Páginas

LENDI 22

Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Án ap di Bondye mèsi pou nesans Samyèl»
LEKTI PREMYE LIV SAMYÈL 1, 24-28
Jou sa yo :
Àn mennen Samyèl avèk li, lè l’ fin sevre l’, ansanm avèk yon towo twazan, twa mamit farin ak yon boutèy diven ; li mennen l’ lakay Granmèt la nan Silo. Ti pitit la te tou piti toujou. Yo sakrifye towo a, yo ofri pitit la bay Eli.
Án di : «Tanpri, mèt mwen, sou lavi nam ou, mèt mwen ; se mwen menm madanm sa a, ki te kanpe devan ou nan, isit la menm mwen t’ap priye Granmèt la. Se pou pitit sa a mwen t’ap priye, Granmèt la ban m’ sa m’ te mande l’ la. Se pousa mwen menm tou mwen renmèt li bay Granmèt la pou tout lavi l’, l’ap toujou ret pou Granmèt la».
Yo adore Granmèt la, la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 1 Sam 2, 1. 4-5. 6-7. Sabcd (r.: la)
R/ Kè m’ap danse nan Granmèt la ki sove m’ nan.
Kè m’ap danse nan Granmèt la :
kòn mwen leve nan Bondye m’ nan ; bouch mwen louvri laj kont ènmi m’ yo, paske mwen kontan nan delivrans ou a.R.
Zam flèch vanyan sòlda yo kase, men fèb yo mare ren yo ak fòs. Sa k’ te plen lontan yo y’ap fè jounalye pou moso pen, sa k’ te grangou yo yo gen vant plen; madanm ki te steril la li anfante anpil,
Sa k’ te gen anpil pitit la menm li febli.R.
Granmèt la fè moun mouri, li leve yo, li fè yo desann anba tè yo, li ba yo lavi ankò ; Granmèt la fè moun vin pòv, li fè moun vin rich, li rabese, li leve anlè.R.
Li leve malere a sot nan pousyè a, li leve pòv la sot nan fatra a, pou l’ fè l’ chita avèk chèf yo, pou l’ ba l’ twòn glwa.R.
LEVANJIL
«Li fè mèvèy pou mwen, Sa a ki gen pouvwa a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 1,46-56
Lè sa a: Mari di:
«Nam mwen ap fè lwanj Granmèt la, espri m’ danse nan Bondye ki sove m’ nan, paske li gade imilite sèvant li a. Reyèlman men depi koulye a tout jenerasyon ap di mwen ala kontantman, paske li fè gran mèvèy pou mwen, Sa a ki gen pouvwa a, non l’ sen.
Kè sansib li pou jenerasyon ak jenerasyon pou moun ki krenn li yo. Li fè bagay ki mande fòs ak bra l’, li gaye moun ki te gen lògèy nan kè yo. Li jete sa k’ gen pouvwa yo sot sou twòn yo, li leve sa k’ tou piti yo, li plen sa k’ grangou yo ak byen, li ranvwaye sa k’ rich yo min vid.
Li soutni Izrayèl, sèvitè l’ la, li sonje kè sansib li a, jan l’ te pale ak papa nou yo, Abraam ak ras li pou tout tan».
Mari rete avèk Elizabèt twa mwa konsa, aprè sa, li tounen lakay li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jou nesans Kris la fin rive sou nou, Jezi ta renmen fèt nan kè nou chak an patikilye, se poutèt sa litiji jodi a envite nou reflechi sou de (2) dimansyon enpòtan nan preparasyon pèsonèl n’ap fè pou nou ka resevwa Jezi pitit Bondye a.
Premye dimansyon sa se atitid rekonesans ak gratitid nou dwe montre Bondye Granmèt la. Nan litiji jodi nou reviv yon bèl istwa de medam ki se Án ak Lavyèj Mari, lavi yo se yon bèl ekzanp pou nou. Yo rekonèt ak tout kè yo tout gwo mèvèy Granmèt la fè nan yo. Paske pou Mèt la pa gen anyen ki enposib. Jodi a, se yon gran jou pou nou reflechi pou tout gras nou resevwa nan men Bondye Granmèt la.

Dezyèm dimansyon refleksyon jodi a nou jwenn li nan levanjil la : chan « Mayifikat la » ; se yon kokenn chenn mesaj pwofetik, men li tankou yon chan esperans nan Granmèt la ki leve tèt moun ki pi piti yo, moun ki pi pòv yo, moun sosyete a pa bay anpil enpòtans yo, moun ki senp yo e ki enb yo, moun ki rekonèt vrèman se Bondye ki tout yo, moun ki pa pran pòz gran panpan yo, ki pa gade moun sou aparans, moun ki pa konfye nan pwòp tèt li, men ki met tout espwa l’ sou Bondye.
Bondye toujou mete li bò kote moun sa yo, se yo ki preferans li, li menm identifye l’ avèk yo. Jodi a se yon gran okazyon pou nou reflechi sou kalite lanmou sa ke Bondye gen pou nou an e ki manifeste nan Jezikri a. Kòm pèp ayisyen, nou se youn nan pèp ki pi pòv nan lemond, sa fè nou ka di nou se pèp preferans Bondye Granmèt la, malgre soufrans ak mizè nou.  An nou di Bondye nou gen espwa nan li, pou peyi nou an kapab delivre, paske Bondye leve tèt pitit li yo ki nan bezwen, ki nan imilyasyon ak povrete yo.
LAPRIYÈ: Granmèt, ede nou rekonèt tout mevèy ou fè nan nou yo, ede n’ prepare kè n’ pou n’ akeyi kè kontan Nesans Pitit ou a k’ap vin delivre nou an. 

PWOPOZISYON: Fè konpliman pou Bondye pou tout mèvèy li fè nan lavi ou. Chante yon chan lwanj pou Granmèt la.

No hay comentarios:

Publicar un comentario