Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Bondye konsole pèp li a»
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 40,
1-11
«Konsole, konsole, pèp mwen, deklarasyon Bondye nou an, pale ak kè Jerizalèm,
ankouraje l’, paske mechanste l’ la fin disparèt, fot li a efase, li fin resevwa
nan men Granmèt la doub pou tout peche l’ yo».
Vwa sila a k’ap rele nan savann nan : «Pare chemen Granmèt la, drese
santye Bondye nou yo nan savann nan. Tout gòj ap leve, tout mòn ak bit tè ap bese,
sa k’ kwochi yo ap vin dwat, sa k’ gen twou yo ap vin tounen chemen egalize,
bèlte Granmèt la ap devwale, tout chè ap wè ansanm se bouch Granmèt la ki pale».
Vwa sila a k’ap di a: «Rele». Epi mwen di : «Ki sa pou m’ rele a?» «Tout chè se zèb, tout bèlte l’
tankou flè jaden. Zèb la seche, flè a tonbe, paske lespri Granmèt la soufle nan
li. (Reyèlman vre se zèb pèp la ye). Zèb la seche, flè a tonbe ; men pawòl
Granmèt nou an dire pou tout tan».
Monte sou yon mòn ki wo, ou menm k’ap anonse bòn nouvèl la bay Siyon ;
leve vwa ou byen fò, ou menm k’ap anonse bòn nouvèl la bay Jerizalèm ; leve,
pa pè, di vil Jida yo : «Men Bondye nou an, men Granmèt Bondye a k’ap vini
ak fòs, bra l’ap kòmande : men rekonpans li avèk li, travay li devan l’.
Tankou yon gadyen ap gadiyen bann mouton l’, l’ap rasanble mouton yo ak bra l’,
l’ap leve yo sou lestomak li, l’ap pote sa k’ plenn yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 95, 1-2.3 e 10ac.
11-l2. 13 (r.: Iz 40, 9-10)
R/ Men Bondye nou an k’ap vini ak fòs.
Chante pou Granmèt la yon kantik nouvo, chante pou Granmèt la, tout tè a. Chante
pou Granmèt la, fè konpliman pou li, anonse jou an jou delivrans li.R.
Anonse bèlte l’ pou nasyon yo, nan tout pèp yo mèvèy li yo. Di nan nasyon yo :
«Granmèt la wa», l’ap jije pèp yo nan jistis.R.
Se pou syèl yo kontan, pou tè a danse, pou lanmè a sonnen ansanm ak tout sa
k’ plen l’ ; Jaden yo ap kontan ansanm ak tout sa ki nan yo. Lè sa a tout
bwa nan rak yo ap danse.R.
Devan fas Granmèt la, paske l’ap vini, paske l’ap vini pou l’ jije tè a.
L’ap jije fas tè a nan jistis epi pèp yo nan verite l’.R.
LEVANJIL
«Bondye pa vle pou moun ki
fèb yo peri»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ MATYE KI SEN 18, 12-14
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Sa nou di nan sa? Si yon moun gen san mouton, epi youn nan yo pèdi wout,
èske li p’ap kite katrevendisnèf lòt yo nan mòn yo, pou l’ al chèche sa k’ pèdi
wout la? Si l’ rive jwenn li,
an verite mwen di nou, l’ap pi kontan pou li pase pou katrevendiznèf yo ki pa t’
pèdi wout. Se konsa, se pa volonte Papa nou ki nan syèl la, pou youn nan ti
piti sa yo peri.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Tankou nou konnen
sa deja, pwofèt Izayi se yon gran figi nan tan Lavan an, k’ap ankouraje nou pou
nou viv nan lespwa, paske pwomès Bondye yo pa lwen reyalize pou nou. Li envite
nou fè preparasyon nan kè nou pou nou ka resevwa lagras Bondye a. Dezyèm pèsonaj ki domine Tan Lavan an, se Jan
Baptis ki te vin anonse nou ke Granmèt la pre rive, kidonk se pou nou prepare
nou pou nou akeyi li.
Men li enpòtan pou nou konnen ki kalite
preparasyon nou ka fè nan kè nou, nan lavi nou.
Jodi a, Jezi ap aprann nou ke Bondye vle tout moun sove
alawonnbadè, e li pa vle pou youn pèdi (Mt 18,4). Avèk parabòl gadò mouton an
k’ap chache sila ki pèdi a, Jezi prezante yon imaj ki touché kretyen yo nan
santiman.
Volonte Bondye se pou tout moun sove. Jezi te bay tèt li san
kondisyon sou lakwa a pou li te ka ede nou refè zanmitay nou ak Papa a.
Nou menm kretyen nan tan jodi a, nou dwe pataje santiman sa
a: Se pou tout moun sove epi rive konnen verite a! Nou tout nou se mouton ak gadò.
Petèt se nou menm ki ka bay anpil lòt moun chans pou tounen
nan kè kontan lafwa ak lavi lagras la, tankou, mari nou, madanm nou, pitit nou,
paran nou, zanmi nou.
Li toujou posib pou nou abandone katrevendiznèf pou san nan
prewokipasyon nou yo, pou nou priye epi ede yon moun ki pwòch nou, ke nou
renmen epi nou konnen nesesite espirityèl li.
Gras ak lapriyè, ak lafwa la ki pouse nou renmen an, nou
kapab ede yo konvèti, tankou ekzanp Sent Monik avèk pitit li Ogisten ki te
eksplike kòman lagras la aji nan li pou li te fè li pran wout sentete a.
Se pou manman Mari, Manman Bon Gadò a, entèsede pou
nou ka jwenn lagras pou nou konvèti.
LAPRIYE : Bondye Granmèt, tanpri ede nou
kase tèt tounen vin jwenn nou, puiske ou toujou dizpose pou ou ba nou yon lavi
tou nèf.
PWOPOZISYON : Vizite
yon moun ki gen yon andikap kip a pèmèt li mache, pote yon mesaj lespwa pou li.
Si sa posib pote yon bagay materyèl pou li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario