Koulè Blan
FRANSWA DE SAL, KI SEN, Evèk e Savan
sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Ak pwòp san l’
li antre yon fwa pou tout nan pati ki sen nan tanp la»
LEKTI LÈT EBRE YO 9, 2-3. 11-14
Frè m’ yo:
Te gen premye tant la, kote te gen sipò-chandèl yo, tab
la ak pen yo fri a, yo te rele l’ «Sin». Dèyè vwal la menm se te dezyèm tant la,
sa yo rele «Sen sen yo».
Jezikri menm vin rive kòm prèt an chèf byen k’ap vini yo,
li travèse tant ki pa fèt ak men moun nan, ki pi gran an epi ki pi kòrèk la, sa
ki pa sòti nan kreyasyon sa a, se pa ak san bouk oubyen bèf, men se ak pwòp san
l’ li antre yon fwa pou tout nan Sen an, lè l’ fin fè nou jwenn redanmsyon tout
tan an. Reyèlman si san bouk ak towo yo, ak san gazèl yo, sa yo konn vide sou
moun ki gen peche yo, te konn fè yo vin sen pou pwòpte chè yo, konbyen fwa pi
plis san Jezikri a, ki ofri tèt li san tach bay Bondye gras a Espri Sen an, l’ap
pwòpte konsyans nou sot nan aksyon lanmò yo pou nou sèvi Bondye vivan an?
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 46,
2-3, 6-7. 8-9 (r.: 6)
R/ Bondye monte nan gran fèt, Granmèt la
monte nan son klewon.
Tout nasyon yo, se pou nou bat bravo,
fè lwanj pou Bondye avèk rèl kè kontan.
Paske Granmèt la ki anwo nèt la, li terib,
wa ki gran anlè tout tè a.R.
Bondye monte nan gran fèt,
Granmèt la monte nan son klewon.
Fè lwanj pou Bondye, fè lwanj ;
fè lwanj pou wa nou an, fè lwanj.R.
Paske Bondye se wa tout tè a,
fè lwanj avèk sajès.
Bondye wa sou nasyon yo,
Bondye chita sou twòn li ki sen an.R.
LEVANJIL
«Moun lakay li
yo t’ap di: «Li pèdi bon sans li»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 3, 20-21
Lè sa a:
Jezi rive avèk disip li yo nan yon kay, foul la rive
ankò, atèl pwen yo pa t’ kapab menm manje yon moso pen. Lè moun kay li
yo tande sa, yo pati pou yo pran l’; yo t’ap di: «Li pèdi bon sans li».
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
NB: SI YO VLE, YO
VA LI TÈKS ESPESYAL POU MEMWA SEN VENSAN:
PREMYE LEKTI: Efezyen 3, 8-12
SÒM REPONS: Sòm 36, 3-4. 5-6. 30-31 (r.: 30a)
LEVANJIL: Jan 15, 9-17
REFLEKSYON: Jodi a nan okazyon fèt Sen Franswa de Sal la, Legliz la prezante
nou li kòm yon modèl renmen, sajès ak bon konprann. Konsa nou mande Bondye pa
lantremiz sen Franswa pou fè nou rive renmen lòt tout bon vre.
Levanjil la ap ede nou konnen ki kalite angouman
foul la te genyen nan mache li t’ap mache dèyè Jezi, kote Jezi vin pa gen tan
men m’ pou l’ pran yon ti poz, alevwa pou l’ ta pran yon ti kichòy. Nou remake
kòman Jezi sakrifye l’ pou yo e se kritike yo kritike Jezi, yo menm di li pèdi
tèt li; se yon bagay ki nan abitid nou, lè yon moun mete tout li menn nèt ale
nan yon misyon, yon sèvis, lè li vrèman angaje l’ antan bay tout li menn san rezèv,
nou toujou pote kritik, ou byen nou fè move jijman sou li kòmkwa li gen yon
bagay ki pa mache.
Frè ak sè mwen, an nou viv selon konviksyon lafwa
nou, an nou pa pè travay malgre tout kritik. Depi se travay Bondye n’ap fè,
anyen pa dwe dekouraje nou, paske foli Bondye a pi gran ke sajès lèzòm. Ansanm
ak Jezi an nou gade devan.
LAPRIYÈ: Granmèt, malgre
tout kritik sosyete a, mwen vle kontinye mache ansanm avèk ou. Tanpri ban m’
fòs ou.
PWOPOZISYON: Rete kole sou Jezi, fè li konfyans, malgre tout
difikilte ak pwoblèm lavi a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario