Páginas

LENDI 19

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Malgre se Pitit Bondye li te ye a, li aprann obeyisans nan sa l’ soufri»
LEKTI LÈT POU EBRE YO 5, 1-10
Tout prèt an chèf, se nan pami lèzòm yo pran l’, pou enstale l’ pou lèzòm nan kesyon ki gen rapò ak Bondye, pou l’ofri kado ak sakrifis pou peche yo; li kapab gen pitye pou sa yo ki pa gen konprann, ki pèdi wout, paske li menm tou li vlope ak feblès; se pou sa, li gen pou l’ ofri sakrifis pou peche pa l’ menm jan ak pou pèp la. Pèsòn pa pran mak konsiderasyon sa a ak pwòp fòs li, men se moun Bondye rele tankou Aawon.
Se konsa Jezikri pa t’ bay pwòp tèt li glwa antan l’ te vin prèt an chèf; men se sa a ki te di l’ konsa a: «Ou se Pitit mwen, mwen menm jodi a, mwen ba ou nesans» la; menm jan yon lòt kote, li di: «Ou se prèt pou tout tan daprè ran Mèlkisedèk».
Nan jou li te pase nan chè a, li te ofri priyè ak plent avèk gran rèl ak dlo nan je kot sila a ki te kapab sove l’ sot nan lanmò a, priyè l’ la jwenn rezilta poutèt respè l’. Malgre se Pitit Bondye li te ye a, li te aprann obeyisans nan sa l’ soufri yo, lè l’ rive nan bout chemen pou l’ te rive a, li vin tounen kòz delivrans tout tan an pou tout moun k’ap obeyi l’, Bondye rele l’ prèt an chèf nan ran Mèlkisedèk.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 109, 1. 2. 3. 4 (r.: 4bc)
R/ Ou se prèt pou tout tan daprè ran Mèlkisedèk.
Granmèt la di Granmèt mwen : «Chita adwat mwen»
Joustan mwen plase ènmi ou yo kòm eskalye pye ou».R.
Baton pouvwa ou, Granmèt la voyé-l sot nan Siyon :
Kòmande nan mitan ènmi ou yo.R.
Pouvwa ou avèk ou jou fòs ou a, nan glwa ki sen yo,
Nan vant granmaten tankou lawouze mwen anfante ou.R.
Granmèt la fè sèman, li p’ap regrèt li:
«Ou se prèt pou tout tan daprè ran Mèlkisedèk.R.
LEVANJIL
«Mesye k’ap marye a avèk yo»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 2, 18-22
Lè sa a:
Disip Jan yo ak Farizyen yo t’ap fè jèn, yo rive, yo di Jezi: «Pouki sa disip Jan yo ak Farizyen yo ap fè jèn, men disip pa ou menm yo pa fè jèn»?
Jezi di yo : «Èske moun yo envite nan nòs yo kapab fè jèn, pandan mesye k’ap marye a avèk yo? Toutotan yo gen mesye k’ap marye a avèk yo, yo pa kapab fè jèn. Men gen jou k’ap vini, lè y’ap pran mesye k’ap marye a sot nan men yo, lè sa a y’ap fè jèn nan jou sa yo.
Pèsòn pa koud yon moso twal nèf sou yon vye rad ; otreman moso nèf la ap redi sou vye a, rad la ap chire pi plis. Pèsòn pa mete yon diven nouvo nan vye veso ki fèt ak po bèt ; otreman diven an ap fè veso yo eklate, diven an ap vide, veso yo ap pèdi ; men diven nouvo, se nan veso nouvo yo pou yo mete yo».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : «Malgre Jezikri se Pitit Bondye li ye a, li aprann obeyisans nan sa l’ soufri». Jezi se modèl lavi nou, se li menm ki montre’n kijan lanmou Bondye Granmèt la gran, epitou, kijan pou nou aprann obeyi Papa l’.
Premye moso labib la nou li nan Lèt pou Ebre yo, se yon temwayaj sou fason Jezi te aksepte soufri pou li te ka fè volonte papa li jiskobou.
Se konsa, nou menm tou, nou dwe fè jefò pou nou aprann viv pou Bondye, sa vle di fè sa li kòmande. Men sa ekzije nou anpil sakrifis, paske n’ap toujou jwenn tantasyon fòs mal ki vle devye n’ nan chemen Granmèt la.
Si Jezi ki te pataje sa Bondye ye a te oblije pase nan anpil difikilte, pou li te rive fè volonte Papa, ebyen kanta nou menm sa mande nou plis sakrifis toujou. Malgre sa, nou pa bezwen pè, paske se lagras Bondye menm li k’ap ede n’ viv tout sa li mande.
Nan sans sa nou bezwen lapriyè, nou bezwen kenbe wòb Bondye pou li menm li kapab kenbe nou ak gras li.
PRIYE : Mèsi pou jan ou te aksepte soufri pou fè volonte Papa a, e ou te fè sa sitou pou w’ te ka sove m’.Tanpri, ede m’obeyi Papa menm jan ak ou.

PROPOSISYON : M’ap chache rankontre ak Bondye nan nan lapriyè yon ti moman nan jounen an.

No hay comentarios:

Publicar un comentario