Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Se mwen menm sila a ki delivre
ou la, Sen Izrayèl la»
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 41,
13-20
Mwen menm Granmèt Bondye ou la ki pran ou nan men, ki di ou: «Pa pè, mwen
pote ou sekou».
Pa pè, Jakòb ou ki yon ti vè, nou menm ki te mouri nan Izrayèl la; se mwen
menm ki pote ou sekou, deklarasyon Granmèt la ki delivre ou la, Sen Izrayèl la.
Mwen mete ou tankou yon fouch tou nèf k’ap kraze pay, ki gen dan l’ byen sere;
w’ap kraze mòn yo, w’ap fè yo tounen farin, ni bit tè yo w’ap fè yo vin tounen
tankou pousyè, w’ap vante yo, van an ap bwote yo, toubiyon an ap gaye yo; kanta
ou menm menm w’ap danse nan Granmèt la, nan sen Izrayèl la kè ou ap kontan.
Malere yo ak pòv yo ap chèche dlo, men yo pa jwenn ; lang yo seche ak
swaf. Mwen menm Granmèt la m’ap koute yo, Bondye Izrayèl la mwen p’ap lage yo.
M’ap louvri larivyè sou mòn yo ki pa gen pye bwa yo, nan mitan savann yo m’ap
louvri sous ; m’ap fè dezè a vin tounen letan dlo, tè ki pa gen wout la m’ap
fè l’ vin tounen larivyè dlo.
Nan savann nan, m’ap mete pye sèd, akasya, mit ak pye oliv ; nan dezè a
m’ap mete pye siprè, pye bwapen, pye melèz ansanm, pou yo gade, pou yo konnen,
pou yo sonje, pou yo konprann yo tout, se men Granmèt la ki fè sa, se Sen Izrayèl
la ki te kreye l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 144, 1 e 9.
10-11. 12-13ab (r.: 8)
R/ Granmèt la gen pitye, li gen kè sansib, li gen pasyans, li gen anpil kè
sansib.
M’ap fè lwanj ou, Bondye m’ wa mwen, m’ap fè konpliman pou non ou pou tout
tan ak tout tan gen tan. Granmèt la bon pou tout moun, kè l’ sansib pou tout sa
l’ fè.R.
Y’ap fè lwanj ou, Granmèt, tout sa ou fè yo ; sen ou yo ap fè
konpliman pou ou. Y’ap deklare bèlte rèy ou an, y’ap anonse pouvwa ou.R.
Pou yo fè pitit moun yo konnen mèvèy ou yo, ak bèlte grandè rèy ou an. Rèy
ou an, se rèy tout tan, kòmandman ou nan pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
LEVANJIL
«Pa gen moun pi gran pase
Jan-Batis ki te leve»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ MATYE KI SEN 11, 11-15
Lè sa a: Jezi di foul yo:
«An verite mwen di nou, nan pami moun ki fèt sot nan fi yo, pa genyen ki leve
ki pa gran pase Jan Batis; epoutan sila a ki pi piti nan rèy syèl yo, pi gran
pase l’. Depi jou Jan-Batis yo jous koulye a rèy syèl yo sibi efò, se moun ki
vif ki sezi l’. Tout pwofèt yo ak lalwa a jous Jan yo te fè deklarasyon pwofèt,
epi si nou vle aksepte, se li menm menm Eli sa a ki te gen pou l’ vini an. Moun
ki gen zòrèy pou l’ koute se pou l’ koute».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Levanjil la pale de Jan Batis, Sila ki te vini anonse
nou Mesi a, sila a ki te vin prepare chemen Granmèt la. L’ap akonpaye nou depi
jodi a pou rive jou sèz, jou kote premye pati tan Lavan an ap fini an.
Jan se yon gason vanyan, ki konnen
kijan bagay yo difisil pou nou, li konsyan ke nou dwe lite pou nou vin miyò,
pou nou kapab vin sen, e se poutèt sa Jezi deklare: « Depi jou Jan-Batis yo jous koulye a rèy syèl yo sibi efò, se moun ki vif
ki sezi l’.» (Mt 11,12).
Moun ki vif yo, se moun ki fè
vyolans sou pwòp tèt yo: Èske mwen efase tèt mwen pou mwen aprann konnen
Granmèt la renmen mwen? Èske mwen aprann fè mwen piti? Èske mwen fè jefò pou
mwen pran konsyans epi viv kòm pitit Papa Bondye?
Youn nan pi gwo leson nou kapab
aprann nan men Jan Batis, se imilite. Pa fè tèt nou pase pou sa nou pa ye. Se pou nou viv selon mwayen ak posiblite nou. Se pou
respekte sa lòt la ye. Nou wè Jan Batis, malgre li te yon gran pwofèt, li pa t’
fè grandizè. Okontrè li te fè li tou piti. Se sa k’ fè nan yon lòt kontèks kote
li te remake moun yo te vle konfonn li ak Mesi a, Jan Batis te di yo li pa menm
merite pou li lage lasèt soulye Jezi.
Li te vini anonse vini Mesi a, e li
te sèlman ap ankouraje moun yo pou fè yon batèm konvèsyon pou yo te manifeste
yon volonte chanjman enteryè nan lavi yo. Poutan, lè Jezi rive nan moman pa li,
Jan Batis pral prezante li pou: Men Mouton Bondye ki wete peche sou tè a.
Konsa, frè ak sè m’ yo, an nou
prepare nou, an nou chanje atitid nou pou nou ka akeyi Jezi, ki te vini, ki la
e k’ap vini.
LAPRIYE: Reveye kè nou, Granmèt, pou nou pare wout Sèl Pitit ou a, pou lè l’ rive,
nou merite sèvi ou avèk kè nou pwòp. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Viv nan
imilite antan m’ap sèvi lòt yo, se yon mwayen pou mwen prepare vini Jezi a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario