazi nou nan Jezikri anvan tè a te fèt”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU EFEZYEN YO 1, 3-6.  11-12
Konpliman pou Bondye, Papa Granmèt nou Jezikri, li menm ki beni nou nan tout benediksyon Lespri a nan syèl la nan Jezikri; se konsa li te chwazi nou nan li anvan tè a te fèt, pou nou te kapab sen, san tach devan fas li nan renmen an; li menm ki te destine nou davans pou nou te vin tounen pitit adoptif pa lentèmedyè Jezikri pou li menm, daprè desizyon volonte l’, pou lwanj glwa gras li, gras li sa a li fè nou jwenn nan Pitit li a li renmen an.
Se nan li menm menm yo te rele nou kòm eritye, nou menm yo te mete apa depi davans, selon desizyon l’ k’ap kondui tout bagay selon plan volonte li a, pou nou vin sèvi lwanj bèlte li, nou menm ki t’ap espere davans nan Jezikri a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Sali, ou menm ki plen gras, Granmèt la avèk ou”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 1, 26-38
Lè sa a:
Bondye voye zanj Gabriyèl nan yon vil Galile, yo rele Nazarèt, kot yon vyèj ki te fiyanse ak yon mesye, yo rele Jozèf, nan ras David, non vyèj la se te Mari.
Zanj la antre kote l’, li di: “Sali, ou menm ki plen gras, Granmèt la avèk ou, ou beni nan pami tout fi”.
Lè l’ tande sa, li twouble poutèt pawòl zanj la, li t’ap kalkile ki kalite mòd salye sa a.
Zanj la di l’: “Pa pè, Mari; ou jwenn gras kot Bondye: men w’ap ansent w’ap fè yon ti gason, w’ap rele non l’ Jezi. L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sa a ki anwo nèt la, Granmèt Bondye ap ba l’ twòn David papa l’, l’ap kòmande kòm wa nan ras Jakòb la pou tout tan, peyi wa l’ la p’ap janm fini”.
Mari menm di zanj la: “Kijan sa ap fèt, paske lèzòm mwen pa konnen?”
Zanj la reponn, li di l’: “Se Lespri Sen an k’ap vin desann nan ou, fòs Sa a ki anwo nèt la ap kouvri ou ak lonbraj li. Se pousa, sa a k’ap fèt sot nan ou a, sen an, y’ap rele l’ Pitit Bondye. Gade Elizabèt, kouzin ou an, li menm tou li ansent yon ti gason pandan l’ tou vye a; mwa sa a se sizyèm nan, pou sa a yo rele pa ka fè pitit la; sèke pa gen anyen ki enposib kot Bondye”.
Mari menm di: “Men sèvant Granmèt la; se pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a”. Epi zanj la kite l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Gen yon nèg ki konn bat madam li. Nou pa dakò sa, epi nou mande l’ pou ki sa li fè sa. Nèg la di nou si l’ bat madam li, se pa fòt li, se paske lè li te timoun, se sa l’ te wè papa li te konn fè, ak manman li. E papa nèg nou an li menm, l’ap di nou se pa fòt li tou, si l’ te konn vyolan konsa, se paske papa pa li te konn fè sa tou.
Se yon ekzanp, si n’ fouye nan rasin peche nou yo, n’ap monte jis nan premye zansèt nou yo, ki se Adan ak Èv. Gen lè se yo menm ki te fè premye peche, ki fè nou tout kondisyone, pou nou fè peche tou.  Se sa nou rele “peche orijinèl la”. E menm yo menm, daprè premye moso Labib n’ap li jodi a, yo pa rekonèt si yo antò tou. Adan di se Èv ki fè l’ manje fwi a, Èv di se sèpan an ki fè l’ bay Adan li. Ala koze!
Men nan mitan tout istwa sa a, gen yon bon Nouvèl tou: nou pa bezwen konnen kiyès ki antò. Jezi vin montre nou kòman pou nou libere ak chèn peche a k’ap pote traka pou nou. Jezi te fèt san peche orijinèl, pou li te ka montre nou sa k’ pi orijinèl nan nou, plis pase peche orijinèl la, se renmen Bondye a ki nan kè nou. Bondye te kreye nou pou nou sanble avè l’. Si nou sal imaj Granmèt la ki nan fon kè nou, Jezi ap padone nou, l’ap ba nou mwayen pou n’ netwaye l’. Lè nou batize, li wete peche orijinèl la nan kè nou.
Premye moun ki te libere konsa, ki te plen renmen Bondye a san okènn mechanste nan kè l’, se Mari. Bondye fè l’ fèt san peche orijinèl, pou li te ka fè Jezi epi leve l’ san l’ pa transmèt okènn mal, konsa Jezi te byen fòme pou li te ka sove nou. 
Lè Bondye vle fè yon bagay pou nou, li pran tan l’, li prepare teren an davans!
LAPRIYÈ: Manman Mari, ou montre nou koman pou n kenbe kè nou pwòp.Tanpri, priye pou nou! 

PWOPOZISYON: Jezi ap envite m’ chanje mantalite mwen, pou m’ kite peche m’ yo, vin sanble ak Bondye ankò.  

No hay comentarios:

Publicar un comentario