Koulè
Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Bondye ki gen tout pouvwa a
bay sa ki fatige a fòs».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 40,
25-31
«Ak ki sa nou fè m’ sanble, nou konpare m’?» deklarasyon Sen an. Leve je
nou nan syèl anwo nèt la, epi gade: kilès ki te kreye bagay sa yo, ki fè lame
yo sòti nan ran an, ki rele yo tout daprè non yo? Akòz grandè fòs ak pouvwa ak
otorite l’, pa gen youn ki rete.
Pouki sa w’ap di, Jakòb, w’ap deklare Izrayèl : «Chemen m’ nan kache devan
Granmèt la, jijman m’ nan pati sot devan Bondye m’ nan?» Èske ou pa konnen,
oubyen ou pa t’ tande ? Se Bondye tout tan an, Granmèt la, ki te kreye
limit tè a, li p’ap febli, li p’ap bouke, pa gen fon pou sajès li. Li menm ki
bay sa k’ fatige a fòs, sila yo ki pa ekziste yo li ba yo fòs, li devlope fòs
la. Timoun yo febli, yo bouke, jenn jan yo tonbe ak feblès ; men sila yo
ki espere nan Granmèt la yo jwenn fòs tou nèf, yo pran zèl tankou malfini, yo
kouri epi yo pa bouke, yo mache epi yo pa febli.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 102, 1-2. 3-4. 8 e
10 (r.: l a)
R/ Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen.
Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen ; tout sa k’ andan m’, fè
konpliman pou non l’ ki sen. Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen, pa bliye
tout sa l’ fè yo.R.
Li menm ki padonnen tout fot ou yo, ki geri tout maladi ou yo ; li menm
ki delivre lavi ou sot nan fòs la, ki kouwonnen ou ak kè sansib, ak pitye.R.
Granmèt la pran pitye, li gen kè sansib, li pran pasyans, li gen anpil kè
sansib. Se pa daprè peche nou
yo li trete nou, ni daprè fot li renmèt nou yo.R.
LEVANJIL
«Vin jwenn mwen, nou tout k’ap
redi».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ MATYE KI SEN 11, 28-30
Lè sa a: Jezi pran lapawòl li di:
«Vin jwenn mwen, nou tout k’ap fatige, k’ap redi anba gwo chaj, m’ap refè
fòs nou. Pran jouk mwen sou nou, pran leson nan men m’, paske mwen tou dou, mwen
pòv nan kè m’; n’ap jwenn repo pou nam nou; jouk mwen fasil pou pote, chaj mwen
lejè».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Jezi ap mennen nou al repoze nan Bondye. San
dout Bondye se yon Papa ekzijan, paske li renmen nou epi li envite nou ba li
tout bagay, men se pa yon bouwo. Lè li ekzije yon bagay, se pou nou ka grandi
nan renmen li an. Sèl kòmandman li ba nou, se pou nou aprann renmen. Nou ka
soufri akoz lanmou, konsa tou kè nou ka kontan, nou ka repoze gras ak lanmou.
Lè
nou dosil nan men Bondye sa libere nou epi sa fè kè nou vin gran. Se poutèt sa
Jezi, ki envite nou renonse pwòp tèt nou pou nou pran kwa nou epi swiv li, li
di nou: « Jouk mwen fasil pou pote, chaj mwen lejè» (Mt 11,30). Menm si pafwa
sa koute nou pou nou obeyi Bondye, lè nou fè volonte li, finalman nou plen ak
kè kontan: « Fè m’ swiv tras kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn plezi
m’» (Sòm 119,35).
Sa ka rive pafwa nou
fatige, nou plis anvi repoze ke priye. Poutan nou ka santi nesite pou nou
priye, nou priye epi nou dòmi ak kè kontan epi lè nou leve nou soulaje.
Men kèk lòt fwa, fas
ak yon pwoblèm grav, nou kapab deside fè yon lapriyè ki long pou nou ka jwenn
yon solisyon. Men nou ka santi yon vwa pa anndan ki ba nou asirans pou nou pa
bay tèt nou twòp pwoblèm. Konsa nou kapab rete trankil, lè nou remèt tout bagay
nan men Bondye.
Tout sa, se pou nou
konprann ke volonte Bondye, nou kapab jwenn li kote ki gen plis lanmou, men pa
fòseman kote ki gen pi gwo soufrans la. Genyen plis lanmou pou nou repoze gras
ak konfyans la, ke angwas akoz enkyetid la.
LAPRIYÈ: Granmèt, mèsi pou
renmen w’ lan ki libere mwen.
PWOPOZISYON:Jounen jodi a, m’ap pote tout pwoblèm k’ap trakase m’ bay Jezi. M’ap ofri
pwoblèm ki nan fanmi mwen, pwoblèm Legliz la ak pwoblèm peyi a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario