Koulè Wouj
SENT LISI, VYÈJ E MATI
(MEMWA)
PREMYE LEKTI
«Eli gen pou l’ vini ankò»
LEKTI LIV SIRASID 48, 1-4.
9-11
Pwofèt Eli leve tankou dife, pawòl li boule tankou flanbo. Li menm ki te fè
grangou rive sou yo, yo fè l’ fache, jalouzi l’ fè yo vin tounen yon ti kras;
yo pa t’ kapab sipòte kòmandman Granmèt la. Ak pawòl Granmèt la, li fèmen syèl
la, li fè dife desann twa fwa sot nan syèl la. Se konsa Eli jwenn grandè nan
mèvèy li yo. Ki moun ki kapab jwenn bèlte menm jan avèk ou ?
Ou menm yo pran nan toubiyon dife a, nan kabwèt chwal dife ; ou menm
yo ekri sou ou pou jijman tan yo, pou ou kalme kòlè Granmèt la, pou ou fè kè
papa tounen vin jwenn pitit, pou ou fè fanmi Jakòb yo kanpe ?
Se chans pou moun yo ki te wè ou yo, ki te anbeli avèk relasyon zanmi ou !
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 79, 2ac e 3b.
15-16. 18-19 (r.: 4)
R/ Bondye, fè nou tounen, klere fas ou, n’a sove.
Ou menm k’ap kondui Izrayèl, fè atansyon, ou menm ki chita anlè Cheriben
yo, klere. Drese pouvwa ou, vini, pou ou sove nou.R.
Bondye pouvwa yo, vire ; gade antan ou nan syèl la, pou ou wè, vizite
pye rezen sa a. Pwoteje l’, li menm men dwat ou te plante a, ak sou pitit moun
nan ou te asire pou ou a.R.
Se pou men ou sou moun men dwat ou a, sou pitit moun nan ou te asire pou ou
a. Nou p’ap vire do ba ou, w’a ba nou lavi, n’ap rele non ou.R.
LEVANJIL
«Eli deja vini, yo pa t’ rekonèt
li».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ MATYE KI SEN 17, 10-13
Pandan y’ap desann sot sou mòn nan, disip yo poze Jezi kesyon, yo di: «Kòman
fè pwofesè yo di Eli gen pou l’ vini anvan an?»
Li menm li pran lapawòl, li di yo : «Eli gen pou l’ vini vre, pou l’ renmèt
tout bagay an plas. Men mwen di nou, Eli deja vini, men yo pa t’ rekonèt li,
okontrè yo fè sa yo vle ak li. Se konsa tou Pitit moun nan gen pou l’ soufri
nan men yo». Lè sa a atò disip yo rekonèt se osijè Jan-Batis li t’ap pale yo.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Pawòl Bondye jodi a envite nou kontanple imaj pwofèt Eli, youn nan pi gran
pèsonaj ki domine Ansyen Testaman an. Nou sonje yon fwa lè Jezi te monte sou
tèt mòn nan pou li te al lapriyè Bondye Papa, ansanm ak Pyè, Jak ak Jan, li te
chanje vizaj devan patizan li epi vizaj li te klere tankou solèy. Mesye yo te
kontan anpil nan espektak laglwa sa ki te deja ba yo yon avan-gou rezireksyon an,
epi gen youn ki te pwopoze Jezi pou konstwi twa ti kay sou tèt mòn nan :
youn pou Moyiz, youn pou Eli epi youn pou Jezi. Ebyen se paske twa mesye sa yo
ki reprezante prensipal lidèchip nou jwenn nan ansyen ak nouvo Testaman an.
Jodi a yo plis
pale nou de Eli, ke yo te konsidere kòm yon liberatè, yon Mesi. Genyen anpil
moun ki te konfonn Jezi avèk Eli. Nou konprann sa, paske nou sonje lè Jezi te
poze patizan li yo kesyon sou opinyon pèp la, yo te reponn : «Gen moun ki
di ou se Eli oubyen youn nan pwofèt yo.» Nan kontèks sa nou sonje, se Pyè ki te
pral bay pi bon repons la, lè li te di : «Ou se Kris la, Pitit Bondye
vivan an». Se a pati de la Jezi te pral bay Pyè kokenn chenn responsablite pou
dirije Legliz la. Jounen jodi a, se Pap Franswa ki gen responsablite sa a.
Konsa se pou nou lapriyè pou li, tankou li toujou mande sa : «Priye pou
mwen».
Se pou Tan Lavan
sa ede nou renouvle konfyans ak angajman nou, dekwa pou nou kapab manifeste
prezans Mesi a ki deja la e k’ap vini.
Se pou Manman
Mari, zetwal chemen an montre nou kijan pou nou prepare nou pou nou akeyi
pwomès Bondye, menm jan li te akeyi li nan zantray li a.
LAPRIYÈ : Bondye ki gen
tout pouvwa, tanpri, leve klète bèlte ou nan kè nou, pou nou chape anba tout fè
nwa nan nuit, pou Sèl Pitit ou a k’ap vini an fè wè nou se pitit limyè. Pa
pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON :Pote prezans Mesi a bay yon moun ki nan bezwen antan ou ede li nan yon
nesesite.
No hay comentarios:
Publicar un comentario