Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Li tonbe,
gran Babilòn nan».
LEKTI LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 18, 1-2. 21-23; 19, 1-3. 9a
Mwen menm,
Jan, mwen wè yon anj k’ap desann sot nan syèl la, li gen gran pouvwa; tè a klere
ak glwa l’ la.
Li rele byen
fò, li di: «Li tonbe, li tonbe, gran Babilòn nan, li vin tounen kay demon yo,
ak prizon tout espri papwòp yo, ak kalòj tout zwazo papwòp ki lèd yo».
Yon anj ki gen
fòs, soulve yon wòch tankou yon gran mèl, li lage l’ nan lanmè a, li di: «Yon
sèl kou konsa y’ap jete Babilòn, gran vil sa a, yo p’ap jwenn li ankò. Bwi
gitaris yo ak mizisyen yo, avèk sa k’ap jwe flit yo ak twonpèt yo, yo p’ap tande
yo ankò nan ou; tout travayè ki gen tout kalite metye, yo p’ap jwenn sa nan ou
ankò; vwa moulen an yo p’ap tande sa nan ou ankò; limyè lanp p’ap limen nan ou
ankò; vwa mesye k’ap marye a ak madanm k’ap marye a, yo p’ap tande sa nan ou
ankò; paske machann ou yo se yo menm ki te chèf tè a, paske maji ou yo te fè
tout nasyon yo pèdi chemen».
Aprè sa, mwen
tande tankou vwa anpil foul nan syèl la ki t’ap di: «Alelouya. Sove, glwa, pouvwa,
se pou Bondye nou an yo ye: paske yo vre, yo kòrèk, jijman l’ yo, li menm ki
jije gran fi movèz vi a, ki t’ap gate tè a nan move dezòd li a; li tire vanjans
pou san sèvitè l’ yo sot nan men l’». Yo di ankò: «Alelouya». Epi lafimen l’
nan monte pou tout tan gen tan.
Li di m’: «Ekri: «Ala kontantman pou sa yo yo envite
nan nòs Mouton an».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 99, 2. 3. 4. 5 (r.: Ap 19, 9a)
R/ Ala kontantman pou moun yo envite nan soupe nòs Mouton an.
Fè lwanj pou
Granmèt la, tout tè a, sèvi Granmèt la nan kè kontan; antre devan fas li avèk
gran fèt.R.
Konnen Granmèt la se li menm ki Bondye; se li menm ki
fè nou, se pou li nou ye, nou se pèp li ak mouton patiraj li.R.
Antre nan pòtay li yo avèk lwanj, nan lakou l’ yo avèk
kantik, fè lwanj li, fè konpliman pou non l’.R.
Sèke Granmèt la bon; pou tout tan mizerikòd li, pou jenerasyon
ak jenerasyon verite l’ la.R.
LEVANJIL
«Nasyon yo ap
foule Jerizalèm anba pye, jous lè tan nasyon yo fin rive nan bout yo».
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 21, 20-28
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Lè n’ap wè lame a ansèkle Jerizalèm, lè sa a konnen
tan pou l’ detwi a tou pre. Lè sa a moun ki nan Jide a, se pou yo sove kò yo
nan mòn yo, moun ki nan mitan l’, se pou yo pati, moun ki andeyò, se pa pou yo
antre ladan l’. Paske se jou chatiman l’, pou
tout sa ki ekri yo reyalize.
Ala malè pou moun ki ansent yo ak sa ki nouris yo nan
jou sa yo! Sèke ap gen gran tray sou tè a ak kòlè kont pèp sa a. Y’ap tonbe nan
bouch epe, y’ap kondui yo prizonye nan tout nasyon yo, nasyon yo ap foule Jerizalèm
anba pye, jous lè tan nasyon yo fin rive nan bout yo.
Ap gen siy nan solèy la, lalin nan ak zetwal yo, sou tè
a ap gen tray nan nasyon yo akòz dezòd bwi lanmè a ak lanm yo, moun yo ap seche
tèlman y’ap pè, y’ap tann sa k’ap rive sou tout fas tè a; sèke pouvwa syèl yo
ap boulvèse.
Lè sa a y’ap wè Pitit moun nan k’ap vini nan nyaj la
avèk gran pouvwa ak gran glwa. Men lè bagay
sa yo kòmanse rive, gade, leve tèt nou, paske redanmsyon nou tou pre».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Anpil fwa nou konn panse ke Bondye se yon Bondye
vanjans, yon Bondye ki ka aji nenpòt kòman. Jezi avèti nou sa ki ka pase nan
absans li, sa ki ka parèt kòm siy anvan retou li sou latè. Sa li te anonse pou
vil Jerizalèm nan, nou ka konsidere li nan reyalite pa nou jodi a, kote peche fè
nou bliye lanmou Bondye pou nou ; men malgre feblès nou, li toujou
manifeste mizerikòd li gen pou nou kòm yon kokenn chenn lagras ki fè nou toujou
rete soude avèk li.
Se sa k’ fè Apot Pòl
di nou pa gen anyen sou latè ki ka separe nou ak renmen Bondye a. «Kisa ki ka separe
nou ak lanmou Bondye a ? lajan, pouvwa, pèsekisyon, kònesans, mizè,… ». Jezi
ban ou kèk ti konsèy pou nou pa tonbe nan konfizyon, pou sa ki konsène vini li
gen pou li vini an : «jou» li a p’ap manifeste nan gwo katastwòf yo, vini
Jezi se ap nan laglwa, nan bèlte, nan kè kontan elatriye.
Jezi vini nan kè
nou, nan peyi nou, nan lavi nou chak fwa nou fè netwayaj nan kè nou, lè nou
deside divòse ak santiman ki fè nou anvi detwi, nou anvi kraze-brize, santiman
ki fè nou divize, santiman lògèy, santiman ki fè nou derekonèt Bondye. Jezi pa
janm nan dòmi, li toujou la avèk nou nan tout sitiyasyon, li pa janm di tankou
lespri bannal yo : si m’ te la, sa pa ta rive.
Jezi toujou soufri
ak nou nan soufrans ak lapenn nou, li kontan ak nou lè kè nou kontan, e nou pa
janm gen kè kontan tout bon si se pa li ki ba nou li.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, nou konnen ou
toujou la, tanpri fè nou santi prezans ou.
PWOPOZISYON : Nan difikilte lavi a, genbe lafwa ou fèm.
No hay comentarios:
Publicar un comentario