Páginas

DIMANCH 18

Koulè Vèt
DEZYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE-B
PREMYE LEKTI
«Pale, Granmèt, paske sèvitè ou ap koute»
LEKTI PREMYE LIV SAMYÈL 3, 3b-10. 19
Nan jou sa yo :
Samyèl t’ap dòmi nan tanp Granmèt la, kote ach Bondye a te ye a. Granmèt la rele : «Samyèl» ; li reponn, li di : «Men mwen». Li kouri kot Eli, li di : «Men mwen, paske ou rele m’». Eli di : «Mwen pa rele ou ; tounen al dòmi». L’ale, li dòmi.
Granmèt la rekòmanse rele Samyèl ankò. Samyèl leve, 1’al kot Eli, li di : «Men mwen, paske ou rele m’». Li reponn : «Mwen pa rele ou, pitit mwen, tounen al dòmi». Samyèl pa t’ konnen Granmèt la, pawòl Granmèt la pa t’ devwale ba li.
Granmèt la rekòmanse ankò, li rele Samyèl pou twazyèm fwa a ; li leve, 1’al kote Eli, li di «Men mwen, paske ou rele m’». Eli konprann atò se Granmèt la ki te rele ti gason an, li di Samyèl : «Al dòmi ; si l’ rele ou ankò, w’a di : «Pale, Granmèt, paske sèvitè ou ap koute». Konsa Samyèl al dòmi nan plas li.
Granmèt la vini, li kanpe, li rele jan l’ te rele dezyèm fwa a : «Samyèl, Samyèl». Samyèl di : «Pale, Granmèt, paske sèvitè ou ap koute».
Samyèl grandi, Granmèt la te avèk li ; okenn nan pawòl li yo pa t’ tonbe atè.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 39, 2 e 4ab. 7-8a, 8b-9. 10 (r.: 8a e 9a)
R/ Men m’ap vini, Granmèt, pou m’ fè volonte ou.
Se pa ti kras tann mwen t’ap tann Granmèt la, li panche sou mwen. Li mete yon kantik nouvo nan bouch mwen, yon kantik pou Bondye nou an.R.
Sakrifis ak kado, ou pa t’ vle sa, ou louvri zòrèy mwen.
Sakrifis antye ak sakrifis pou peche, ou pa t’ mande sa,
lè sa a mwen di: «Men m’ap vini.R.
Nan woulo liv la yo ekri osijè m’ pou m’ fè volonte ou.
Bondye mwen, mwen dakò, lalwa ou la nan zantray mwen».R.
Mwen anonse jistis ou a nan gran asanble a ; men mwen pa fèmen bouch mwen, Granmèt, ou konnen.R.
DEZYÈM LEKTI
«Kò nou se manb Jezikri»
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 6,13c-15a.17 20.
Frè m’ yo :
Kò a pa fèt pou move plezi, men pou Granmèt la, epi Granmèt la pou kò a. Bondye leve Granmèt la, l’ap leve nou pa pouvwa l’.
Èske nou pa konnen kò nou se manb Jezikri ? Moun ki kole kò l’ sou Granmèt la, se yon sèl espri li ye.
Evite move plezi. Tout peche yon moun fè, li andeyò kò a ; men moun ki fè move plezi a, se nan kò l’ li fè peche.
Oubyen èske nou pa konnen manb nou yo se tanp Espri Sen an, li menm ki nan nou an, li menm nou resevwa nan men Bondye a, epi nou pa mèt tèt nou ? Yo achte nou ak gran pri. Fè lwanj Bondye, pote l’ nan kò nou.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Yo wè kote l’ te rete, yo rete lakay li.»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 1, 35-42
Lè sa a :
Jan te kanpe epi de nan disip li yo avèk li. Li gade Jezi k’ap mache, li di: «Men Mouton Bondye a». De disip yo tande l’ ap pale, yo suiv Jezi. Jezi menm vire, li wè y’ap suiv li, li di yo: «Ki sa n’ap chèche»?
Yo menm yo di l’: «Rabi (sa vle di Mèt), kote ou abite»?
Li di yo: «Vini, n’a wè». Yo vini, yo wè kote l’ te rete, yo rete lakay li jou sa a; lè sa a, se te apeprè dizyèm è a.
Te gen Andre, frè Simon Pyè a, youn nan de yo, ki te tande Jan an, epi ki te suiv li a. Sa a rankontre tou dabò frè l’ la Simon, li di l’: «Nou jwenn Mesi a (sa vle di Kris la)». Li mennen l’ bay Jezi.
Jezi menm gade l’, li di: «Ou se Simon, pitit Jonas: y’ap rele ou Sefas (sa vle di Pyè)».
REFLEKSYON: Jodi a se dezyèm dimanch tan òdinè, ane B. Nou wè Jezi ki vin bò rivyè Jouden an: Kris la k’ap pase! Pètèt li katrè nan laprèmidi lè li te wè de jenn gason ki t’ap swiv li, li tounen pou li mande yo: «Kisa n’ap chache?» (Jn 1,38). Yo menm yo sezi poutèt kesyon an, yo reponn Jezi: «Rabbi (sa vle di: Mèt), ki kote ou rete? ». Li di yo: «Vini, n’a wè» (Jn 1,39).
Mwen menm tou, mwen se disip Jezi, men…kisa mwen vle? Kisa m’ap chache? Se li menm ki mande m’ sa: «Kisa ou vle tout bon vre?» Si m’ te gen ase odas pou m’ te di Li: «Se ou menm m’ap chache, Jezi», mwen ta jwen li, se sèten, «paske moun ki chèche, li jwenn» (Mt 7,8). Men mwen twò lach e mwen reponn li ak pawòl ki pa twò angaje mwen:« Ki kote ou rete?». Jezi pa satisfè ak repons mwen ba li a, Li konnen trè byen se pa yon pakèt pawòl mwen bezwen men se yon zanmi, Zanmi an: Li menm menm. Se poutèt sa li di mwen:« Vini, w’a wè».
Jan ak Andre, de jèn gason ki te pase vi yo nan aktivite lapèch, yo akonpaye Jezi, « yo wè kote l’ te rete, yo rete lakay li jou sa a» (Jn 1,39). Jan ki te tèlman jwenn kè kontan nan rankont sa, pita li ta pral ekri: « Se Jezikri ki fè nou konnen renmen Bondye a ansanm ak verite a.» (Jn 1,17). E Andre menm? Li kouri kote chache frè li a pou li di li: « Nou jwenn Mesi a» (Jn 1,41). E li mennen li bay Jezi. Jezi menm gade l’, li di: «Ou se Simon, pitit Jonas: y’ap rele ou Sefas (sa vle di Pyè)». (Jn 1,42).
Pyè! Simon, yon wòch? Ni youn ni lòt pa prepare pou konprann pawòl sa yo. Yo pa konnen Jezi te vin bati Legliz li a ak wòch vivan. Li te deja chwazi de premye wòch yo, Jan ak Andre, e Li vle pou Simon tounen Wòch ki pi enpòtan pou kenbe kay la.
E avan Jezi monte al jwenn Papa, Li ba nou repons kesyon: « Mèt, ki kote ou rete?». Antan li beni Legliz li a, Li di: «M’ap avèk nou chak jou jiska lafen dimond» (Mt 28,20).
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, se ou m’ap chache, tanpri pèmèt mwen rankontre ou tout bon vre pou lavi mwen ka chanje.

PWOPOZISYON: Dekouvri Jezi ki prezan bò kote mwen, nan lavi mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario