Koulè Vyolèt
KATRIYÈM SÉMÈN LAVAN
KATRIYÈM DIMANCH LAVAN,
ANE-B
PREMYE LEKTI
«Rèy David la ap kanpe pou
tout tan devan fas Granmèt la».
LEKTI DEZYÈM LIV SAMYÈL 7,
1-5. 8b-12. 14a. 16
Rive lè Wa David
fin enstale nan lakay li, lè Granmèt la fin ba l repo tout kote sot anba men
tout lènmi l yo, li di pwofèt Natan : "Gade kijan mwen menm mwen
abite nan kay ki fèt ak planch bwa pen, epi pa Bondye a menm depoze nan mitan
yon joupa". Natan di wa a: "Tou sa ki nan kè w, al fè l, paske
Granmèt la avèk ou". Rive nan nwit sa a menm, pawòl Granmèt la rive kot
Natan, li di: "Al di David sèvite m nan: 'Men pawòl Granmèt la: Èskè se ou
menm k ap bati yon kay ban mwen pou m abite? Se mwen menm ki te pran ou sot nan
savann zèb la, lè ou t ap swiv bann mouton yo, pou ou te kapab vin chèf sou pèp
mwen Izrayèl, mwen te avèk ou nan tout okazyon tout kote ou te pase, mwen te
touye tout lènmi ou yo sot devan fas ou ; mwen te fè ou vin gen yon non ki
gran tankou non gran pèsonaj yo ki sou tè a. M ap mete yon kote pou pèp mwen
Izrayèl, m ap plante l, l ap abite la, li p ap nan kè sote ankò ; pitit
mechanste yo p ap vin pou yo trakase l tankou anvan, depi jou mwen te enstale
jij yo sou pèp mwen Izrayèl la. M ap ba ou repo sot anba men tout lènmi ou yo,
Granmèt la avèti ou davans se Granmèt la k ap fè yon kay pou ou. Lè jou ou yo
ap fin rive nan limit yo, epi ou ap dòmi ansanm avèk zansèt ou yo, m ap fè
desandans ou leve apre ou, sa k soti nan vant ou a; m ap konsolide reny li, M
ap yon papa pou li, li menm l ap yon pitit pou mwen. Kay ou a ap fidèl, ni reny
ou a jous pou tout tan devan fas ou, fotèy ou a ap solid pou tout tan". 
Pawòl Granmèt la. 
SÒM REPONS 88, 2-3. 4-5. 27 e
29 (r.: cf. 2a)
R. Kè sansib Granmèt la se tout tan m’ap chante l’.
Kè sansib Granmèt la, se tout tan m’ap chante l’, pou jenerasyon ak jenerasyon
m’ap anonse verite ou nan bouch mwen. Sèke mwen te di : «Pou tout tan kè
sansib la bati, nan syèl la ou asire verite ou la.R.
Mwen regle alyans avèk sa a mwen chwazi a, mwen fè sèman bay David, sèvitè m’
nan : Pou tout tan m’ap asire desandans ou a, m’ap drese fotèy ou pou jenerasyon
ak jenerasyon.R.
Li menm l’ap rele m’ : «Se Papa m’ ou ye, Bondye m’ak Wòch k’ap sove m’
nan».
Pou tout tan m’ap kenbe kè sansib mwen pou li, alyans mwen an ap fidèl pou
li.R.
DEZYÈM LEKTI
«Mistè a ki te ret an silans
pandan tout tan yo, li louvri koulye a».
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN
POU WOMEN YO 16, 25- 27
Frè m’ yo:
Sa a ki gen pouvwa pou l’ konsolide nou daprè bòn nouvèl mwen an ak prèch mwen
fè sou Jezikri, daprè revelasyon mistè ki te ret an silans pandan tout tan yo,
men ki louvri koulye a gras a sa pwofèt yo te ekri yo, daprè lòd Bondye bay depi
tout tan, mistè sa a tout nasyon yo konnen pou yo obeyi lafwa a; pou Bondye sèl
ki gen sajès pa pouvwa Jezikri, onè ak konpliman pou li pou tout tan gen tan!
Amèn.
Pawòl
Granmèt la. 
LEVANJIL
«Men w’ap pote yon pitit nan
vant, w’a fè yon ti gason»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
LIK KI SEN 1, 26-38
Lè sa a: 
Bondye voye mesaje Gabriyèl
nan yon vil Lagalile yo rele Nazarèt, kot yon vyèj ki te fiyanse avèk yon mesye
yo te rele Jozèf, nan kay David, non vyèj la se te Mari. Mesaje a antre
kote l’, li di : «Se pou kè ou kontan, ou menm ki plen favè, Granmèt la
avèk ou, ou beni nan pami tout fi». Lè l’ tande sa, li twouble poutèt pawòl li
a, li t’ap kalkile ki kalite mòd jan salye sa a, Mesaje a di l’ : «Pa pè,
Mari ; ou jwenn favè kot Bondye : men w’ap ansent, e w’ap anfante yon
ti pitit gason, w’ap rele non l’ Jezi. L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sila a ki
anwo nèt la, Granmèt Bondye ap ba l’ fotèy David papa l’, l’ap kòmande kòm wa
nan kay Jakòb la pou tout tan, rèy li p’ap janm fini». Mari di Mesaje a :
«Kijan pou sa fèt, paskè mwen pa gen konesans gason» ? Mesaje a reponn li
di l’ : «Lespri Sen an ap vini nan ou, fòs Sila a ki anwo nèt la ap kouvri
ou ak lonbraj li. Se pou sa sila a k’ap fèt nan ou a, l’ap sen, y’ap rele l’
Pitit Bondye. Men Elizabèt, kouzin ou an, li menm tou li ansent yon ti gason
nan vyeyès li, mwa sa a se sizyèm nan pou sila a yo te rele pa kapab fè pitit
la ; paskè anyen pa enposib kot Bondye», Mari di : «Men sèvant Granmèt
la ; se pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a». Mesaje a pati kite l’. 
REFLEKSYON : Frè ak sè m’ yo, jodi a se katriyèm dimanch tan Lavan
nan lane B, sa vle di nou rive nan fen tan Lavan an epi n’ap vanse nan gwo fèt
kè kontan, ki se fèt Nwèl la.
Avan nou ale pi lwen, an nou pran yon ti tan
pou nou wè kote nou ye nan chemen nou sot fè pandan tan preparasyon sa a. Èske
kè nou vrèman prepare pou nou fete fèt nwèl la.
Nan premye moso Labib la, nou wè Bondye te fè
David anpil pwomès men li pa t’ bliye, paske Bondye pa janm bliye pwomès li fè
nou. Lè nou gade sòm 88 la, nou wè menm lide pwomès Bondye te fè David la. Granmèt
la gen kè sanbib pou nou, sitou sa k’ pi pòv yo. Menm jan avèk David, nan tèks
anonsyasyon an tou nou kapab di ke Bondye pa gade sou figi moun men li gade sou
kalite moun nan. Pou l’ te voye Pitit li a vin sove nou, li pa t’ chèche yon fi
ki te sòti nan gwo fanmi, ki te plase nan moun ki te pi wo nan sosyete a, men
li te vire gade yon ti pòv, ke sosyete a pa t’ menm konnen petèt, sitou nan yon
pèp kote se gason yo te bay enpòtans.
Mari se te yo fanm, menm Bondye pa t’ gade
sou sa. Nan yon sosyete kote yo te bay granmoun plis valè, Mari li menm se te
yon ti jèn fi, men Bondye te kraze tout baryè sa a yo pou l’te ranpli l’ak tout
gras ki nesesè pou l’ te kapab prepare l’ pou l’ te fè pitit li tounen moun.
Mari pa t’ reponn lanj lan touswit, li te pran yon ti tan pou l’ te poze lanj
Gabriyèl yon ti kesyon, se jis pou l’ te kapab distenge si se te Granmèt la
tout bon vre ki te voye l’ pale avè l’. Men touswit aprè lanj la te fin ba l’
repons, kòm li te deja dispoze pou l’ te kolabore nan zèv sove tè a, li pa t’
grate tèt pou di l’ap gade pou l’ wè ; men li te reponn «wi», yon «wi» ki
te monte mòn, paske «wi» sa te kondwi l’ jis nan pye lakwa a, jis kote misyon
Jezi a te fini an.
Menm jan Mari te louvri kè l’ pou l’ te
resevwa pawòl Bondye, nou menm tou an nou pa fè kè nou di lè nou tande Bondye
ap pale avèk nou, an nou pa pè reponn ak apèl li fè nou ; konsa n’a rive
kolabore nan travay pou delivrans tè a.
LAPRIYE :
Bondye papa nou, ede nou distenge vwa w’ lè ou pale avè nou. Ede nou di «wi»
san nou pa gade deyè, san nou pa poze kesyon ; konsa, menm jan avèk manman
Mari, n’a merite antre nan bèlte ou prepare pou nou an. Amèn !
PWOPOSISYON : Chache koute vwa Bondye nan lavi m’epi reponn li «wi»
chak fwa li rele.
No hay comentarios:
Publicar un comentario