Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Yo pwomèt delivrans Mesi a
pou tout pòv yo».
LEKTI LIV PWOFÈT SOFONI 3,
12. 9-13
Men Pawòl Granmèt la:
Ala malè pou ou, toutrèl, vil yo te delivre a epi k’ap chèche kont ! Li pa
koute vwa a, li pa aksepte koreksyon an, li pa konte sou Granmèt la, li pa pwoche
kot Bondye l’ la.
Lè sa a m’ap fè pèp yo vin gen bouch pwòp ankò, pou yo rele non Granmèt la,
pou yo sèvi l’ak yon sèl zepòl. Depi lòt bò rivyè Etyopi a sa yo k’ap lapriyè m’
nan; pitit mwen yo ki te gaye yo, y’ap pote kado ban mwen.
Jou sa a, ou p’ap wont pou tout peche ou, sa ou te fè kont mwen yo; paske
lè sa a m’ap wete pawòl grandizè ou yo sot nan mitan ou, ou p’ap rekòmanse ap leve
tèt ou ankò sou mòn mwen an ki sen an. Se yon pèp ki pòv, ki malere, m’ap kite
nan mitan ou, y’ap espere nan non Granmèt la.
Rès Izrayèl la p’ap fè peche, yo p’ap di manti, yo p’ap jwenn lang rizèz
nan bouch yo, paske y’ap jwenn manje, y’ap enstale, pa gen pèsòn k’ap fè yo pè».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 33, 2-3. 6-7.
17-18. 19 é 23 (r.: 7a)
R/ Yon pòv rele, Granmèt la koute l’.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen.
Nan Granmèt la nanm mwen ap jwenn konsiderasyon l’, se pou pòv yo tande, pou yo
kontan.R.
Gade nan direksyon l’, n’ap klere, fas nou p’ap wont. Pòv sa a rele,
Granmèt la tande, nan tout tray yo li delivre yo.R.
Granmèt la tou pre moun ki gen kè yo kraze yo, l’ap sove sa k’ gen espri yo
boulvèse yo. Granmèt la ap delivre nanm sèvitè l’ yo, li p’ap pini tout moun ki
espere nan li yo.R.
LEVANJIL
«Jan rive, pechè yo te kwè
nan li»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ MATYE KI SEN 21, 28- 32
Lè sa a: Jezi di chèf prèt yo ak ansyen pèp la:
«Ki sa nou di nan sa? Yon moun te gen de pitit; li pwoche kot premye a, li
di: «Pitit mwen, al travay nan jaden rezen m’ nan jodi a». Li menm li reponn, li di: «Mwen pa vle».
Aprè sa li regrèt, l’ale. Li pwoche kot lòt la li di menm jan. Sa a menm reponn,
li di: «M’a prale, mèt», men li pa ale. Kilès nan de yo ki te fè volonte papa a?» Yo di l’: «Premye a».
Jezi di yo : «Amèn mwen di nou, pibliken yo ak fi move konduit yo ap
pran devan nou nan peyi-wa Bondye a. Sèke Jan rive kote nou nan chemen jistis
la, epi nou pa t’ kwè nan li; pibliken yo menm ak fi move konduit yo, yo te kwè
nan li; nou menm menm malgre nou wè, nou pa menm gen yon santiman ki fè nou regrèt
aprè, pou nou ta kwè nan li».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Jodi a, n’ap kontanple yon papa ki gen de pitit, e li
di pi gran an: «Pitit mwen, al travay nan jaden rezen
m’ nan jodi a»(Mt 21,28). Li menm li reponn, li di: «Mwen
pa vle». Aprè sa li
regrèt, l’ale. (Mt 21,29). Li pwoche kot lòt la li di menm jan. Sa a menm
reponn, li di: «M’a prale, mèt», men li pa ale. (Mt 21,30). Sa ki enpòtan, se pa di «wi», men se «fè» sa
papa a mande a.
Gen yon pwovèb ki di: «Moun ki pa nan aksyon, li pa nan
mond la». Nan yon lòt pasaj Jezi pral anseye parabòl sa a: « Sa pa sifi pou
n’ap rele m’ «Granmèt, Granmèt!», pou nou antre nan Wayòm Bondye a; men fòk nou fè volonte Papa
m’ ki nan syèl la» (Mt 7,27).
Tankou Sen Ogisten te di sa: « gen de volonte ki
ekziste. Ou we travay volonte pa ou pou li kapab idantifye li ak volonte Bondye,
se pa volonte Bondye ki pou defòme pou adapte ak volonte pa ou.»
Obeyisans vle di: koute avèk atansyon. Sa manifeste nan lapriyè, lè nou pa chèche fente vwa
Lanmou an k’ap pale avèk nou. Nou menm
moun, nou gen tandans defann nou, atache nou ak sa ki nan enterè pèsonèl nou
sèlman.
Lè nou fè volonte Bondye, nou gen posiblite pou nou
vin sen. Obeyi pa vle di ou tounen yon ti poupe nan men yon lòt moun, men
reflechi sou sa ki dwe fèt epi fè li paske nou anvi li.
Manman nou Lavyèj Mari, li menm k’ap montre nou
«obeyisans nan lafwa», l’ap montre nou kijan pou nou fè volonte Papa a.
LAPRIYÈ : Bondye,
ou menm ki fè nou vin tounen yon nouvo kreyati gras a Sèl Pitit ou a, tanpri,
konsidere travay kè sansib ou a, gras a Pitit ou a k’ap vini an, pwòpte nou sot
nan tout tach lontan yo. Pa pouvwa Jezikri.
PROPOZISYON : Nan yon ti jès renmen, montre wayòm Bondye a
prezan nan mitan nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario