Páginas

VANDREDI 26

Koulè Wouj
ETYÈN KI SEN, Premye Mati (Fèt)
PREMYE MOSO LABIB
“Men mwen wè syèl yo louvri”
NAN TRAVAY APOT YO 6, 8 -10; 7,54-59
Jou sa yo:
Etyèn te plen gras ak fòs, li t’ap fè anpil pwodij ak siy nan pèp la. Gen kèk ki leve, yo te fè pati nan kay reyinyon sa yo rele esklav libere yo, Sireneyen yo ak Aleksandren yo, ak sa ki te nan Silisi ak Azi yo, yo t’ap diskite avèk Etyèn. Yo pa t’ kapab reziste sajès la ak Espri a ki t’ap pale a.
Lè yo tande bagay sa yo, yo t’ap fè kè yo vin di kont li, yo t’ap sere dan kont li.
Li menm li te plen ak Espri Sen an, li fikse syèl la, li wè glwa Bondye a ak Jezi ki kanpe adwat Bondye, li di: “Mwen wè syèl yo louvri, ak Pitit moun nan ki kanpe adwat Bondye”.
Yo leve vwa yo byen fò, yo fèmen zòrèy yo, yo fonse ansanm sou li. Yo jete l’ deyò vi l’ la, yo kòmanse kalonnen l’ ak kout wòch. Temwen yo te depoze rad yo nan pye yon jenòm yo te rele Sòl.
Pandan yo t’ap kalonnen l’ ak kout wòch, Etyèn t’ap priye, li t’ap di: “Granmèt, resevwa lespri mwen”.
Pandan l’ap di sa, li dòmi nan Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 30, 3cd-4.6 e 8ab.16bc-17
R/ Se nan men ou, Granmèt, mwen renmèt lespri m’.
Se pou ou sèvi m’ yon wòch kachèt ak yon kay defans pou ou sove m’.
Paske fòs mwen ak kachèt mwen se ou menm, poutèt non ou w’a kondui m’, w’a swen m’.R.
Se nan men ou mwen renmèt lespri m’; ou delivre m’, Granmèt, Bondye verite a. M’ap danse, m’ap kontan nan mizerikòd ou a, paske ou voye je sou rabesman m’ nan.R.
Delivre m’ sot nan men ènmi m’ yo ak sa k’ap pèsekite m’ yo; klere fas ou sou sèvitè w’ la, sove m’ nan mizerikòd ou a.R.
LEVANJIL
“Se pa nou menm k’ap pale, men se Lespri Papa nou an”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 10, 17-22
Lè sa a: Jezi di Apot li yo:
“Atansyon moun yo; y’ap renmèt nou nan tribinal yo, y’ap bat nou nan kay reyinyon yo, y’ap kondui nou devan prefè ak wa yo poutèt mwen, kòm temwayaj pou yo ak pou nasyon yo. Lè yo renmèt nou, pa kalkile ki fason oubyen ki sa n’ap di; y’ap ba nou nan lè sa a menm sa pou nou di.
Sèke se pa nou menm k’ap pale, men Lespri Papa nou k’ap pale nan nou. Frè ap renmèt frè nan lanmò, ni papa ap renmèt pitit, pitit ap leve kont paran yo, y’ap fè touye yo, tout moun ap rayi nou poutèt non mwen; men moun k’ap pèsevere jous nan finisman, se li menm k’ap sove”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, n’ap fete yon zanmi Bondye ki rele Etyѐn. Etyѐn se te yon patizan Jezi, ki te sibi anpil pѐsekisyon e se konsa li te aksepte mouri mati pou koz Bn Nouvѐl la.
Ann gade sa moso Labib yo di nou sou gwo nѐg sa a ki pa t’ pѐ riske lavi li pou kz Pawòl Bondye a. Nan premye moso labib la, nan liv travay Apot yo, nou wѐ kman Etyѐn t’ap preche nan kay reyinyon an epi tout moun ki te ènmi laverite a te resevwa mesaj li yo trѐ mal, sitou lѐ Etyѐn te di, aprѐ li fin fikse syѐl la : Mwen wѐ syѐl la ouvѐ, ak pitit moun nan ki kanpe adwat Papa l’’. Yo mete rele, yo pran Etyѐn, yo mete l’ dey, yo kalonnen l’anba kout wch, pandan li menm li t’ap mande Bondye resevwa lespri li. Nou kapab di, tout moun sa yo ki t’ap koute Etyѐn nan, se yon pakѐt moun lespri yo te bouche, yo pa konnen kisa yon moun ka fѐ oubyen ka di anba pouvwa Lespri Sen an.
Pi devan, nan Levanjil la nou wѐ kote Jezi te gen tan ap anonse apot yo sa k’ap tann yo pi devan. Li di yo pa fye moun yo paske yo va kondwi yo devan tribinal, yo va ba t’ yo nan kay reyinyon yo, tout sa, poutѐt mwen. Sa ki pi enteresan, sѐke lè yo va genyen pou yo reponn akizasyon yo, se pa yo menm k’ap pale men se Lespri Papa a k’ap pale nan yo. Nou kapab di se tout pawl sa a yo Etyѐn te mete an pratik ki fѐ li pa t’ pѐ pale, li pa t’ pѐ pran imilyasyon, li pa t’ pѐ pran kout wch jiskaske yo te rive touye l’. Nou menm kretyen, konbyen fwa, nou rive nan wout, nou fѐ bak devan pwoblѐm, devan difikilte, devan sa moun ap di sou nou poutѐt n’ap fѐ travay Bondye a. Men nan finisman Levanjil la Jezi di nou klѐ: “Tout moun va rayi nou poutѐt mwen, men moun k’ap pѐsevere jous nan finisman, se li menm k’ap sove’’. Jis jounen jodi a, gen anpil fs fѐnwa ki anpeche nou fѐ travay anonse Bn Nouvѐl Jezikri a paske mesaj sa a yo deranje yo. Menm jan avѐk Etyѐn, f nou toujou vanyan, pou nou pa pѐ anyen paske Jezi fѐ nou sonje li chita adwat Papa a, epi l’ap akonpanye nou chak jou jiskaske tan yo fin rive bout.
LAPRIYÈ: Granmѐt Jezi, n’ap mande w’ ban nou fs ak kouraj epi dispozisyon pou nou kapab tounen ptpawl ou nan tout anviwònman nou, pou chak jou rèy jistis, lanmou epi lapѐ rive tabli sou tout fas tѐ a. Nou mande w’ sa pa lentѐsesyon Sent Etyѐn ak tout lt sen ki te bay lavi yo pou kz Bn Nouvѐl la. Amѐn.

PWOPOZISYON: Lapriyѐ pou tout moun, tout peyi kote moun ap sibi pѐsekisyon pou kz Bn Nouvѐl Jezikri a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario