Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Gen yon zetwal k’ap leve
sot nan Jakòb»
LEKTI LIV NONB 24, 2-7. 15
17a
Jou sa yo:
Balaam leve je l’ li wè Izrayèl ki enstale nan tant yo daprè fanmi yo; Espri
Bondye a tonbe sou li, li pran pale parabòl, li di:
«Balaam deklare, li menm pitit Bewò, mesye a di, li menm je l’ fèmen an; li
di, li menm k’ap koute pawòl Bondye yo, li menm ki konnen ansèyman Sa a ki anwo
nèt la, epi ki wè vizyon Sa a ki gen tout pouvwa a, li menm ki tonbe, epi se
konsa je l’ louvri a.
Ala bèl yo bèl, tant ou yo, Jakòb ! ak kote ou fè ladesant yo, Izrayèl !
Tankou gòj k’al byen lwen, tankou jaden ki wouze bò rivyè, tankou tant Granmèt
la fikse, tankou pye sèd tou pre dlo yo. Se pou dlo koule sot nan bokit li, desandans
li ap nan anpil dlo. Y’ap pran wa li a poutèt Agag, y’ap wete peyi-wa li a».
Li pran parabòl ankò, li di:
«Balaam deklare, li menm pitit Bewò, mesye a di, li menm je l’ fèmen an; li
di, li menm k’ap koute pawòl Bondye yo, li menm ki konnen ansèyman Sa a ki anwo
nèt la, epi ki wè vizyon Sa a ki gen tout pouvwa a, li menm ki tonbe epi ki gen
je l’ louvri yo.
Mwen wè l’, men se pa koulye a ; mwen apèsi l’, men se pa tou pre. Yon
zetwal ap leve sot nan Jakòb, yon ramo ap leve sot nan Izrayèl ; l’ap frape
chèf Mowab yo, l’ap gaye tout pitit Sèt yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 24, 4bc-5ab.
6-7bc. 8-9 (r.: 4b)
R/ Santye ou yo, Granmèt, aprann mwen yo.
Chemen ou yo, Granmèt, montre m’ yo, santye ou yo, aprann mwen yo. Dirije m’
nan santye ou la, ban m’ leson, paske ou se Bondye delivrans mwen.R.
Sonje bon kè ou, Granmèt, ak kè sansib ou yo, paske se depi tout tan yo ekziste,
daprè kè sansib ou, sonje m’, poutèt bon kè ou, Granmèt.R.
Granmèt la bon, li dwat, se pousa l’ap aprann moun ki nan peche yo chemen
an ; l’ap kondui moun ki dosil yo nan jijman an, l’ap aprann moun ki dou
yo chemen l’ yo.R.
LEVANJIL
«Batèm Jan an, kote l’ te sòti ?»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
MATYE KI SEN21, 23-27
Lè sa a:
Lè Jezi antre nan Tanp la, pandan l’ap bay ansèyman, chèf prèt yo pwoche
kote l’ansanm ak ansyen pèp la, yo di : «Nan ki pouvwa w’ap fè bagay sa
yo? Epi kilès ki te ba ou pouvwa sa a» ?
Jezi pran lapawòl, li di yo : «M’ap poze nou kesyon tou sou yon sèl
bagay, si nou di m’ li, mwen menm tou m’ap di nou nan ki pouvwa m’ap fè bagay
sa yo. Batèm Jan an kote l’ te sòti ? Nan syèl la, oubyen nan lèzòm» ?
Men yo menm yo t’ap reflechi antre yo, yo t’ap di : «Si nou di: «Nan syèl
la», l’ap di nou: «Ebyen pouki sa nou pa t’ kwè nan li»? Men si nou di : «Nan
lèzòm», nou pè foul la ; sèke tout moun te konsidere Jan kòm pwofèt».
Yo reponn Jezi, yo di : «Nou pa konnen».
Li di yo li menm tou : «Ebyen ni mwen menm tou mwen p’ap di nou nan ki
pouvwa mwen fè bagay sa yo».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
RELEKSYON : Nan levanjil jodi a nou wè jan chèf prèt
yo te al poze Jezi kesyon pou yo te ka pran l’ nan pyèj, men Granmèt la ki konnen
entansyon yo, li fè yo menm menm pran wonte a ak kesyon mal entansyone yo a.
Youn nan mesaj nou dwe reflechi nan pawòl sa se jan lènmi an tann pèlen pou
nou. Se vre, nan lavi nou nou kapab tonbe, men Granmèt la pa janm lage pitit li
yo, li toujou kanpe avèk yo pou li defann yo, li ba yo fòs pou yo kapab batay fòs
mal la.
Nan tan litiji n’ap viv la, Tan Lavan, se yon moman espesyal pou nou aprann
lite ak tout sa ki vle retire n’ nan chemen Bondye a. Se poutèt sa, nou dwe entansifye
lavi espirityèl nou, mande Granmèt la limyè ak kouraj pou nou ka viv pawòl li
a.
Sitou, fòk nou viv ak espwa, paske Bondye nou an pa lwen pou’l vini, epi l’ap
vin pote gwo chanjman nan lavi nou, l’ap vin pote delivrans, renmen, lapè ak lespwa.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, ou
ki gen tout pouvwa, mwen vin remèt ou tout sa mwen ye, tout lavi m’, tout fòs
mwen. Aprann mwen defann lafwa devan tout sa ki anpeche m’ viv kòmandman ou yo,
ede m’ viv lespri Tan Lavan sa, nan renmen ak lespwa. Amèn.
PROPOZISYON : Mwen deside viv ak lajwa ak lespwa, paske
Granmèt la pa lwen pou li delivre m’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario