Páginas

MADI 20

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Nou gen esperans yo ofri nou an tankou yon lank ki asire, ki fèm».
LEKTI LÈT EBRE YO 6, 10- 20
Frè m’ yo :
Bondye pa enjis, pou l’ bliye aksyon nou ak renmen nou an, sa nou montre o non l’ nan, nou menm ki te sèvi yo, epi ki kontinye ap sèvi yo ankò. Nou anvi pou chak moun nan nou montre menm aktivite a pou l’ reyalize esperans la jous nan bout; pou nou pa vin parese, men pou nou pran modèl sou sa yo ki eritye pwomès yo gras a lafwa ak pasyans yo.
Reyèlman, lè Bondye t’ap fè pwomès bay Abraam nan, li pa t’ gen pèsòn ki pi gran pase l’ pou l’ te fè sèman o non l’, li fè sèman sou pwòp tèt li, antan l’ di: «Amèn m’ap beni ou byen beni, m’ap fè ou vin anpil anpil». Konsa li pèsevere, li reyisi jwenn sa Bondye te pwomèt la. Moun yo menm, se sou yon pèsonaj ki pi gran pase yo yo fè sèman, tout diskisyon yo fini lè gen garanti sèman an.
Bondye te vle montre eritye pwomès yo kijan desizyon l’ pi fèm toujou, li poze sèman an nan mitan, pou nou jwenn anpil ankourajman gras a de bagay sa yo ki fèm nan (nan yo Bondye pa kapab fè manti), nou menm ki jwenn kachèt, pou nou kenbe esperans la fèm, sa l’ ofri nou an; esperans sa a, nou genye l’ tankou yon lank ki fèm pou nam nou, ki asire, ki fèm, ki antre jous anndan vwal la, kote Jezi pran devan pou nou, li antre, li menm ki vin tounen prèt an chèf pou tout tan daprè ran Mèlkisedèk la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 110, 1-2; 4-5. 9 e 10e (r.: 5b)
R/ Granmèt la ap sonje kontra l’ la pou tout tan.
M’ap fè lwanj Granmèt la ak tout kè m’, nan reyinyon moun kòrèk yo ak asanble a. Travay Granmèt yo gran, yo merite tout moun ki anvi yo chèche yo.R.
Li fè sonje mèvèy li, Granmèt la gen mizerikòd, li pran pitye.
Li bay moun ki krenn li yo manje; l’ap sonje alyans li a pou tout tan.R.
Li voye redanmsyon pou pèp li a, li kòmande alyans li a pou tout tan. Non l’ sen, li terib ; lwanj li dire pou tout tan gen tan.R.
LEVANJIL
«Saba a se pou moun nan li fèt, se pa moun nan ki fèt pou saba a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 2, 23-28
Rive pandan Granmèt la t’ap pase nan jaden ble yon jou saba, disip li yo te kòmanse ap mache devan, ap kase zepi yo. Farizyen yo menm yo t’ap di l’: «Gade, pouki sa jou saba a y’ap fè sa yo pa gen dwa fè a»?
Li di yo : «Èske nou pa t’ li sa David te fè lè l’ te nan bezwen, lè l’ grangou, li menm ak moun yo ki te avèk li yo? Kijan li te antre nan kay Bondye a sou tan Abyata chèf prèt yo, li te manje pen ki te ekspoze yo, sa pèsòn pa t’ gen dwa manje sof prèt yo, epi li te bay moun yo ki te avèk li yo» ?
Li t’ap di yo : «Saba a se pou moun nan li fèt, se pa moun nan ki fèt pou saba a; se pousa Pitit moun nan se mèt ata saba a».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : «Saba a se pou moun nan li fèt, se pa moun nan ki fèt pou saba a; se pousa Pitit moun nan se mèt ata saba a».
Pawòl sa vle fè sonje jan Granmèt la bay tout pitit li yo enpòtans ; li ban ou plis valè ke tout sa ki ekziste nan lemond, menm prensip ak lalwa relijye yo, paske pou li menm se diyite pitit li yo ki gen plis valè pou li, se poutèt sa Sen Irene te di : « Granmèt la jwenn laglwa lè pitit li yo viv, sitou lè yo viv ak diyite, nan respè, nan renmen».
Sa se yon mesaj ankourajan, se yon bon nouvèl e an menm tan se yon angajman, pou nou renmen lavi epi pwoteje lavi, pwòp lavi nou epi lavi lòt yo.
Tout moun dwe konnen sa klè : tout pitit Bondye dwe viv ak diyite e diyite sa pa gen anyen ki ka ranplase li ni pa gen anyen ke pèsonn kapab mete pi wo pase li.
Pa gen pèsonn moun ki ka renmen nou pase Bondye, puiske li renmen nou san mezi, li fou pou nou. Konsa, li enpòtan pou nou menm tou nou aprann kominike renmen sa bay lòt yo. Se pou nou renmen Jezi nan sila ki pi piti yo, se pou n ou anbrase Jezi nan sila yo ki konte sou nou, sila yo k’ap lonje men ba nou, sila yo ke sosyete a mete sou kote, sila yo ke sosyete rele endijan oubyen pòv. Se nan yo menm nou ka rankontre ak Jezi tout bon vre, lè nou ouvri bra nou ak kè nou pou nou akeyi yo epi ede yo viv ak diyite. Lè nou lite pou nou fè yo respekte dwa yo, lè nou fè solidarite avèk yo.
LAPRIYE : Mèsi Granmèt paske ou fè m’ konnen mwen vo plis pase tout sa lèzòm envante, mèsi paske ou vle m’ viv ak diyite.

PWOPOSISYON : M’ap fèyon jès de solidarite ak renmen ak yon frè ou yon sè m’ ki nan bezwen, sa mwen pa tann li remèt mwen sa.

No hay comentarios:

Publicar un comentario