Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Yo jije mò yo daprè aksyon yo. Mwen wè Jerizalèm nouvo a, k’ap desann sot
nan syèl la».
LEKTI LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 20, 1-4. 11-21, 2
Mwen menm,
Jan, mwen wè yon mesaje k’ap desann sot nan syèl la, li gen kle bafon an ak
gran chenn nan men l’. Li pran dragon an, sèpan lontan an, sa vle di Dyab la ak
Satan an, li mare l’ pou mil ane; li voye l’ nan bafon an, li fèmen l’, li poze
sele sou li pou l’ pa kontinye twonpe nasyon yo, joustan mil anlè yo fin rive
bout yo; aprè sa, yo gen pou yo lage l’ yon ti moman.
Mwen wè twòn, epi sa k’ vin chita sou yo a, yo resevwa
pouvwa fè jijman. Epi tou mwen wè ni nam moun yo yo te touye poutèt temwayaj Jezi
a ak poutèt pawòl Bondye a, ni sa yo ki pa t’ adore bèt la ak pòtre l’ la, epi
ki pa t’ aksepte mak li nan fwon yo oubyen nan men yo; y’ap viv, y’ap kòmande
kòm wa avèk Jezikri pou mil ane.
Mwen wè yon twòn ki gran, ki blan, ak yon pèsonaj ki
chita sou li; devan fas li tè a ak syèl la sove kò yo, yo pa jwenn plas yo
ankò. Mwen wè mò yo, ni gran ni piti, ki kanpe devan fas twòn nan; yo louvri
liv yo, yon lòt liv louvri tou, se liv lavi a; yo jije mò yo daprè sa k’ te ekri
nan liv yo, daprè aksyon yo. Lanmè a renmèt mò yo ki te nan li a, lanmò a ak
kote mò yo te ye a renmèt mò yo ki te nan yo a, yo jije chak moun daprè aksyon l’
yo. Ni kote mò yo te ye a, ni lanmò a, yo lage yo nan letan dife a. Sa a se dezyèm
lanmò a. Sa a yo pa jwenn non l’ ekri nan liv lavi a, yo jete l’ nan letan dife
a.
Mwen wè yon syèl nouvo ak yon tè nouvo. Premye syèl la
ak premye tè a pati, pa gen lanmè ankò.
Mwen menm Jan, mwen wè vil ki sen an, Jerizalèm nouvo a,
k’ap desann sot nan syèl la, sot kot Bondye, li abiye fin tankou yon madanm k’ap
marye ki met bijou pou mari l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 83, 3. 4. 5-6a e 8a (r.: Ap 21, 38)
R/ Men joupa (tant)
Bondye a avèk moun yo.
Nam mwen
anvi, l’ap deperi pou kay Granmèt la.
Kè m’ ak chè m’
ap danse pou Bondye vivan an.R.
Menm ti zwazo
jwenn yon kay pou li, toutrèl la jwenn yon nich, kote li depoze ti pitit li yo:
lotèl ou yo, Granmèt lame yo, wa m’ ak Bondye m’.R.
Ala
kontantman pou moun ki abite nan kay ou a, pou tout tan y’ap fè lwanj ou. Ala
kontantman pou moun ki jwenn sekou l’ nan ou; y’ap mache sot nan mèvèy al nan
mèvèy.R.
LEVANJIL
«Lè n’a wè bagay sa yo rive, konnen peyi wa Bondye a tou pre».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 21, 29-33
Lè sa a: Jezi di yon parabòl pou disip li yo:
«Gade pye figye a ak tout pye bwa yo: lè yo kòmanse
donnen fwi, nou konnen tan cho a tou pre. Konsa tou nou menm, lè n’a wè bagay
sa yo rive, konnen peyi wa Bondye a tou pre. Amèn, mwen di nou jenerasyon sa a p’ap pase, joustan tout bagay rive. Syèl la ak tè
a ap pase; men pawòl mwen yo p’ap pase».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Nou kapab apiye nou sou pawòl Bondye a, paske se yon pawòl vivan, yon
pawòl ki kapab rete menm si tout bagay pase. Sen Jan, envite nou fikse zye nou
pou nou kontanple lespwa yon syèl nouvo ak yon tè nouvo.
Nan pwojeksyon sa a, nan vizyon sa ki deja
soulaje kalamite n’ap viv nan syèk nou an, nou gen vokasyon pou nou disène siy
tan yo. Frè ak sè m’ yo, nan lavi a gen yon tan pou chak bagay, gen yon tan tristès,
yon tan kè kontan; yon tan pou konstwi, yon tan pou detwi; yon tan pou pèdi, yon
tan pou genyen; men tou, fòk nou pa bliye
pi bonè se gran maten, pa jan m’ di n’a gen tan; ou wè jodi a men ou pa
konn demen, sa nou gen pou n’ fè, se pou n’ fè l’ san nou pa pèdi tan: se pou
nou swiv siy tan yo ke Bondye fè nou kado pou ritme lavi nou.
Jezi itilize metòd parabòl trè souvan pou li
bay disip li yo lansèyman: nan Levanjil Matye a Jezi prezante nou imaj yon pye
figye, kote li envite nou gade pwòp sitiyasyon lavi nou. Mezanmi si nou kapab
gade siy tan yo lè nou bezwen regle zafè nou, poukisa nou pa kapab gade siy tan
yo tou pou zafè pa Bondye nan Legliz la?
Anpil fwa nou gade lalin nan, e selon jan nou
wè li nou kapab devine si lapli ap tonbe, si sezon an ap bon…Konsa tou nou dwe
gen zye nou louvri sou sa k’ap pase bò kote nou.
Jodi a nou konstate gen anpil bagay k’ap pase
nan lemond, menm bouch nou pa gen pou nou pale yo. Antouka, an nou chache
konprann atravè tout sa, ki mesaj Jezi vle pote pou nou.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, ouvri zye entelijans nou pou nou ka konprann
kisa ou vle di nou atravè siy tan n’ap viv la.
PWOPOZISYON: Chache dekouvri yon mesaj atravè yon siy,
yon jès, yon pawòl. Pote yon mesaj renmen atravè yon siy, yon jès oubyen yon
pawòl.
No hay comentarios:
Publicar un comentario