Koulè Blan
NESANS GRANMÈT LA
(Gran Fèt)
NB : POU MÈS GRANMATEN AN
Y’AP LI :
PREMYE LEKTI : LIV PWOFÈT IZAYI 62,
11-12
SÒM REPONS 96, 1 e 6.11-12
DEZYÈM LEKTI : LÈT APOT PÒL KI SEN,
POU TIT 3, 4-7
LEVANJIL : LIK 2, 15-20
POU MÈS LAJOUNEN
AN :
PREMYE MOSO LABIB
“Tout limit tè a ap wè sove Bondye sove nou
an”
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 52, 7-10
Ala bèl yo bèl sou mòn yo, pye moun k’ap anonse bòn nouvèl la, k’ap preche
lapè a, k’ap anonse byen an, k’ap preche sove Bondye sove a, k’ap di
Siyon : «Bondye w’ la wa » ! Men vwa santinèl ou yo : yo
leve vwa yo, y’ap fè lwanj ansanm, paske y’ap wè je nan je lè Granmèt la ap
tounen Siyon.
Fè kè nou kontan, fè lwanj ansanm, dezè Jerizalèm yo, paske Granmèt la
konsole pèp li a, li rachte Jerizalèm. Granmèt la drese bra l’ ki sen an devan
je tout nasyon yo, tout limit tè a ap wè sove Bondye sove nou an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 97, 1. 2-3ab.
3cd-4. 5-6
R/ Tout limit tè a ap wè sove Bondye sove nou an.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li fè. Sove li sove a sot nan men dwat li, nan bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen sove li sove a, devan fas nasyon yo li devwale jistis li a.
Li sonje mizerikòd li ak verite l’ pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè sove Bondye sove nou an. Bat bravo pou Bondye, tout
tè a, eklate, danse, chante.R.
Chante pou Granmèt la sou gita, sou gita ak son mizik ; sou twonpèt ki
dous ak son kòn, fè konpliman devan fas Granmèt la ki wa a.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Bondye pale avèk nou nan Pitit la”
NAN LÈT EBRE YO 1, 1-6
Lontan, anpil fwa ak anpil manyè, Bondye te pale ak zansèt yo nan pwofèt
yo ; nan dènye jou sa yo, li pale avèk nou nan Pitit la. Se li menm li
enstale kòm eritye tout bagay, se pa lentèmedyè l’ li te fè tan yo. Li menm ki
klète glwa li ak pòtre sa l’ ye a, li pote tout bagay ak pawòl pouvwa l’ la, li
pwòpte peche yo, li chita adwat glwa a nan anwo nèt la ; li gen pi gran
plas pase Mesaje yo, non li eritye a pi gran anpil pase pa yo a.
Kilès nan zanj yo Bondye te di : «Se Pitit mwen ou ye, mwen menm jodi
a mwen anfante ou » ? Epi tou : « M’ap yon papa pou li, li
menm l’ap yon pitit pou mwen ». Epi, lè l’ap fè Premye Pitit la antre sou
fas tè a li di : «Se pou tout zanj Bondye yo adore l’ ».
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Pawòl la vin tounen moun, li abite nan nou”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 1, 1-18
Nan kòmansman se te Pawòl la, Pawòl la te kot Bondye, se Bondye Pawòl la te
ye. Li te kot Bondye nan kòmansman. Tout bagay te fèt pa lentèmedyè l’, san li
menm anyen pa t’ fèt nan sa k’ te fèt.
Nan li se te lavi, lavi a se te limyè lèzòm ; limyè a klere nan fènwa,
fènwa yo pa vlope l’.
Gen yon moun Bondye voye, yo te rele l’ Jan. Li te vini nan temwayaj, pou
l’ sèvi limyè a temwen, pou tout moun te kapab kwè pa lentèmedyè l’. Li pa t’
limyè li menm, men se pou l’ te kapab sèvi limyè a temwen.
Te gen vrè limyè a, sa k’ klere tout moun k’ap vin sou tè sa a. Li te sou tè a, se pa lentèmedyè l’ tè a
fèt, men tè a pa t’ rekonèt li ; li vin lakay li, moun lakay li pa t’
resevwa l’.
Men tout moun ki te resevwa l’, li ba yo pouvwa pou yo vin tounen pitit
Bondye, yo menm ki kwè o non l’, ki pa fèt sot nan san yo, ni nan volonte chè
a, ni nan volonte gason, men ki fèt sot nan Bondye.
Pawòl la vin tounen moun, li abite nan nou; nou wè glwa li, glwa tankou pa
Sèl Pitit la ki sot nan Papa a, plen favè ak verite.
Jan sèvi l’ temwen, li rele byen fò, li di: “Sa a, se osijè l’ mwen te di:
“Sa a k’ap vini apre m’ nan, li pran plas devan m’, paske li te la anvan mwen”;
nan sa l’ ye anplen an, nou
tout nou resevwa, epi gras pou gras. Sèke lalwa a yo te bay li pa lentèmedyè
Moyiz, gras la ak verite a menm se pa lentèmedyè Jezikri li rive. Bondye, pèsòn
pa janm wè l’ ; sèl Pitit la, ki nan vant Papa a, li menm li montre l’.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Zanmi Sous Lavi
yo, Bòn Fèt Nwèl pou nou tout ! Nwèl se fèt lajwa, fèt gete. Nwèl se Jezi
ki vin kraze dènye chenn. Pandan fèt sa a, Bondye vle montre nou, li pa yon
Bondye k’ap viv lwen nou, li pa yon Bondye ki rete nan lespas. Fèt sa a, se
Bondye ki vin fè youn avèk nou, Li pran fòm moun pou li kapab montre nou kijan
li pataje menm reyalite ak nou e kijan li kapab konprann nou nan tout
sitiyasyon lavi nou. Jou 25 desanm nan raple nou Emanyèl ki fèt. Emanyèl ki vle
di Bondye avèk nou. Menm jan lè yon etranje vin lakay nou, nou fè pwòpte pou nou
akeyi li, ebyen mwen panse pandan Tan Lavan an, nou te fè tout sa ki nesesè
tankou ale legliz, konfese, netwaye tout sa ki dwe netwaye nan lavi nou pou
kapab akeyi Sovè nou an nan gran jou sa a.
Youn nan gwo mistè
nou jwenn nan Levanjil la, se mistè Enkanasyon an : Bondye ki fè li tounen
moun pou li kapab sove nou. Kijan li kapab sove nou? Sa a se kesyon prensipal chak kretyen ta dwe
poze tèt li. Nou chak grenn moun ki sou tè a kapab sove avèk yon sèl kondisyon.
Se sèlman lè li akeyi Bondye, kidonk, n’ap kapab wè sa nan fason l’ap aplike
Pawòl Bondye a nan lavi li, nan fason l’ap sèvi frè ak sè li, nan lanmou l’ap
genyen pou yo. Sa rèd anpil lè w’ wè yon moun vin lakay ou epi ou pa resevwa
l’. Sa
te toujou konn rive; anpil kote Jezi pase yo pa t’ resevwa li, e jis jounen
jodi a, anpil moun pa resevwa Jezi lakay yo. Lè nou gade mond nou an jodi a,
nou mande nou èske anpil nan moun sa yo gen Jezi nan lavi yo. Tout vye
konpòtman fin anvayi nou. Anpil fwa nou pale de Jezi, nou pale de labib, ata
goumen nou goumen sou non li pafwa. Men lè nou desann nan fon kè nou pou nou ta
wè nou konbyen ki fè volonte li an reyalite, sa ta ba nou lapenn.
Nou menm ki di
nou se kretyen, nou menm ki di n’ap suiv Jezi, se nou ki ta dwe bay premye
ekzanp, men elas! Èske li toujou konsa vre? Mwen rete sèten si nou tout ki di
nou se kretyen nou te viv daprè kòmandman Gran Frè nou Jezi te ba nou yo, nou
t’ap genyen yon lòt mond, tout bagay t’ap chanje tout bon. Nan gran jou sa a li
enpòtan pou nou aksepte Jezi ak tout nou menm. Resevwa li, se viv jan li te
konn viv, viv jan li mande nou pou nou viv, kwè nan li, idantifye nou ak li.
Levanjil la prezante nou Jezi tankou yon limyè. Ebyen zanmi Sous Lavi yo, ann
travay pou menm jan ak Jezi lavi nou kapab tounen yon limyè, yon modèl pou lòt
moun kote n’ap viv yo, pou nou kapab travay pou nou chanje mond nou an.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki fè kè nou kontan chak ane antan n’ap tann redanmsyon
nou an, tanpri, Sèl Pitit ou a, li menm nou resevwa ak kè kontan an kòm
Redanmtè a, fè nou merite wè l’ tou avèk asirans lè l’ap vini kòm Jij la. Pa
pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : M’ap kontinye fè sa m’ kapab pou fason m’ap viv
kapab reprezante yon modèl, yon limyè pou moun m’ap rankontre sou wout mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario