Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«M’ap voye pwofèt Eli ba
nou, anvan jou Granmèt la rive»
LEKTI LIV PWOFÈT MALACHI 3,
1-4: 4, 5-6
Men pawòl Granmèt Bondye :
«Men m’ap voye Anj mwen an, l’ap pare wout la devan fas mwen. San zatann l’ap
antre nan tanp li a, Chèf la, n’ap chèche a, Anj alyans la, nou anvi a. Men l’ap
vini, deklarasyon Granmèt lame yo. Kilès ki kapab kalkile jou l’ap rive a? Epi
kilès ki kapab kanpe pou gade l’? Li menm l’ap tankou dife k’ap boule, tankou
fèy lesiv; l’ap chita pou l’ fonn, pou l’ pwòpte lajan, l’ap netwaye pitit Levi
yo, l’ap netwaye yo tankou lò ak lajan, y’ap vin tounen pou Granmèt la moun k’ap
ofri sakrifis nan jistis. Sakrifis Jida ak Jerizalèm nan ap fè Granmèt la plezi
tankou jou syèk tan yo, tankou tan lontan yo».
«Men m’ap voye pwofèt Eli ba nou, antan jou Granmèt la rive, jou sa a ki
gran, ki terib la. L’ap fè kè papa vire kot pitit yo, epi kè pitit yo kot papa
yo, pou m’ pa vin frape tè a ak madichon».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 24, 4bc-5ab. 8-9
10 e 14 (r.: Lk 21, 28)
R/ Gade, leve tèt nou, paske redanmsyon nou an ap pwoche.
Chemen ou yo, Granmèt, montre m’ yo, santye ou yo, aprann mwen yo. Dirije m’
nan santye ou la, ban m’ leson, paske ou se Bondye Sovè mwen.R.
Granmèt la bon, li dwat, se pousa l’ap aprann pechè yo chemen an ; l’ap
kondui moun ki dosil yo nan jijman an, l’ap aprann moun ki dou yo chemen l’ yo.R.
Tout chemen Granmèt la se kè sansib ak verite, pou moun ki kenbe alyans li a
ak temwayaj li yo. Granmèt la aji an zanmi ak moun ki respekte l’ yo, pou l’
montre yo alyans li a.R.
LEVANJIL
«Nesans Jan-Batis»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ LIK KI SEN 1,57-66
Elizabèt te rive lè pou l’anfante, li fè yon ti gason.Vwazin yo ak fanmi yo
tande kijan Granmèt la te fè mèvèy kè sansib li avèk li, yo fè kè yo kontan
avèk li.
Rive, sou uityèm jou a, yo vini pou yo fè sikonsizyon ti pitit la, yo rele l’
non papa l’ Zakari. Manman l’
pran lapawòl, li di: «Non, men y’ap rele l’ Jan».
Yo di l’: «Men pa gen pèsòn nan fanmi ou yo rele non sa a».
Yo fè papa l’ siy kijan l’ te vle rele l’. Li mande yon adwaz, li ekri, li
di: «Jan se non l’ sa». Tout moun sezi. Menm lè a bouch li louvri, ak lang li,
li pale, li fè konpliman pou Bondye.
Sezisman tonbe sou tout vwazen l’ yo; anlè tout mòn Jide yo, yo t’ap gaye
tout bagay sa yo. Tout moun ki tande sa, yo kenbe l’ nan kè yo, yo t’ap di: «Ki
sa ti pitit sa a ap ye»? Reyèlman men Granmèt la te avèk li.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a se lavèy fèt nesans Sovè a; sa vle di nou
rive nan dènye bout preparasyon tout Tan Tavan an kote nou t’ap prepare kè nou
pou gran evénman sa: Bondye ki vin tounen moun nan mitan nou pou li ka sove
nou. Li tounen sa nou ye a pou nou kapab tounen sa li ye a. Jounen jodi a se
jou pou tout Ayisyen pwofite pou revize lavi nou, konsyans nou, pou nou poze
tèt nou kesyon sa: “chak ane n’ap fete nesans Jezi nan mitan nou, men kè nou pa
janm chanje, sa ki fè sa?” E pou nou rive nan fèt sa, Legliz la ofri nou yon
bon bout tan, sa nou rele Lavan an, espesyalman pou preparasyon fèt sa a. Men
nou wè peyi nou ap vin pi mal de jou an jou. N’ap mande èske nou nenm kòm
kretyen nou prepare kè nou vre pou n’ resevwa Jezi? Ki ekzanp nou bay nan jan n’ap
viv, nan konpòtman nou? Ki ekzanp nou bay lòt moun ki pa bay Bondye regle anyen
pou yo nan lavi yo. Anpil fwa fason nou konpòte nou konn fè anpil nan moun sa
yo dekouraje pou vin jwenn Bondye, pou pran menm chemen avèk nou.
Nou wè tout kote
Bondye pase, tout kote yo pran nesans Jezi ak enpòtans gen chanjman ki fèt. Men
lakay nou se kontrè a. Donk pwoblèm nan se pa Bondye, men se nou menm paske nou
pa viv lafwa nou ak senserite, onètete, transparans, nou sonje Bondye sèlman
pou nou mande l’ lè nou bezwen yon bagay, e si nou pa jwenn li nou kòmanse
kondane Bondye, nou di li pa bon.
Kretyen Ayisyen,
Nan okazyon fèt nesans Jezi ane sa a, ann bay tèt nou yon defi ! Ann siyen
Nouvo Kontra ak Bondye tout bon vre. Ann travay pou nou tounen pèp Bondye tout
bon vre, epi pou Bondye tounen tout bon vre Bondye nou. Men pou nou rive
reyalize bèl pwojè sa tout bon vre, nou dwe fè jefò pou nou detache nou ak
bagay materyèl sèlman, bagay sipèfisyèl. Okontrè ann chache pito byen
espirityèl yo, santre lavi nou sou Bondye, e n’a wè bon jan fwi sa ap pote.
Ènmi an a sispann ri, l’a sispann di: “Jan pèp Ayisyen priye Bondye epi se pi
mal l’ap pi mal”. Ann aprann dekouvri valè nou kòm pèp Bondye chwazi pou sèvis
li. Ann montre Jezi te vin fèt nan mitan nou, li sove limanite. Ak valè li
anseye nou nan doktrin li an, n’ap sove peyi pa nou. Ann fè peyi nou pran yon
lòt direksyon pandan n’ap mete valè n’ap viv nan lafwa nou yo an aksyon, pou n’
di menm jan ak salmis lan: Leve kanpe, met tèt ou debou, lè liberasyon w’ lan
rive! An nou mande Granmèt la montre nou chemen li an, pou li aprann nou mache sou tras li ba nou
yo, pou n’ ka mache nan ladwati”.
Pou nou asime gran
responsablite sa, fòk nou aji menm jan ak Jan Batis,wòl nou se anonse epi
denonse tout mal, tout enjistis sosyal, prejije, mansonj, vyolasyon, koripsyon.
Pou sa, fòk nou ini fòs nou kòm kretyen pou n’di sètase! Nou dwe fè menm jan ak
Jan Batis, ki t’ap preche tout moun lakonvèsyon, epi ki t’ap devwale tout malis
kache otorite nan tan l’ yo t’ap pratike. Li pa te pè fè yo paske li te konnen
men Granmèt la te avèk li. Jan Batis pa te pè ekspoze lavi l’ pou l’ defann kòz
Granmèt la. Nou menm kretyen katolik, anpil fwa se sa ki konn pase nou, nou pè
ofri lavi nou pou kòz frè ak sè nou ki se kòz Granmèt la. Donk, nan lavèy fèt
Nwèl sa se sa levanjil la ap envite nou fè
lè li pale nou de nesans Jan Batis.
LAPRIYÈ: Jezi o, n’ap mande w’ ane sa, fè n’ santi
tout bon vre ou fèt nan mitan nou, nan peyi nou k’ap soufri paske nou manke
asime wòl nou kòm kretyen menm jan ak Jan Batis. Ede n’ dekouvri w’ nan mizè ak
doulè frè ak sè nou yo, pou n’ travay pou kondisyon lavi yo amelyore jan w’
mande n’ pou n’ fè a. Amèn.
PWOPOZISYON: Kisa ki anpeche
mwen viv jan Jezi mande a? Kisa m’ap fè pou mwen kraze anpèchman sa a?
No hay comentarios:
Publicar un comentario