Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«M’ap fè yon desandans kòrèk
leve pou David»
LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI 23,
5-8
«Men jou k’ap vini, deklarasyon Granmèt la, m’ap fè yon desandans kòrèk leve
pou David; l’ap kòmande kòm wa, l’ap gen sajès, l’ap fè jijman ak jistis sou tè
a. Nan jou sa yo, Jida ap sove, Izrayèl ap abite avèk asirans; men ki non y’ap
rele l’: «Granmèt nou an ki kòrèk la».
Poutèt sa, men jou k’ap vini, deklarasyon Granmèt la, yo p’ap di ankò: «Granmèt
la vivan, li menm ki te fè pitit Izrayèl yo sot nan peyi Lejip la», men: «Granmèt
la vivan, li menm ki te fè ras kay Izrayèl la sòti nan peyi nan nò a ak nan
tout peyi yo, kote mwen te jete yo a, epi li kondui yo vini, y’ap abite nan peyi
l’ la».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 71, 2. 12-13.
18-19 (r.: cf. 7)
R/ Jistis ap fleri nan tan l’avèk lapè an kantite pou tout tan.
Bondye, bay wa a jijman ou, bay pitit wa a jistis ou, l’ap jije pèp ou a
nan jistis, ak pòv ou yo nan jijman.R.
Sèke l’ap delivre malere a k’ap rele a, ak pòv la ki pa gen sekou a.
L’ap pran pitye pou pòv la ak mizerab la, l’ap sove nam pòv yo.R.
Konpliman pou Granmèt Bondye, Bondye Izrayèl, li menm ki fè mèvèy pou kont li; konpliman pou non l’ ki gran an pou tout
tan, tout tè a ap plen ak grandè l’.Amèn, amèn.R.
LEVANJIL
«Jezi fèt sot nan Mari, ki te
fiyanse ak Jozèf, pitit David.»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ MATYE KI SEN 1, 18-24
Men kijan Jezikri te fèt :
Lè manman l’ Mari te fiyanse avèk Jozèf, anvan yo te abite ansanm, rive li
te vin ansent pa pouvwa Lespri Sen an ; Jozèf menm, mari l’, kòm li te
kòrèk, epi li pa t’ vle denonse l’, li te vle ranvwaye l’an kachèt.
Pandan l’ap kalkile sa, zanj Granmèt la parèt devan l’ nan rèv, li
di : “Jozèf, pitit David, pa pè
resevwa Mari, madanm ou an : sèke sa k’ fèt nan li a se nan Lespri Sen an
li sòti ; l’ap anfante yon pitit gason, w’ap rele non l’ Jezi, se li menm
k’ap sove pèp li a sot nan peche l’ yo.”
Tout sa rive pou pawòl Granmèt la te di pa lentèmedyè pwofèt la rive
vre : “Men vyèj la ap vin
ansent, l’ap anfante yon ti gason ; y’ap rele non l’Emanyèl, sa vle di Bondye-avèk-nou.”
Lè Jozèf leve sot nan dòmi, li fè jan zanj Granmèt la te pase lòd la, li
resevwa madanm li an.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Nou
ap pwoche pi pre fèt Nwèl la, kote nou selebre lanmou Bondye a ki pran chè pou
li te ka libere nou. Sem Irene di nou: Bondye te kreye nou san nou, li p’ap
sove nou san nou. Nou dekouvri as nan istwa delivrans nou na, atravè Lavyèj
Mari.
Nou
abitye sonje ke Bondye te mande Lavyèj Mari si l’ te aksepte ansent Jezi, avan
l’ te fè mirak la. Nou toujou di konsa, Bondye respekte libète moun nan, li pa
enpoze volonte l’ sou nou. Tout sa se vre, epi li enpòtan pou n’ sonje sa.
Men
pafwa, gen sityasyon nan lavi nou ki sanble plis ak eksperyans Jozèf te fè a.
Jozèf li menm, li pa t’ janm konnen si Lespri Sen an te pral ansent fiyanse li,
Mari. Yo pa t’ mande Jozèf si l’ te dakò. Se aprè sa te fin fèt, li te vin rann
li kont sa.
Anpil
fwa nan lavi nou, gen bagay ki rive nou, nou pa t’ janm mande yo, nou pa t’
menm prepare pou yo. Nan sityasyon sa yo, nou ka sonje Sen Jozèf, ak jan l’ te
reyaji lè sa menm te rive l’ tou.
Jozèf
te sezi lè l’ wè Mari ansènt epi se pa li menm ki te ansènt li, men l’ pa t’
reyaji ak vyolans. Menm avan l’ te fin konprann sa ki t’ap pase a, li te pran
desizyon aji yon fason ki pa ta pral fè Mari mal.Daprè lalwa alepòk, li te gen
dwa touye Mari ak kout wòch, men li te pran desizyon separe avè l’ tou
senpleman, san moun pa konnen ki sa k’ te pase nan mitan yo. Lè zanj Bondye a
te eksplike Jozèf vrè rezon Mari te ansent la, Jozèf te aksepte l’ak tout kè
li. Li te leve Jezi kòm si l’ te pitit pa l’. Malgre li pa te konnen sa
alavans, li te wè jan Bondye te bezwen l’ tou, epi li te kolabore ak volonte
Granmèt la jiskobou.
Nou
menm tou, lè yon bagay rive nou ki fè n’ sezi epi ki ba nou malalèz, nou ta dwe
reflechi sou ekzanp Jozèf. Si l’ te reyaji ak vyolans, se yon gwo erè li t’ap
fè, paske se Pitit Bondye a menm li ta pral touye.
Okontrè,
fò n’ chache reyaji ak sajès, ak renmen, epi pou n’ chache konprann nan ki
fason Granmèt la ap sèvi ak sityasyon sa a pou envite m’ kolabore ansanm avè
l’, pou tout moun ka sove alawonnbadè.
LAPRIYÈ : Bondye ki gen tout pouvwa, tanpri, nou menm k’ap deperi anba jouk peche a
nan esklavaj lontan an, delivre nou gras a nouvo nesans Sèl Pitit ou a n’ap
tann nan. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON :
Èske anpil fwa mwen aprann bay pwojè Bondye priyorite sou pwojè pa mwen ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario