Páginas

MÈKREDI 21

Koulè Blan ou ble
NOTREDAM ALTAGRAS,
PWOTEKTÈ PÈP DOMINIKEN AN
(Gran fèt)
PREMYE LEKTI
«Men vyèj la ap vin ansent»
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 7, 10-14
Jou sa yo :
Granmèt la pale avèk Akaz, li di : «Mande Granmèt Bondye ou la yon siy nan bafon anba tè a oubyen nan syèl la anwo nèt la».
Akaz di : «Mwen p’ap mande, mwen p’ap tante Granmèt la».
Izayi di: «Koute, kay David: èske sa pa kont nou pou n’ap fatige lèzòm, pou nou rive ap fatigé ata Bondye m’ nan? Se pousa Granmèt la li menm ap ba nou yon siy. Men vyèj la ap vin ansent, l’ap fè yon ti gason, y’ap rele non l’ Emanyèl, paske Bondye avèk nou».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS :  LIK 1, 46-55
R/ Li fè mèvèy pou mwen, Sa a ki gen pouvwa a»
«Nanm mwen ap fè lwanj Granmèt la, espri m’ danse nan Bondye ki sove m’ nan, paske li gade imilite sèvant li a.R
Reyèlman men depi koulye a tout jenerasyon ap di mwen ala kontantman, paske li fè gran mèvèy pou mwen, Sa a ki gen pouvwa a, non l’ sen.R
Kè sansib li pou jenerasyon ak jenerasyon pou moun ki krenn li yo. Li fè bagay ki mande fòs ak bra l’, li gaye moun ki te gen lògèy nan kè yo.R
Li jete sa k’ gen pouvwa yo sot sou twòn yo, li leve sa k’ tou piti yo, li plen sa k’ grangou yo ak byen, li ranvwaye sa k’ rich yo men vid.R
Li soutni Izrayèl, sèvitè l’ la, li sonje kè sansib li a, jan l’ te pale ak papa nou yo, Abraam ak ras li pou tout tan».R
LEVANJIL
«Men w’ap pote yon pitit nan vant, w’a fè yon ti gason»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 1, 26-38
Lè sa a :
Bondye voye Anj Gabrièl nan yon vil Galile yo rele Nazarèt, kot yon vyèj ki te fiyanse avèk yon mesye yo te rele Jozèf, nan kay David, non vyèj la se te Mari.
Mesaje a antre kote l’, li di : «Se pou kè ou kontan, plen gras, Granmèt la avèk ou, ou beni nan pami tout fi». Lè l’ tande sa, li twouble poutèt pawòl li a, li t’ap kalkile ki kalite mòd jan salye sa a.
Anj la di l’ : «Pa pè, Mari ; ou jwenn gras kot Bondye : men w’ap ansent, epi w’ap anfante yon ti pitit gason, w’ap rele non l’ Jezi. L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sa a ki anwo nèt la, Granmèt Bondye ap ba l’ twòn David papa l’, l’ap kòmande kòm wa nan kay Jakòb la pou tout tan, peyi wa l’a p’ap janm fini».
Mari di Anj la : «Kijan pou sa fèt, paske mwen pa gen konesans gason» ?
Anj la reponn, li di l’ : «Espri Sen an ap vini nan ou, fòs Sa a ki anwo nèt la ap kouvri ou ak lonbraj li. Se pousa sa a k’ap fèt nan ou a, l’ap sen, y’ap rele l’ Pitit Bondye. Men Elizabèt, kouzin ou an, li menm tou li ansent yon ti gason nan vyeyès li, mwa sa a se sizyèm nan pou sa a yo te rele steril la ; paske anyen pa enposib kot Bondye».
Mari di : «Men sèvant Granmèt la ; se pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a». Anj la pati kite l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Frè ak sè m’ yo, lekti nou sot li yo ap ede n’ konprann kokenn plan renmen sa a Bondye gen pou limanite, kòman li reyalize nan Mari, ti jèn fi Betleyèm sa a ki te louvri kè l’ byen gran pou akeyi Sovè tè a.
Jodi a Legliz la ap fete Manman Mari sou vokab “Mari ki Plen Lagras” ki se pwotektris Repiblik Dominikèn, kote gen yon gran devosyon ak Manman sa a ki te kòmanse devlope depi 300 lane, kote tout kwen nan peyi a konekte ak Manman Mari pou venere li epi prezante li demand yo.
«Mari ki Plen lagras», se sa nou jwenn nan mesaj levanjil jodi a. Se pa envansyon Legliz Katolik, men se zanj Bondye a menm ki te vin anonse Mari gran favè sa a li jwenn nan men Bondye. Mari ki jwenn kalite favè pou l’ vin Manman Pitit Bondye a, pa gen favè ki te ka pi gran pase sa ke yon fanm kapab jwenn. Se sa k’ fè zanj lan te di l’ Mari «Ou beni pase tout fanm». Men benediksyon Mari a makonnen avèk koperasyon l’ nan reyalizasyon plan Bondye a; sa vle di, pou Mari Pote Pitit Bondye a nan zantray li, pou li mete l’ sou tè a, pou akonpanye l’ nan reyalizasyon misyon li.
Mari medite tout pawòl zanj lan nan fon kè li pou l’ ranpli misyon sa a avèk tout delikatès ki genyen. Nan silans Mari a nou wè disponiblite l’ pou Lespri Sen an aji nan li, nou wè imilite l’ ak konfyans li jan kouzin li pral di l’ la: «Se chans pou ou ki te kwè tout sa Bondye te di yo t’ap rive vre».
Mari se sila a k’ap mennen nou bò kote Pitit li a. Nan nòs Kana li te di moun yo: «Fè tout sa li di nou fè». Li pa yon obstak pou misyon Pitit li a ki se Sovè tè a, men li envite n’ mete konfyans nou nan li. Venerasyon Legliz la genyen pou Manman Altagras la, se pou envite n’ konprann pa gen anyen ki enposib pou Bondye, Bondye se Sila a ki la nan mitan nou pou li sove nou.
Nou dwe imite Manman Altagras nan disponiblite l’ nan sèvis Bondye a. Se konsa n’ap ka sèvi Bondye byen, n’ap kapab jwenn favè nan je l’, n’ap kapab plen ak benediksyon tou.
Manman Altagras pote anpil sekou ak gerizon pou anpil moun ki te prezante li demand li yo. Nou konnen sa Manman sila a mande Pitit li, Sila a pa janm refize l’ paske Granmèt la toujou koute lapriyè moun ki korèk la.
Nan premye lekti a nou wè se Bondye li menm ki pran inisyativ pou l’ bay yon siy menm lè Akaz pa t’ vle mande l’. Siy sa a se Lasent Vyèj Mari k’ap vin ansent. L’ap pote nan zantray li «Emanyèl», ki vle di «Bondye nan mitan nou». Kilès ki plis ka pale n’ de Emanyèl sa a lè n’ kontanple jès sila a ki te kolabore ak Bondye pou ba nou li an?
Nan levanjil la, nou wè ti vyèj la mande zanj lan, «Kòman sa pral fèt paske m’ pa nan gason...». Men zanj lan fè l’ konnen se Lespri Bondye a ki ta pral vlope l’ anba lonbraj li. Ki pi gran favè yon moun ka resevwa sou latè ke sa Manman nou te resevwa a, li menm ki «Plen lagras la»!
Nan li menm pa t’ gen plas pou peche a, se sa k’ fè legliz rekonèt li tankou Imakile tou.
Ann fikse je nou sou Manman nou Altagras, san pale anpil, nan mande li pote bezwen nou yo, soufrans nou yo, difikilte nou yo bay Pitit li a pou l’ kapab chanje yo pou nou an benediksyon.
LAPRIYÈ: Granmèt tanpri, pa lantremiz Manman Altagras, ede nou louvri kè n’ nan imilite pou nou akeyi pwojè  ou genyen pou nou yo, pou nou kolabore nan avansman Wayòm ou an. Amèn.

PWOPOZISYON: Nan gwoup aksyon katolik ou, louvri yon dyalòg sou tout kalite nou jwenn nan Lavyèj Mari epi gade kòman yo te sèvi pou pwojè Bondye reyalize nan lavi l’.

No hay comentarios:

Publicar un comentario