Koulè Wouj
SEN
VENSAN, DYAK E MATI
(MEMWA)
PREMYE LEKTI
«Li ofri
sakrifis yon fwa pou tout antan l’ofri pwòp tèt li»
LEKTI LÈT EBRE YO 7, 25-8, 6
Frè m’ yo :
Jezikri kapab sove moun yo ki pwoche kot Bondye pa lentèmedyè
l’ yo, antan l’ vivan tout tan pou l’ priye pou nou.
Se mòd jan prèt an chèf sa a menm nou te bezwen, ki sen,
ki inosan, ki pa gen tach, ki separe sot nan ran pechè yo, ki anwo nèt nan syèl
la ki pa bezwen kòmanse ofri sakrifis pou pwòp peche pa l’ chak jou tankou prèt
yo, aprè sa pou pèp la; li fè sa deja yon sèl fwa antan l’ ofri pwòp tèt li. Reyèlman
se moun yo ki gen feblès yo lalwa a enstale kòm prèt; men pawòl sèman an ki vin
aprè lalwa a, se Pitit la ki kòrèk nèt pou tout tan an.
Sa k’ pi enpòtan an osijè bagay n’ap pale a, sèke: Nou gen
yon kalite prèt an chèf, ki chita adwat twòn grandè a nan syèl la, sèvitè bagay
ki sen yo ak vrè tant la, sa Bondye drese a, se pa moun ki drese l’.
Reyèlman tout prèt an chèf, yo enstale l’ pou l’ofri kado
ak sakrifis; se pousa li menm tou li nesesè pou l’ gen kichòy pou l’ ofri.
Konsa si l’ te sou tè a, li pa t’ap menm prèt, paske genyen k’ap ofri kado daprè
lalwa a, y’ap sèvi modèl ak lonbraj bagay syèl yo, jan Bondye te reponn Moyiz
la, lè li t’ap bati joupa a: Li te di: «Gade, fè tout bagay daprè modèl la y’ap
montre ou sou mòn nan».
Koulye a menm sèvis la pi bon, paske alyans la pi bon, alyans
sa a li sèvi entèmedyè a, li garanti ak pi bon pwomès.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 39,
7-8a. 8b-9. 10. 17 (r.: 8a e 9a)
R/ Men m’ap vini, Granmèt, pou m’ fè
volonte ou.
Sakrifis ak kado, ou pa t’ vle sa, ou louvri zòrèy mwen.
Sakrifis antye ak sakrifis pou peche, ou pa t’ mande sa,
Lè sa a mwen di: «Men m’ap vini.R.
Nan woulo liv la yo ekri osijè m’ pou m’ fè
volonte ou.
Bondye mwen, mwen dakò, lalwa w’ la nan zantray mwen».R.
Mwen anonse jistis ou a nan gran asanble a ; men mwen
pa fèmen bouch mwen, Granmèt, ou konnen.R.
Se pou yo fete, se pou yo kontan nan ou, tout moun k’ap
chèche ou yo, se pou yo di tout tan «Granmèt la gran»
sa yo ki renmen sove ou sove nou an.R.
LEVANJIL
«Espri papwòp
yo t’ap rele : «Ou se Pitit Bondye a», Jezi t’ap menase yo pou yo pa fè rekonèt
li».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 3, 7-12
Lè sa a:
Jezi avèk disip li yo te rale kò l’ bò lamè a; anpil foul
te sot Galile ak Jide, yo te suiv li, ni sot Jerizalèm, sot Idime ak
Transjòdani; moun yo ki te alantou Tir ak Sidon, gran foul, lè yo tande sa l’ te
fè, yo vin kote l’. Li di disip li yo pou yo pare yon ti batiman pou li
poutèt foul la, pou yo pa kraze l’.
Li te geri anpil moun, atèl pwen yo t’ap kouri vin sou
li, pou yo touche l’, nenpòt ki maladi yo te genyen. Lè espri papwòp yo wè l’,
yo lage kò yo atè devan l’, yo t’ap rele byen fò, yo t’ap di: «Ou se Pitit Bondye
a». Li t’ap menase yo ak yon men sevè pou yo pa fè rekonèt li.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lè Jezi vini, tout bagay vin nouvo. Se kalite ansèyman sa
nou jwenn nan premye moso labib la. Jezi se prèt an chèf ki sen an, e ki vin
ofri pwòp tèt li bay Bondye papa kòm yon sakrifis ki sen, ki fè Papa plezi.
Jezi vin rache limanite nan esklavaj peche a pou li fè li antre nan libète
lagras la.
Jezi trè diferan avèk ansyen prèt an chèf yo ki
te konn ofri sakris pou padon pwòp peche yo ak pou padon peche pèp la. Sa ki pi
enteresan nan sakrifis Jezi a, sèke se yon sakris ki fèt yon fwa pou tout, pa
genyen e p’ap janm genye okenn lòt sakris ki kapab sanble avèk li.
Pasaj Levanjil nou li jodi a, l’ap ede nou
konprann ke Jezi te vini libere moun nan totalman, nan kò li ak nan lespri li.
Jezi vin libere limanite anba tout antrav, tout mal ki t’ap depafini ak li. Se
poutèt sa, se tout moun ki t’ap chache rankontre ak Jezi pou yo te ka jwenn
delivrans: « anpil foul te sot Galile ak Jide, yo te suiv li, ni sot
Jerizalèm, sot Idime ak Transjòdani; moun yo ki te alantou Tir ak Sidon, gran
foul, lè yo tande sa l’ te fè, yo vin kote l’». Rankontre ak Jezi se jwenn kè
kontan, se antre nan yon lavi tou nèf. Moun yo te tèlman anpil, Jezi te oblije
mande disip li yo fè yon ti batiman pou li, pou yo pa t’ pile Jezi anba pye,
pou li pa t’ mouri toufe. E Jezi te gen yon dispozisyon pou li akeyi, sèvi moun
ki t’ap swiv, moun ki t’ap chèche li.
Konsa frè ak sè m’ yo, nou menm tou, se
chak jou nou bezwen rankontre ak Jezi, paske nou se moun ki malad, nou bezwen
gerizon ak chanjman nan lavi nou.
Se nou te ka rankontre ak Jezi tout bon
vre, ala kontan kè nou ta kontan !
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri,
delivre nou anba puisans move lespri, pa pouvwa Jezikri Pitit ou a. Amèn.
PWOPOZISYON: Fè yon demach ki ede
mwen rankontre ak Jezi jodi a. Dekouvri nan lavi mwen nan ki moman move lespri
te fè mwen fè sa ki pa t’ kòrèk.
No hay comentarios:
Publicar un comentario