Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Lè a rive pou rekòlte, paske danre tè a rive fin mi».
LEKTI LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 14, 14-19
Mwen menm,
Jan, mwen wè: se yon nyaj blan, epi tankou pòtre yon Pitit moun chita sou nyaj
la, li gen yon kouwòn lò sou tèt li, epi nan men l’ li gen yon sèpèt ki byen
file.
Gen yon lòt
anj ki sòti nan Tanp la, li rele byen fò bay sa a ki te chita sou nyaj la: «Voye
sèpèt ou a, fè rekòlt, paske li rive lè pou rekòlte a, paske danre tè a rive
fin mi». Sa a ki te chita sou nyaj la voye sèpèt li a sou tè a, li rekòlte tè a.
Yon lòt anj sòti nan Tanp la, ki nan syèl la, li menm tou li te gen sèpèt byen
file.
Yon lòt anj sòti
nan lotèl la, li te gen pouvwa sou dife; li rele byen fò bay sa a ki te gen
sèpèt byen file a, li di: «Voye sèpèt ou a ki byen file a, koupe grap pye rezen
ki sou tè a, paske rezen l’ yo rive fin mi». Anj la voye sèpèt li a ki byen file a
sou tè a, li koupe grap pye rezen yo ki sou tè a, li vide yo nan gran letan
kòlè Bondye a; yo foule letan an andeyò vil la, san an monte sot nan letan an
rive jous nan brid chwal yo, sou de-san-katreven-sèz kilomèt.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
95, 10. 11-12. 13 (r.: 13b)
R/ Granmèt la vini pou l’ jije tè a.
Di nan nasyon yo: «Granmèt la wa». L’ap drese fas tè a
pou l’ pa souke; l’ap jije pèp yo nan jistis.R.
Se pou syèl yo kontan, pou tè a danse, pou lanmè a sonnen
ansanm ak tout sa k’ plen l’; jaden yo ap kontan ansanm ak tout sa ki nan yo. Lè
sa a, tout pye bwa nan rak yo ap danse.R.
Devan fas Granmèt la, paske l’ap vini, paske l’ap vini
pou l’ jije tè a. L’ap jije fas tè a nan jistis epi pèp yo nan verite l’.R.
LEVANJIL
«P’ap rete wòch sou wòch».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 21, 5-11
Lè sa a:
Kèk nan disip
yo t’ap pale sou Tanp la, kijan li gen bèl wòch, kijan li dekore avèk kado. Jezi
di: «Bagay sa yo nou wè a, gen jou k’ap rive, p’ap rete wòch sou wòch nan yo ki
p’ap detwi».
Yo t’ap poze l’
kesyon, yo t’ap di: «Mèt, kilè bagay sa yo ap rive, epi ki siy k’ap fè konnen
lè y’ap kòmanse?»
Li di: «Atansyon
pa kite yo twonpe nou; sèke anpil moun ap vini o non m’, y’ap di: «Se mwen menm,
epi tan an ap rive»; pa suiv yo. Lè n’ap tande y’ap pale sou lagè ak revòlt, pa
pè: bagay sa yo gen pou yo rive anvan, men se p’ap tout-suit finisman an».
Lè sa a li t’ap
di yo: «Nasyon ap leve kont nasyon, peyi wa kont peyi wa. Ap gen gran tranblemantè
kèk kote, epidemi, grangou, ap gin bagay ki sot nan syèl la k’ap fè moun tranble,
epi gran mèvèy».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi
a nou koute avètisman Granmèt la fè nou sou yon ton sevè: «Bagay sa yo
nou wè a, gen jou k’ap rive, p’ap rete wòch sou wòch nan yo ki p’ap detwi».
(Lik 21,6). Pawòl sa yo Jezi pwononse a, yo sanble pa ale nan menm sans ak sa
nou ta rele «kilti pwogrè enfini limanite» oubyen kèk ti sèvo teknosyantifik ak
politik-militè pami lèzòm...
Gen anpil moun ki ta vle fè nou tonbe nan danje kote
nou kapab bliye pwòp kondisyon nou ak limit nou, pou fè nou konprann nou nan
menm nivo ak Bondye. Se moun k’ap twonpe tèt yo.
Nou menm ki se disip
Pitit Bondye ki tounen moun nan, Jezi, nou koute pawòl li yo e, antan nou fè yo
tounen pawòl pa nou, nou medite yo. Men sa li di nou: «Atansyon pa kite yo twonpe nou» (Lik
21,8). Se sila ki te vin sèvi temwen verite a ki di nou sa, kote li deklare ke
sila yo ki nan verite a yo koute vwa li.
Epi
li ba nou asirans sa a: «se p’ap tout-suit finisman an»
(Lik 21, 9). Sa vle di, yon bò nou genyen yon tan pou nou sove kò nou, epi nou
dwe pwofite sa; e yon lòt bò, finisman an gen pou rive kan menm. Wi, Jezi gen
pou vin «jije tout moun k’ap viv ak moun ki mouri», tankou nou deklare sa nan
Kredo a.
Frè ak sè m’ yo, antan n’ap kontanple Levanjil jodi a:
nan kèk vèsè ki pi lwen Jezi ankouraje nou e li konsole nou ak pawòl sa yo: «
Moun ki pèsevere jiskalafen l’ap sove» (Lik 21, 19).
Konsa li enpòtan pou nou youn ankouraje lòt, pou youn
genbe men lòt antan n’ap pèsevere sou chemen lafwa a, ki se chemen esperans
nou. Se pou Bondye beni nou byen beni.
LAPRIYÈ: Granmèt tanpri, ranpli nou ak Lespri w’ la pou nou ka jwenn fòs
ak enèji k’ap pèmèt nou mache pou rive pi pre ou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:Men si gen anpil difikilte, mwen p’ap dekouraje, paske Jezi avèk mwen. M’ap ankouraje lòt yo pou yo ka pa febli.
No hay comentarios:
Publicar un comentario