Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Non Kris la
ak non Papa l’ ekri nan fwon yo».
LEKTI LIV
APOKALIPS APOT JAN KI SEN 14, 1-3 4b-5
Mwen menm, Jan, mwen wè: se yon Mouton ki te kanpe sou
mòn Siyon, avèk li te gen sankarankat mil ki gen non l’ ak non Papa l’ ekri nan
fwon yo. Mwen tande yon vwa ki sot nan syèl la tankou vwa gran dlo yo, ak
tankou vwa gran loraj; vwa a mwen te tande a, se tankou vwa mizisyen k’ap jwe
mizik sou gita yo.
Yo t’ap chante tankou kantik nouvo devan twòn nan, ak devan
kat vivan yo ak granmoun yo; pèsòn pa t’ kapab di kantik la, sof karankat mil
yo, sa yo te delivre sot sou tè a.
Yo menm yo suiv Mouton an tout kote l’a prale. Yo menm
yo rachte sot nan pami moun yo, kòm premye fwi pou Bondye ak Mouton an, nan
bouch yo pa gen manti; sèke yo san tach devan twòn Bondye a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
23, 1-2. 3-4ab. 5-6 (r.: cf. 6)
R/ Sa a, se ras moun k’ap chèche fas ou yo, Granmèt.
Pou Granmèt la tè a ye ak sa k’ plen l’, fas tè a ak sa
k’ abite ladan l’. Sèke se li menm ki poze l’ sou lanmè yo, ki rann li solid
sou gran rivyè yo.R.
Kilès k’ap monte sou mòn Granmèt la, oubyen kilès k’ap
kanpe sou plas li ki sen an? Moun ki gen men
l’ inosan ak kè l’ nèt, ki pa nonmen non l’ pou granmesi.R.
Moun sa a ap
resevwa benediksyon nan men Granmèt la,
ak sa k’ fè
moun vin kòrèk la nan men Bondye sove li a.
Sa a se ras moun k’ap chèche l’ yo, k’ap chèche fas
Bondye Jakòb la.R.
LEVANJIL
«Li wè yon
pòv vèv k’ap mete de ti pyès lajan».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 21, 1 -4
Lè sa a:
Jezi gade, li wè moun yo k’ap mete kado yo nan kèt la,
yo te rich; men li wè tou yon pòv vèv k’ap mete de ti pyès lajan.
Li di: «Mwen di nou sa: vrèman vèv sa a mete plis pase
yo tout; sèke yo tout se nan sa yo gen an plis yo pran pou yo mete nan kado
Bondye yo, men sa a menm se nan mizè l’, tout sa l’ te gen pou l’ viv, li pran l’
bay».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a tankou chak jou, gen kèk ti bagay ki glise anba
je nou san nou pa wè yo: ti jès pataj, ti sakrifis, ti lapriyè, men sa ki parèt
pi senp la, anpil fwa se li ki sèvi baz pou tout gwo bagay nou kapab rive
konstwi. Ebyen se konsa sa ye pou moun ki vle vin sen an.
Lefèt ke yo pase
inapèsi, entansyon onèt ti bagay sa yo garanti: lè nou reyalize yo nou pa
chache yon rekonesans ni glwa pou pwòp tèt pa nou. Sèl Bondye ki dekouvri yo
nan kè nou, tankou Jezi sèl rekonèt kalite jenewozite vèv la. Ti pòv malerèz sa
a pa t’ fè gwo bwi, li pa t’ sonnen twonpèt pou te fè moun wè jès li te poze a;
petèt li te menm wont oubyen li te menm santi li ridikil fas ak gwo zotobre yo
ki t’ap bay gwo pakèt lajan e ki t’ap vante tèt yo pou sa. Bon kè li ki ranpli
li ak fòs nan endijans li a, merite aplodisman Granmèt la ki wè nan kè moun:«Mouin di nou sa: vréman vèv sa-a mété
plis pasé yo tout; sèké yo tout sé nan sa yo gin an plis yo pran pou yo mété
nan kado Bondié yo, min sa-a minm sé nan mizè-l, tou sa-l té gin pou-l viv, li
pran-l bay» (Lik 21,3-4).
Jenewozite ti pòv vèv
la se yon bon leson pou nou tout, disip Kris la. Nou kapab bay anpil, menm jan
ak moun ki rich yo «ki mete kado yo nan kèt la» (Lik 21,1), men sa p’ap gen
okenn valè si se «rès» nou bay, san lanmou ak lespri jenewozite, san nou pa
ofri pwòp tèt pa nou nou menm.
Sen Ogisten di nou:«Yo
t’a gade gwo ofrand rich yo t’a bay pandan yo t’ap fè lwanj yo pou sa. Menm si
aprè yo wè vèv la, konbyen pami yo ki te wè de ti pyès lajan li te bay la? Li
te bay tout sa li te genyen. E li te gen anpil, paske li te gen Bondye nan kè
li. Li pi bon pou yon moun gen Bondye nan nanm li olye li gen lò nan kèt la». E
se yon verite: Si montre Bondye nou gen bon kè, li menm l’ap montre nou sa pi
plis toujou.
LAPRIYÈ: Granmèt, se nan men ou nou resevwa
tout sa ki bon, tanpri aprann nou pataje ak jenewozite ak sila yo ki pa gen
anyen.
PWOPOZISYON: Sa mwen genyen an, menm
si li pa sifi pou mwen, m’ap pataje li ak sila ki pa gen anyen ditou a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario