Páginas

VANDREDI 23

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Li sèvi entèmedyè yon alyans ki pi bon»
LEKTI LÈT EBRE YO 8, 6-13
Frè m’ yo:
Koulye a Prèt an chèf nou an gen yon sèvis ki pi bon, paske alyans la pi bon, alyans sa a li sèvi entèmedyè a, li garanti ak pi bon pwomès. Reyèlman, si premye a te san fot, yo pa ta bezwen mete yon lòt nan plas li. Sèke se antan l’ap fè yo repwòch li di:
«Men jou k’ap vini, deklarasyon Granmèt la, m’ap reyalize yon alyans tou nèf sou kay Izrayèl la ak sou kay Jida a, se pa tankou alyans la mwen te reyalize ak papa yo a jou mwen te pran men yo pou m’ wete yo sot nan peyi Lejip la; yo menm yo pa t’ rete nan alyans mwen an, mwen menm tou mwen lage yo, deklarasyon Granmèt la.
Men alyans la m’ap pase ak kay Izrayèl la aprè jou sa yo, deklarasyon Granmèt la, m’ap mete lwa m’ yo nan espri yo, m’ap ekri yo nan kè yo, m’ap Bondye yo, yo menm y’ap pèp mwen; pèsòn p’ap anseye pwochen l’ ni pèsòn p’ap anseye frè l’ antan l’ap di: «Konnen Granmèt la», paske tout moun ap konnen m’, depi pi piti, jous pi gran nan yo; paske m’ap padonnen fòt yo, mwen p’ap sonje peche yo ankò».
Lè l’ di nouvo a, premye a fin vye. Sa k’ ansyen an, ki vyeyi a, li prèske disparèt.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 84, 8 e 10. 11-12. 13-14 (r.: 11a)
R/ Mizerikòd ak verite rankontre.
Fè nou wè mizerikòd ou, Granmèt, epi sove w’ap sove nou an, ba nou li. Reyèlman li tou pre moun ki krenn li yo, sove li sove yo a, pou glwa a abite sou tè nou an.R.
Mizerikòd ak verite rankontre, jistis ak lapè anbrase.
Verite a leve sot sou tè a, jistis la panche sot nan syèl la.R.
Wi, Granmèt la ap bay bon kè, tè nou an ap bay fwi l’.
Jistis ap mache devan l’, l’ap poze pye l’ sou wout la.R.
LEVANJIL
«Li rele sa yo li vle a, pou yo avèk li».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 3, 13 -19
Lè sa a:
Jezi monte sou mòn nan, li rele sa yo li te vle a vin jwenn li; yo vin kote l’. Li fè pou yo te douz avèk li, epi pou l’ voye yo preche. Li ba yo pouvwa pou yo geri malad yo, epi pou yo chase demon yo.
Li bay Simon non Pyè; epi Jak pitit Zebede a ak Jan frè Jak la, li ba yo non Boanègès, sa vle di Pitit loraj; epi Andre, Filip, Batelemi, Matye, Toma, Jak pitit Alfe a, Tade, Simon moun Kana a, ak Jida Iskaryòt la, sa a ki te trayi l’ la.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Bondye Granmèt la pa janm bliye pwomès li te fè avèk nou, paske li fidèl.
Bondye te toujou montre li fidèl avèk pèp li a nan Ansyen kontra a, li te toujou akonpaye li nan tout moman difisil yo.
Men Bondye te vle fè yon kontra tout nèf avèk nou, yon kontra renmen, e se san Jezikri Pitit li a ki siyen papye Kontra sila a. Se yon kontra pou lavi, se yon kontra kote tout moun alawonnbadè kapab rive gen lavi, si yo fè sa Bondye mande. E Jezi montre nou kisa ki pi enpòtan, se renmen nou gen pou Bondye ak pou frè ak sè nou yo.
Jezi te gen yon gwo misyon pou li te libere limanite anba pouvwa peche ak lanmò, gras a san li ki koule sou lakwa a. Men nou wè li te chwazi kèk moun pou kolabore ak li nan kalite misyon sa a: Jezi monte mete kò li yon kote ki trankil pou li kominike ak Papa li nan lapriyè epi la menm, li rele 12 apot yo ke li te chwazi yo epi li voye nan misyon.
Nan labib la, yon mòn se kote ou kapab pi pre Bondye epi rankontre li. Jous jounen jodi a mòn yo gen anpil enpòtans: nou wè lè moun yo bezwen fè jèn epi lapriyè, anpil fwa se sou yon tèt mòn byen wo yo monte.
Kisa n’ap chèche, èske se Jezi nou vle imite, ou byen nou vle pi pre Bondye? Paske lapriyè nou yo ap rive jwenn li pi vit? Tout bagay sa yo, yo nan reyalite nou.
Jezi aprè li fin lapriyè, li rele douz apot pou asosye nan travay li, espesyalis Labib la di nou chif 12 la reprezante 12 branch fanmi pèp Izrayèl la. Jezi rele Apot yo, li chwazi yo pou yo rete avèk li, travay avèk li; se yo menm ki pra l’ sèvi l’ temwen. Li antre nan mitan pèp la li pran 12 mesye sa yo pou òganize yon kominote.
Jodi a ankò Jezi kontinye ap rele moun nan tout pèp, li chwazi kèk grenn ladan yo, tankou relijye ak relijyez yo epi kèk layik tou; jodi a si w’ tande Bondye ap rele w’, pa fèmen kè w’, se pou w’ reponn li, paske li pa janm rele moun pou granmesi, si l’ p’ap di w’ yo bagay, l’ap ba w’ yon bagay, reponn li menm jan ak Apot yo.
An nou mete men nan pat la pou n’ konstwi peyi nou, kominote nou ak sosyete a, paske Jezi konte sou nou, gen anpil moun ki poko tande Bòn Nouvèl la; pa pèdi tan nou nan bagay ki p’ap rapòte nou anyen, ann fè wout la ansanm pou n’ kab pote laviktwa.
LAPRIYÈ: Papa fè m’ sonje angajman mwen te pran nan batèm mwen pou mwen sèvi ou menm sèl ak tout kè mwen. Jodi a mwen vle renouvle angajman sa, pou lwanj ou ka eklate tout kote.

PWOPOZISYON: Tande vwa Jezi k’ap rele mwen jodi a pou mwen travay avèk li.

No hay comentarios:

Publicar un comentario