Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
PREMYE MOSO LABIB
“Nesans Samson an, zanj la
anonse a”
NAN LIV JIJ YO 13, 2-7. 24- 25a
Jou sa yo :
Te gen yon mesye nan Sorea nan ras Dan, yo te rele l’ Manwe, li te gen yon
madanm ki te steril; zanj Granmèt la parèt devan madanm nan; li di l’: “Fè atansyon pou ou pa bwè diven ak
bwason fò, ni pou ou pa manje okenn bagay ki pa pwòp; paske w’apral ansent, w’a
fè yon ti gason, razwa pa dwe touche tèt li: sèke li konsakre pou Bondye depi
l’ tou piti depi l’ nan vant manman, se li menm k’ap kòmanse delivre Izrayèl
sot nan men Filisten yo”.
Lè mari l’ rive, madanm nan di l’ : “Gen yon mesye Bondye ki te vin kote m’, li te gen fas yon zanj, li
te fè kè m’ sote anpil. Lè m’ mande l’ kilès li te ye epi ki kote li te sòti
epi ki non l’, li pa t’ vle di m’ ; men li reponn mwen konsa : Men
w’apral ansent epi w’ap anfante yon ti gason. Fè atansyon pou ou pa bwè diven
ni bwason fò, ni pou ou pa manje okenn bagay ki pa pwòp ; sèke ti pitit la
ap konsakre pou Bondye depi l’ tou piti, depi l’ nan vant manman l’ jous jou lanmò
li”.
Konsa li fè yon ti gason, li rele non l’ Samson. Ti gason an grandi,
Granmèt la beni l’. Lespri Granmèt la kòmanse vin avèk li nan abitasyon Dan yo
ant Sorea avèk Estawòl.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 70, 3-4a. 5-6ab.
16-17
R/ Bouch mwen ap anonse delivrans ou, Granmèt.
Se pou ou sèvi m’ yon wòch sitadèl, ak yon kay-defans pou ou sove m’, paske
fòs mwen ak kachèt mwen, se ou menm, Bondye mwen, wete m’ nan men moun peche a.R.
Paske se ou menm ki esperans mwen, Granmèt ; Granmèt, esperans mwen depi
m’ tou jèn. Se sou ou mwen apiye depi m’ nan vant, depi m’ nan vant manman m’
se ou menm ki soutni m’.R.
M’ap vin kot pouvwa Granmèt la : Granmèt, m’ap fè sonje jistis ou ki
pa gen parèy la. Bondye, ou ban m’ansèyman depi m’ tou jèn ; jous koulye a
m’ap anonse mèvèy ou yo.R.
LEVANJIL
“Nesans Jan Batis Gabriyèl
anonse a”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 1, 5-25
Nan tan Ewòd yo, wa Jide a, te gen yon prèt yo te rele Zakari, nan ras
Abya, madanm li te sòti nan yon fanmi Aawon, non l’ se te Elizabèt. Yo toulede
te kòrèk devan Bondye, yo te obeyi tout kòmandman ak desizyon Granmèt la san
kont. Men yo pa t’ gen pitit, paske Elizabèt te steril, yo toulede te avanse
nan laj yo.
Rive, pandan li t’ap fè sèvis prèt li nan ran klas li devan Bondye, daprè
abitid prèt yo, sò a tonbe sou li pou l’ prezante lansan antan l’antre nan Tanp
Granmèt la ; tout foul pèp la te deyò, yo t’ap priye pandan lè lansan an.
Zanj Granmèt la parèt devan l’, li kanpe adwat lotèl lansan an. Zakari
twouble lè l’ wè sa, sezisman tonbe sou li.
Zanj la di l’ : “Pa pè,
Zakari, yo tande priyè w’ la ; madanm ou, Elizabèt, ap fè yon ti gason ba
ou, w’ap rele non l’ Jan, w’ap kontan, w’ap fete, anpil moun ap kontan nan
nesans li. Sèke l’ap gran devan Granmèt la, li p’ap bwè diven ak alkòl, l’ap
plen Lespri Sen an depi nan vant manman l’. L’ap fè anpil pitit Izrayèl yo
tounen kot Granmèt Bondye yo a. Li menm l’ap mache devan l’ nan Lespri ak
pouvwa Eli, « pou l’ fè kè papa yo vire kot pitit yo », pou l’ fè
moun ki pa kwè yo vin gen entelijans moun kòrèk yo, pou l’ pare yon pèp ki
kòrèk nèt pou Granmèt la”
Zakari menm di zanj la. “Kòman m’ap fè konn sa? Sèke mwen menm mwen se yon granmoun, epi madanm mwen
avanse nan jou l’ yo”.
