Koulè Woz
TWAZYÈM SÉMÈN LAVAN
TWAZYÈM DIMANCH LAVAN, ANE-B
(Gaudete)
PREMYE LEKTI
«Se pa ti kras kontan mwen
kontan nan Granmèt la»
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 61, 1
-2a. 10 -11
Lespri Granmèt la sou mwen, se pou sa Granmèt la sakre m’, li voye m’ pote
nouvèl bay pòv yo, pou m’ panse kè ki kraze yo, pou m’ preche padon bay prizonye
yo, delivrans bay sa k’ fèmen yo, pou m’ preche yon ane kote Granmèt la fè
gras.
Se pa ti kras kontan mwen kontan nan Granmèt la, nam mwen ap danse nan Bondye
m’ nan, paske li abiye m’ak rad delivrans, li vlope m’ nan manto jistis tankou
yon mesye k’ap marye ki dekore ak kouwòn epi tankou yon madanm k’ap marye ki
anbeli ak bijou l’. Tankou tè a donnen semans li, tankou jaden jèmen semans li,
se konsa Granmèt Bondye ap fè jistis jèmen lwanj devan tout nasyon yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 1, 46-48. 49-50.
53-54 (r.: Iz 61, 10b)
R/ Nam mwen ap danse nan Bondye m’.
Nam mwen ap fè konpliman pou Granmèt la,
Lespri m’ap fete nan Bondye sovè m’, paske li gade jan sèvant li a piti ; gade reyèlman vre depi koulye a tout jenerasyon ap
di mwen gen chans.R.
Paske li fè gran mèvèy pou mwen, sila a ki gen pouvwa a, non l’ sen. Kè
sansib li sot nan jenerasyon al nan jenerasyon pou moun ki respekte l’ yo.R.
Li plen moun ki grangou yo ak byen, li voye rich yo ale grangou.
Li pote Izrayèl, sèvitè l’, sekou, li sonje kè sansib li.R.
DEZYÈM LEKTI
«Ni lespri nou, nam nou, ni
kò nou, ap konsève pou lè Granmèt la rive»
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL
POU TESALONISYEN YO 5, 16 24
Frè m’ yo :
Se pou nou kontan tout tan. San rete se pou nou lapriyè. Nan tout okazyon se
pou nou di Bondye mèsi : sa a se volonte Bondye Jezikri pou nou tout. Pa etenn
lespri a; pa meprize deklarasyon pwofèt yo; sèlman se pou nou eseye tout bagay,
se sa k’ bon an pou nou kenbe, se pou nou ret lwen tout kalite mal.
Bondye lapè a menm, se pou l’ fè nou vin sen nan tout bagay, pou l’ kenbe lespri
nou entak, ni nam nou, ni kò nou san repwòch pou lè Granmèt nou Jezikri ap rive
a. Li fidèl, sila a ki rele
nou an, se li menm tou k’ap fè sa.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Li kanpe nan mitan nou,
sila a nou pa konnen an»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
SEN JAN 1, 68 19-28
Gen yon moun Bondye voye, yo te rele l’ Jan. Li te vini temwaye, pou l’
sèvi limyè a temwen, pou tout moun te kapab kwè pa lentèmedyè l’. Li pa t’ limyè
li menm, men se pou l’ te kapab sèvi limyè a temwen.
Men temwayaj Jan, lè Juif yo te voye prèt ak levit kote l’ sot Jerizalèm,
pou yo poze l’ kesyon an : «Ou menm kilès ou ye a?». Li te rekonèt, li pa
nye, li rekonèt : «Mwen pa Kris la». Yo poze l’ kesyon : «Ki sa ou ye
ebyen? Èske ou se Eli?»
Li di: «Mwen pa sa». «Èske
ou se pwofèt la?» Li reponn : «Non».
Konsa yo di l’: «Kilès ou ye? Pou nou kapab bay moun ki voye nou repons ;
ki sa ou di sou ou?» Li di : Mwe se vwa sila a k’ap rele nan savann nan :
Drese chemen Granmèt la, jan pwofèt Izayi te di a».
Moun yo yo te voye yo, genyen se nan Farizyen yo yo te sòti. Yo poze l’ kesyon,
yo di l’ : «Pouki sa w’ap batize, si ou pa Kris la ni Eli ni pwofèt la?»
Jan reponn yo, li di : «Mwen batize nan dlo ; men nan mitan nou gen
yon moun ki kanpe, nou pa konnen l’ : se li menm ki gen pou l’ vin apre m’
nan, li menm ki te anvan m’, mwen pa merite defèt lasèt sapat li».
Bagay sa yo te pase nan Betani lòt bò Jouden an, kote Jan t’ap batize a.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Frè ak sè m’ yo, nou nan Tan Lavan,
tan preparasyon ki mete n’ nan lesperans vini Granmèt nou an. Tan ki ede n’
reflechi sou Vini li te vini nan lemond, tan ki fè n’ sonje prezans li nan
mitan Legliz li a, tan ki fè n’ kontinye ap espere l’ lè l’ap retounen nan bèlte
li a.
Se yon moman enpòtan nan lavi kretyen an ki envite l’ pou l’ toujou gen yon
kè ki prepare. Premye lekti nan liv Izayi a sot fè n’ konnen pou kisa Granmèt
la ap vini, li menm k’ap vin delivre, libere, fè favè. Li menm Bondye Papa a te
poze men sou li epi li te remèt tout bagay nan men li.
Jodi a nou dwe sonje lavi nou dwe kore sou Pawòl Jezi te vin pote pou nou
an, Bòn Nouvèl li te vin anonse a ; kominote nouvo li te vin mete sou pye
a. Nou santi nan tout mouvman pèp la prezans delivrans Granmèt la nan anpil
aksyon pozitif k’ap reyalize nan lemond, men nou santi anpil van kontrè ki vle
kontrarye plan delivrans Granmèt Jezi te pote a ; sa li te pataje ak moun
ki kwè yo. Nou konstate anpil reyalite mele sou tè a, anpil moun gen bezwen fè
rankont ak Granmèt la nan lavi yo, anpil chèn jouskounye a merite kase, anpil
prizonye merite lage, anpil kè ki mare merite wè kòd rayisans, enjistis, mansonj,
egoyis, jalouzi, lanvi…kase.
Se poutèt sa pèp Bondye a, disip Jezikri yo, tankou Jan Batis, dwe kontinye
travay pou yon chanjman an pwofondè nan sosyete a, nan fanmi yo, nan kè chak
grenn kretyen vivan. Travay levanjelizasyon an dwe kontinye avèk bon jan
temwanyaj lavi tèt ansanm, renmen, kè kontan, pataj, defans pòv yo, sèvis, ki
dwe kore li dekwa pou lemond ka rekonèt Jezi prezan nan mitan nou. Legliz la
dwe chak jou vire je li bay Granmèt la nan lapriyè pou l’ jwenn fòs reyalize
travay la.
Legliz la dwe abandone l’ nèt nan men Granmèt la, aksepte pote kwa l’ chak
jou dèyè Mèt la, aksepte afwonte nan verite tout antrav l’ap rankontre sou wout
li, dekwa pou jistis Sila a ki te mouri a epi ki te leve byen vivan an, fè l’
jwenn yon lòt fwa nouvo lavi sa a li te pwomèt li a. Nou vle di, Legliz la gen
pou l’ pran menm wout Mèt li a: Pasyon, lanmò ak Leve byen vivan an. Men Legliz
la dwe viv nan kè kontan sa a pandan l’ap sonje Granmèt la renmen nou plis pase
peche nou yo.
Legliz la se sila a ki dwe rekonèt li se :«Vwa sila a k’ap rele nan
dezè limanite a, k’ap prepare kè yo pou rankontre ak Mèt la». Batèm nou yo dwe
tounen siy rankont moun nan avèk Jezikri, veritab maryaj ki make lavi moun nan
nèt ale, premye pa moun nan fè nan direksyon wayòm nan.
Legliz la ki se temwen limyè a, se li k’ pou ede Limyè Mèt la klere tout
moun ki fè rankont ak li nan batèm nan dekwa pou yo vin tounen yo menm tou
limyè.
Ak imilite epi nan yon lespri padon, ann rekonèt tout sa nou genyen pa sòti
nan merit nou yo, men nan kalite gran favè renmen Granmèt nou an.
LAPRIYE : Granmèt,
mèsi paske nan Jezikri Pitit ou a ou te vini libere nou sot anba tout antrav
peche a te mete nou. Mèsi paske w’ se Sila a k’ap kondwi tout aksyon nou yo, k’ap
kontinye pote lavi pou tout moun ki bezwen prezans ou. Fè n’ tounen vwa sila a
k’ap temwanye limyè w’ la tout kote nou pase ! Ede n’ rete fidèl jiskaske
w’ retounen nan bèlte w’ la. Amèn.
PROPOZISYON : Refleksyon an gwoup sou sans angajman
batèm nan ak sans travay apostola nou an tankou batize.
No hay comentarios:
Publicar un comentario