Koulè Blan
PREZANTASYON MARI KI SEN, KI VYÈJ
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Resevwa liv
la, devore l’».
LEKTI LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 10, 8-11
Mwen menm,
Jan, mwen tande yon vwa nan syèl la ankò k’ap pale avèk mwen, k’ap di: «Ale,
pran liv la ki ouvri a nan men anj la ki kanpe sou lanmè a ak sou tè a».
L’ale kot anj
la, li di l’ pou l’ ban m’ liv la, li di m’: «Pran liv la, devore l’, l’ap fè
vant ou vin anmè, men nan bouch ou l’ap dous tankou siwo myèl». Mwen pran liv
la nan men anj la, mwen devore l’; li te dous tankou siwo myèl nan bouch mwen;
men, lè m’ fin devore l’, li te anmè nan vant mwen.
Li di m’: «Ou
gen pou ou fè deklarasyon pwofèt ankò bay anpil nasyon ak pèp ak lang ak wa».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 118, 14. 24. 72. 103. 111. 131 (r.: 103a)
R/ Ala dous pwomès ou yo dous nan bouch mwen.
Nan wout temwayaj
ou yo mwen jwenn plezi m’ tankou nan tout kalite richès.R.
Sèke temwayaj ou yo se plezi m’, desizyon ou yo se
konsèy mwen.R.
Lalwa ou la pi bon pou mwen pase mil pyès lò ak lajan.R.
Ala dous pawòl ou yo dous nan palèt mwen, plis pase siwo
myèl nan bouch mwen.R.
Eritaj mwen se temwayaj ou yo pou tout tan, paske se
kontantman kè m’ yo ye.R.
Mwen louvri
bouch mwen, mwen respire espri a, paske mwen te anvi kòmandman ou yo.R.
LEVANJIL
«Nou fè kay Bondye a vin tounen yon kachèt asasen».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 19, 45-48
Lè sa a:
Jezi antre
nan Tanp la, li kòmanse chase moun k’ap vann ladan l’ yo, epi k’ap achte yo, li
di yo: «Men sa k’ ekri: «sèke kay mwen an se kay priyè li ye»; nou menm menm
nou fè l’ vin tounen yon «kachèt bandi».
Li t’ap bay
ansèyman chak jou nan Tanp la.Chèf prèt yo menm ak skrib yo ak chèf pèp yo t’ap
chèche touye l’, men yo pa t’ jwenn kijan pou yo te fè l’, sèke tout pèp la te
pandye ap koute l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Legliz la ap selebre prezantasyon Mari ki sen e ki vyèj. Nan
okazyon sa litiji legliz la mete devan nou yon tablo ekstrawòdinè, li prezante
nou yon imaj sou Jezi, ke nou pa twò abitye ak li: Jezi chase moun ki t’ap vann
nan tanp la. Li di yo kay Papa li a se kay lapriyè li ye, yo pa gen dwa fè l’
tounen yon kachèt bandi.
Konbyen fwa nou
pretann fè sa nou vle ak kò nou? Nou bliye si se tanp Lespri Sen an li ye.
Jounen jodi a, nou konstate malerezman gen anpil jèn ki kouvri kò yo ak
tatouwaj, gen anpil jèn tou k’ap vann kò yo pou yon rezon oubyen yon lòt.
Bondye pa pran plezi nan sa.
Jodi a frè ak sè m’ yo, si
nou louvri tanp kè nou pou resevwa Lespri Bondye, nou va kapab derasinen tout
move santiman ki fè nou youn pa vle wè lòt, nou you vle detwi lòt; epi nou va
met tèt nou ansanm pou nou travay pou lavi boujounen, nan fanmi nou, nan katye
a ak nan kominote a. Konsa pwomès Granmèt la ap dous nan bouch nou plis pase
siwo myèl jan nou chante l’ nan sòm nan. Eritaj nou a va temwanyaj Granmèt la
pou tout tan. E se konsa, menm jan ak liv apokalips la n’ap kapab pran liv
Granmèt la devore li; sa vle di, aplike l’ nan lavi nou tout bon. Sa vle di, nou
va tounen kretyen otantik, menm jan ak Lavyèj Mari, ki di: mwen se sèvant, se
pou sa fèt jan li vle.
Nan Mari, nou jwenn yon
modèl sajès, senplisite, responsabilite, konfyans. An nou pran li pou modèl
nou, antan nou sou chemen lafwa, an nou mande li entèsede pou nou, menm jan li
te fè sa pou envite nan nòs Kana a.
LAPRIYÈ: Granmèt,
antan n’ap sonje Mari ki sen anpil, ki Vyèj, avèk respè, n’ap mande ou, tanpri,
pou gras a priyè l’, nou merite jwenn, nou menm tou, nan gras ou a ki plen l’
nan. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Nan okazyon sa, ann reflechi sou kalite temwayaj nou bay ak pawòl ki
soti nan bouch nou.
NB:
SI YO VLE YO VA LI POU JODI A:
PREMYE LEKTI:
Zakari 2, 10-13
SÒM REPONS: Lik
1, 46-55
LEVANJIL: Matye 12, 46-50
No hay comentarios:
Publicar un comentario