Páginas

VANDREDI 12

Koulè Blan (ou Ble)
FÈT NOTREDAM GWADALOUPE, PATWÒN AMERIK LA
PREMYE LEKTI
«Si ou te kapab koute kòmandman m’ yo !»
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 3, 17-19
Men pawòl Granmèt la, sila a ki aprann ou sa k’ sèvi ou, k’ap dirije ou sou wout la, kote w’ap mache a. Si ou te kapab koute kòmandman m’ yo! Lapè ou la ta tankou yon larivyè, jistis ou a ta tankou lanm lanmè yo! Ras ou ta tankou sab, desandans ki sòti nan vant ou ta tankou grenn sab li; non l’ pa t’ap pati, pa t’ap efase sot devan fas mwen!»
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 1, 1-2. 3. 4 e 6 (r.: cf. Jn 8, 12)
R/ Moun ki suiv ou, Granmèt, l’ap gen limyè lavi a.
Ala kontantman pou moun ki pa alé nan réyinion moun ki pa respekte Bondye yo, ki pa kanpe nan chemen moun peche yo, ki pa chita nan gwoup moun k’ap pase lalwa a nan rizib yo, men se nan lalwa Granmèt la volonte l’ ye, se nan lalwa l’ la l’ap kalkile lajounen ak lannuit.R.
L’ap tankou yon pye bwa ki plante sou bò kouran dlo, k’ap donnen fwi l’ nan tan li; li p’ap pèdi fèy li, tout sa l’ap fè ap reyisi.R.
Se pa konsa pou moun ki pa respekte Bondye yo, se pa konsa, men y’ap tankou pousyè van ap voye jete.Sèke Granmèt la konnen chemen moun kòrèk yo, men wout moun ki pa kòrèk yo ap peri.R.
LEVANJIL
«Yo pa koute ni Jan ni Pitit moun nan»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 11, 16-19
Lè sa a: Jezi di foul yo:
«Ak ki sa mwen ta konpare jenerasyon sa a? Li sanble ak ti gason yo ki chita sou laplas, k’ap rele zanmi yo, y’ap di : «Nou chante pou nou, epi nou pa danse ; nou chante chante dèy, epi nou pa kriye».
«Reyèlman vre Jan rive, li pa manje, li pa bwè, epi yo di: «Se yon demon li genyen!» Pitit moun nan rive l’ap manje epi l’ap bwè, epi yo di: «Min yon moun voras, yon moun k’ap bwè diven, yon zanmi pibliken yo ak pechè yo!» Ebyen sajès la jwenn pitit li yo ki rann li jistis».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Jodi a Legliz la ap fè memwa Notre Dam Gwadaloupe, Patwòn Ameriken. N’ap priye Granmèt pa lentèsesyon l’ pou l’ede nou mache nan chemen ki korèk, espesyalman pandan tan fò sa a ki se Tan Lavan.
Anpil fwa nan lavi a, nou pa konn sa nou vle : nou pa konen ki sa ki fè kè nou kontan ni kisa ki fè nou tris. Koute sa Izayi di nan premye lekti a : Granmèt la k’ap pale, si nou te kapab aprann sa k’ sèvi nou bousòl pou n’ kab mache daprè kòmandman Bondye yo, nou t’ap ranpli ak lapè, se ta tankou yon larivyè jistis, nou t’ap wè apil bèl bagay, kè nou t’ap kontan toutan.
Tankou nou li nan sòm premye a, se chans pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, moun ki pa rete chita ak moun ki vle jwi : moun sa yo Granmèt la gen yon plan travay, se pou tout moun ki fè sa l’ kòmande. Mezanmi gen okazyon ke nou pa dwe pèdi nan lavi nou, yon seri avataj Granmèt la ap ofri nou.
Lè nou chache fè volonte Bondye nan lavi nou, ebyen li menm li konble nou ak gras li, li fè lapli benediksyon li tonbe sou nou.
Bondye vini rankontre lòm, men lòm nan kache, an patikilye lòm nan tan jodi a. Anpil moun, tankou Ewòd, yo pè. Ge lòt moun, tou senpleman yo santi prezans Bondye deranje yo, moun sa yo rele: «Touye li! Touye li! Klouwe li sou kwa a!» (Jn 19,15).  Jezi se «Bondye-ki-vini» (Benwa XVI) et nou men nou sanble ak «moun-k’ap-pati»: « Li vini lakay moun pa li yo, e moun pa li yo pa resevwa li» (Jn 1, 11).
Pi devan nan tan Nwèl la, nou pral dekouvri: Jezi rive nan fredi ak nan mizè Bètleyèm, li pa vini pou fè nou okenn repwòch; okontrè se tout fot nou yo li kòmanse pran sou ti zèpòl li. Alò, èske nou pral pè li? Èske n’ap fè nou piti menm jan avèk li?
LAPRIYÈ : Bondye ki gen tout pouvwa, tanpri, fè pèp ou a favè pou l’ ret ap tann Sèl Pitit ou a k’ap vini an, antan l’ap veye ak tout fòs li, pou jan sila ki delivre nou an aprann nou an, nou avanse al rankontre l’antan n’ap veye ak lanp nan men nou. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON : Rete konekte ak Granmèt la nan tan espesyal sa.

No hay comentarios:

Publicar un comentario