Zanj la reponn, li di l’ : “Se
mwen menm Gabriyèl, ki kanpe devan Bondye ; li voye m’ pou m’ pale ak ou,
epi pou m’anonse ou bòn nouvèl sa yo. Ebyen men w’apral baba epi ou p’ap kapab
pale jous nan jou bagay sa yo ap fèt, poutèt ou pa t’ kwè pawòl mwen yo, k’ap
reyalize nan tan yo”.
Foul la menm t’ap tann Zakari, yo te sezi poutèt li te mize nan Tanp la. Lè
l’ sòti menm li pa t’ kapab pale avèk yo, yo te rekonèt se yon vizyon li te
genyen nan Tanp la. Li menm
menm li t’ap fè yo siy, epi li te rete baba.
Rive, lè jou sèvis li yo fini, li pati al lakay li. Aprè jou sa yo,
Elizabèt madanm li vin ansent, li te ret kache, pandan senk mwa, li t’ap di: “Se konsa Granmèt la aji avèk mwen,
nan jou sa yo, kote li voye je pou l’ wete wont mwen an nan pami lèzòm yo”.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Pouvwa Bondye se
yon bagay nou pa kapab mezire ak pwòp ti entelijans nou, paske Bondye pi gran
pase nou, se kreyati li nou ye. Entelijans li ba nou twò piti pou nou ta rive
konprann li nan Sajès li ki san mezi ak nan renmen li ki san limit.
Gen yon gwo vid ki separe Kreyatè a ak kreyati a.
Nou li de tèks jodi a ki sanble tèt koupe: Youn pale de istwa nesans Samson;
lòt la pale de istwa nesans Jan Batis. Nan tou de istwa sa yo nou wè Bondye fè
gwo entèvansyon, kidonk se Bondye k’ap aji, atravè mesaje li. Tou de istwa yo
montre kòman Bondye kapab aji nan feblès nou. Lè tout bagay parèt enposib pou
nou, lè nou santi nou dekouraje, n’ap pase wont nan sosyete a, Bondye li menm
li kapab aji pou li leve tèt nou. Paske li Se Bondye Abraam, Izaak ak Jakòb la,
li se Bondye ki onore pwomès li, li se yon Papa fidèl. Nan premye moso labib
la, Manwe se te yon nèg ki pa t’ espere gen pitit ak madanm li, paske madanm
nan te steril; sa vle di li pa t’ gen kapasite natirèl pou li te fè pitit.
Nan kilti pa nou, nou konnen lè yon fi steril ki
non yo ba li, epi kijan fi sa kapab santi li jennen pou li mache nan sosyete a.
Se yon sitiyasyon ki vrèman imilyan, sitou lè tout moun konnen entèl se yon jèn
fi ki gen 5 an oubyen 10 zan depi li marye epi li pa janm fè pitit. Nan
Levanjil la nou wè Elizabèt, madanm Zakari te twouve li nan ka sa tou, li te
steril epi li te avanse nan laj. Kidonk se yon fi ki te dezespere gen pitit.
Men nou wè pandan Zakari t’al prezante lansan nan Tanp la Bondye te anonse li
yon bòn nouvèl, li di li atravè zanj Gabriyèl: «Pa pè, Zakari, yo tande priyè w’ la ; madanm
ou, Elizabèt, ap fè yon ti gason ba ou, w’ap rele non l’ Jan, w’ap kontan, w’ap
fete, anpil moun ap kontan nan nesans li…».
Mezanmi, se yon istwa ki envite nou mize lavi nou sou Bondye epi pou nou
mete tout konfyans nou nan li, paske se Bondye sèl ki ka pote lavi ak lespwa
pou nou. Se li menm sèl ki kapab chanje lavi nou, se li menm sèl ki kapab leve
tèt nou devan sosyete a.
LAPRIYÈ:Bondye, ou menm ki devwale klète glwa ou bay tè a,
gras a Pitit Lavyèj ki sen an anfante a, tanpri, mistè gran Bondye sa a ki vin
pran chè a, fè nou adore l’avèk yon lafwa ki entak, fè nou toujou frekante
l’avèk tout respè nou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap fè Bondye
plis konfyans nan pwoblèm mwen yo, paske li gen tout pouvwa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario