Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Yo t’ap
chante kantik Moyiz la ak kantik Mouton an».
LEKTI LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 15, 1-4
Mwen menm,
Jan, mwen wè yon lòt siy nan syèl la, li gran, li ekstrawòdinè: se sèt Anj ki gen
sèt dènye chatiman yo, paske se nan yo kòlè Bondye a ap fin reyalize.
Mwen wè
tankou yon lanmè kristal; li melanje ak dife. Epi sa yo ki te ranpòte viktwa
sou bèt la ak sou pòtre l’ la ak sou chif non l’ nan, yo te kanpe sou lanmè
kristal la, yo te gen gita Bondye yo, yo t’ap chante kantik Moyiz, sèvitè Bondye
a, ak kantik Mouton an; yo t’ap di:
«Yo gran, yo ekstrawòdinè,
travay ou yo, Granmèt Bondye ki gen tout pouvwa: yo kòrèk, yo vre, wout ou yo, Wa
syèk tan yo. Kilès ki p’ap krenn ou, Granmèt, ki p’ap fè lwanj non ou? Paske ou
menm sèl ou sen, se pousa tout nasyon yo ap vini, epi y’ap adore devan fas ou,
poutèt jijman ou yo klè».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 97, 1. 2-3ab. 7-8. 9 (r.: Ap. 15, 3b)
R/ Yo gran, yo esktrawòdinè, travay ou yo, Granmèt, Bondye
ki gen tout pouvwa.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, paske li fè
mèvèy.
Men dwat li reyalize
viktwa ba li, nan bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè
konnen sove l’ la, nan fas nasyon yo li devwale jistis li a. Li fè sonje mizerikòd
li a ak verite l’ la pou kay Izrayèl la.R.
Se pou lanmè a sonnen ak sa k’ plen l’ nan, fas tè a ak
sa ki abite nan li yo. Se pou rivyè yo bat bravo, se pou tout mòn yo danse.R.
Devan fas Granmèt la, paske l’ap vin jije tè a. L’ap
jije fas tè yo nan jistis ak pèp yo nan sa ki dwat.R.
LEVANJIL
«Tout moun ap rayi nou poutèt non mwen, men yon cheve nan tèt nou p’ap
pèdi».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 21, 12-19
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Y’ap met men sou nou, y’ap pèsekite nou, y’ap renmèt
nou nan sinagòg yo ak nan prizon yo, y’ap trennen nou devan wa yo ak prefè yo
poutèt non mwen; sa ap ba nou okazyon pou nou temwaye. Mete sa byen nan kè nou,
pa prepare sa n’ap reponn. Se mwen menm k’ap ba nou yon bouch ak sajès ki fè
tout ènmi nou yo p’ap kapab reziste nou, ni demanti nou.
Epi sa k’ap trayi nou, se paran nou, frè nou, fanmi
nou, zanmi nou; y’ap touye kèk nan nou; tout moun ap rayi nou poutèt non mwen,
men yon cheve nan tèt nou p’ap peri: nan pasyans nou n’ap jwenn lavi nou».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, nou panche zòrèy nou pou nou koute yon ti
pawòl ki brèf e ki klè ke Granmèt la di nou sou enpòtans pèseverans: Poukisa li
enpòtan konsa menm? Poukisa Jezi makonnen delivrans nou ak kalite sa a menm?
Paske disip la pa plase pi wo pase mèt la -«Tout moun ap
rayi nou poutèt non mwen» (Lik 21,17)- e si Granmèt la se te yon siy
kontradiksyon, alò nou menm tou se sa n’ap ye. Wayòm Bondye a ap rive pami nou,
gras ak moun k’ap lite ak kouraj kont lènmi an, moun ki pa pè angaje yo nan
batay, batay pou lapè ak lanmou ka triyonfe, se batay lavi yon kretyen.
Pa gen flè san pikan, e chemen ki mennen
nan syèl la se pa yon chemen ki san difikilte. Se poutèt sa si nou pa gen
kouraj pou nou kanpe nan konba, finalman nou ka pèdi batay. Pèseverans la ap
ede nou jwenn fòs. Vrèman vre, li pouse nou jwenn fòs ki nesesè pou nou ka sipòte
kontradiksyon lavi a ak kè kontan.
Pèseverans la nan pi wo degre a, li ofri
nou tèt li sou lakwa a. Se pou sa pèseverans la ba nou libète pou nou ofri pwòp
tèt nou gras ak lanmou. Pwomès Kris la p’ap fayi: «Nan pasyans nou n’ap jwenn lavi
nou».(Lik 21,19), e se konsa sa ye puiske sa ki sove nou se lakwa a.
Se fòs renmen an ki ba
nou pasyans e ki fè nou aksepte ak kè kontan volonte Granmèt la, lè volonte li
opoze ak ti volonte pa nou, tankou sa te pase sou lakwa, nan premye moman.
Men se sèlman «nan premye
moman», paske aprè sa enèji pèseverans la k’ap debòde nan nou an, l’ap mete nou
an aksyon epi l’ap aprann nou sajès lakwa a. Se konsa, pèseverans la pote
pasyans, epi pasyans la li menm li fè nou ale pi lwen ke yon senp reziyasyon.
Men tou, li pa gen pou
wè ak yon atitid stoyik (sa vle di, yon moun ki vle montre li brav pou sipòte
tout bagay).Pasyans la kontribye anpil pou fè nou konprann sans lakwa a, pi
lwen ke doulè a, se lanmou.
Se pou Manman nou ki
nan syèl la, li menm ki te konprann verite sa pi byen pase tout moun, se pou li
ede nou konprann li tou.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri vide Lespri Sen w’
nan nan nou, li menm k’ap ba nou fòs pou travèse move chemen an, pou fè nou
dekouvri dousè nan soufrans nou yo, lè nou sipòte yo ak pèseverans. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Viv ak lespwa, menm si lavi a difisil. Pote limyè lespwa nan fènwa
difikilte lavi lòt yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario