Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
“Men Vyèj la ap vin
ansent”    
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 7, 10-14
Jou sa yo :                      
Granmèt la pale avèk Akaz, li di : “Mande Granmèt Bondye ou la yon siy
nan bafon anba tè a oubyen nan syèl la anwo nèt la”. Akaz di : “Mwen p’ap
mande, mwen p’ap eseye Granmèt la”.
Izayi di : “Koute, kay David : Èske sa pa kont nou pou n’ap
fatige lèzòm, pou nou rive ap fatige ata Bondye m’ nan? Se pousa Granmèt la li menm ap ba nou yon siy. Men
vyèj la ap vin ansent, l’ap fè yon ti gason, y’ap rele non l’ Emanyèl, paske
Bondye-avèk-nou”.
Pawòl Granmèt la. 
SÒM REPONS 23, 1-2. 3-4ab.
5-6 
R/ Granmèt la ap antre: li se wa bèlte a.
Pou Granmèt la tè a ak sa k’ plen l’, fas tè a ak sa k’ abite ladan l’.
Sèke se li menm ki poze l’ sou lanmè yo, ki rann li solid sou gran rivyè yo.R.
Kilès k’ap monte sou mòn Granmèt la, oubyen kilès k’ap kanpe sou plas li ki
sen an ?
Moun ki gen men l’inosan ak kè l’ nèt, ki pa nonmen non l’ pou granmesi.R.
Moun sa a ap resevwa benediksyon nan men Granmèt la ak jistis la nan men
Bondye sovè l’ la.Sa a se jenerasyon moun k’ap chèche l’ yo, k’ap chèche fas
Bondye Jakòb la.R.
LEVANJIL
“Men w’ap ansent, w’ap anfante yon
ti gason”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 1, 26-38
Sou sizyèm mwa a Bondye voye zanj Gabriyèl nan yon vil Galile yo rele
Nazarèt, kot yon vyèj ki te fiyanse avèk yon mesye yo te rele Jozèf, nan kay
David, non vyèj la se te Mari.
Zanj la antre kote l’, li di : “Se pou kè ou kontan, plen gras,
Granmèt la avèk ou, ou beni nan pami tout fi”. Lè l’ tande sa, li
twouble poutèt pawòl li a, li t’ap kalkile ki kalite mòd jan salye sa a.
Zanj la di l’ : “Pa pè, Mari ; ou jwenn gras kot Bondye :
men w’ap ansent, w’ap anfante yon ti pitit gason, w’ap rele non l’ Jezi. L’ap
gran, y’ap rele l’ Pitit Sa a ki anwo nèt la, Granmèt Bondye ap ba l’ twòn
David papa l’, l’ap kòmande kòm wa nan kay Jakòb la pou tout tan, peyi-wa l’ la
p’ap janm fini”.
Mari di zanj la : “Kijan pou sa fèt, paske mwen pa gen konesans
lèzòm ?”
Zanj la reponn, li di l’ : “Lespri Sen an ap vini nan ou, fòs Sa a ki
anwo nèt la ap kouvri ou ak lonbraj li. Se pou sa sa a k’ap fèt nan ou a, l’ap
sen, y’ap rele l’ Pitit Bondye. Men Elizabèt, kouzin ou an, li menm tou li
ansent yon ti gason nan vyeyès li, mwa sa a se sizyèm nan pou sa a yo te rele
steril la ; paske anyen pa enposib kot Bondye”.
Mari di : “Men sèvant Granmèt la ; se pou sa fèt pou mwen daprè
pawòl ou a”. Zanj la pati kite l’.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a. 
REFLEKSYON : Pawòl
Bondye a pou jodi a ap fè nou konnen Bondye pral voye sovè a pou vin delivre
nou pa lantremiz yon jèn fi yo rele Mari.
Anpil fwa nan lavi nou, Bondye konn delege zanj li pou pale ak nou ;
men souvan nou pa rann nou kont oubyen nou pa bay sa enpòtans, paske nou pa gen
menn disponibilite ak Manman Mari. Nou manke pasyans ak sajès Bondye pou n’
rive koute moun Bondye voye bò kote nou.
Mari pa t’ gen okenn laperèz, li te byen dyanm, li te gen bon santiman ak
bon konprann, e avèk detèminasyon, tou senp epi li wè se li menn Bondye Granmèt
la chwazi pou manman Sovè a, sa di nou anpil kichòy.
Sa mande nou pou n’ sòti nan tonbo nou yo : ogèy, potenta, pretansyon,
k’ap fè nou rete lwen Bondye, fòk nou desann byen ba pou Bondye li menn ka leve
nou. Tankou li te fè pou manman Mari a, yon ti jèn fi ki te gen anpil konfyans
nan Bondye.
Mari di zanj lan : «se pou sa fèt jan Bondye vle a» ; nou menn
tou, frè ak sè m’, an nou kite volonte Bondye fèt nan lavi nou, pa kraze plan
Bondye gen pou nou pou lòt bagay ki pa gen twòp enpòtans sou tè a. An nou kite
Granmèt la itilize nou kòm yon enstriman pou pote lavi bay lòt yo.
Elizabèt ak Zakari, nou wè jous kilè Bondye te vin fè yo favè, pou l’ te ba
yo yon pitit gason. Nou menn tou, an nou mize lavi nou sou Bondye paske pa gen
anyen Bondye pa ka fè, antan n’ap fè pawòl Lavyèj la tounen pawòl pa nou :
« mwen se sèvant Granmèt la, se pou sa rive jan l’ di a». 
LAPRIYE : Bondye Granmèt, mèsi paske w’ te
chwazi Lavyèj Mari pou manman Pitit ou a, li menm antan ke Gran Frè nou ki te
remèt nou li kòm manman. Fè nou imite modèl obeyisans li ak disponiblite li
antan w’ap koute priyè l’ap fè pou nou jwenn sekou nan men ou. Pa pouvwa
Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON : Koute kisa Granmèt la pwopoze mwen jodi a. Dyaloge ak li nan silans kè
mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario