Páginas

DIMANCH 25

Koulè Vèt
TWAZYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE B
PREMYE LEKTI
«Moun Niniv yo chanje konduit sot nan move chemen yo».
LEKTI LIV PWOFÈT JONAS 3, 1-5. 10
Rive pawòl Granmèt la di Jonas : «Leve, al Niniv, gran vil la, preche prèch la ladan l’, sa m’ te pale ou la». Jonas leve, 1’al Niniv daprè pawòl Granmèt la.
Niniv te yon gran vil ki te mande twa jou pou travèse l’. Jonas kòmanse antre nan vil la, li kache pandan yon jounen ; li rele byen fò, li di : «Aprè karant jou, Niniv ap detwi».
Moun Niniv yo kwè nan Bondye, yo preche yon jèn, yo abiye ak sak sot depi pi gran an jous pi piti a.
Bondye wè aksyon yo, kijan yo chanje sot nan move chemen yo, Bondye pran pitye osijè malè li te di li t’ap fè a, li pa fè l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 24, 4bc-5ab. 6-7bc. 8-9 (r.: 4b)
R/ Chemen ou yo, Granmèt, aprann mwen yo.
Chemen ou yo, Granmèt, montre m’ yo, santye ou yo, aprann mwen yo. Dirije m’ nan santye ou la, ban m’ leson, paske ou se Bondye sovè mwen.R.
Sonje bon kè ou, Granmèt, ak mizerikòd ou yo, paske se depi tout tan yo ekziste, daprè mizerikòd ou yo, sonje m’, poutèt bon kè ou, Granmèt.R.
Granmèt la bon, li dwat, se pousa l’ap aprann pechè yo chemen an ; l’ap kondui moun ki dosil yo nan jijman an, l’ap aprann moun ki dou yo chemen l’ yo.R.
DEZYÈM LEKTI
«Figi tè sa a ap pase»
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL POU KORENTYEN YO 7, 29-31
Mwen di nou sa, frè m’ yo: Tan an kout.
Moun ki marye, se pou yo viv kòm si yo pa marye; moun k’ap kriye, kòm si yo p’ap kriye, moun ki gen kè kontan, kòm si yo pa gen kè kontan; moun k’ap achte, kòm si yo pa posede; moun k’ap sèvi avèk tè sa a; kòm si yo p’ap sèvi avèk li.
Sèke l’ap pase, figi tè sa a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Fè penitans, se pou nou kwè nan bòn nouvèl la»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 1, 14- 20
Aprè yo fin arete Jan, Jezi rive nan Galile, l’ap preche bòn nouvèl peyi wa Bondye a, l’ap di: «Tan an rive, peyi wa Bondye a pwoche: fè penitans, kwè nan bòn nouvèl la».
Antan l’ap pase bò lanmè Galile a, li wè Simon avèk Andre frè l’ la k’ap voye filè nan lanmè a; se pechè pwason yo te ye. Jezi di yo: «Vini aprè m’, m’ap fè nou al lapèch moun». Menm lè a, yo kite filè yo, yo suiv li.
Li kontinye sot la 1’al yon ti kras pi lwen, li wè Jak pitit Zebede a avèk Jan, frè l’ la, yo t’ap rapyese filè yo nan batiman an; menm lè a, li rele yo. Yo kite papa yo Zebede nan batiman an avèk anplwaye yo, yo suiv li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jan Batis se dènye pwofèt Ansyen Testaman an, li vin prepare chemen pou Granmèt la. Se li menm tou ki te batize Jezi nan larivyè jouden an. Pou misyon Jezi te ka kòmanse, fòk misyon pa Jan Batis la te pran fen. Se sa ki fè lè yo fin arete Jan Batis Jezi pran chemen pou li ale Lagalile, kote te gen anpil payen ki te abite.
Epi tout moun ki sòti nan Lasiri ak Kalde te rete Lagalile. Donk ale Jezi nan Lagalile, se yon senbòl li ale nan misyon pou l’ ede payen yo chanje kondwit yo, pou yo vin kwè nan Bondye. Jezi al chèche yo pou l’ fè yo tounen pitit Bondye. Li pwoklame bòn nouvèl la bay tout moun ki te ekzile nan Babilòn yo, ki t’ap soufri epi ki te pèdi tout bagay, ki t’ap anonse jwa delivrans epi anpeche yo arete moun yo pou gran mesi.
Pou Mak mo «Evanjil» vle di mesaj paskal paske se nan Lagalile mesaj sa ap anonse epi Jezi te di patizan l’ yo l’ap rive avan yo nan Lagalile (Mak1, 28; 16,7).
Anpil pwofèt t’ap anonse ke wayòm Bondye a t’ap vin etabli sou tè a. (Mi2, 13 is6,1_3; 43,15 jr3,17;8,19 ez20,33). Jezi vini pou reyalize pwomès sa yo. Tout moun ki malad ki pòv, moun ki grangou pral delivre. (Lc4, 16) se nan Jezi tout pwomès yo ap reyalize. Men pou yo reyalize, Jezi mande nou pou nou swiv li; kite mechanste pou nou konvèti epi kwè nan li; sa vle di, kwè nan pawòl li yo.
Jezi te chwazi kat premye disip li yo. Li te ba yo misyon pou y’al chèche sila yo ki lwen yo, menm jan avèk li. Nou menm tou, frè ak sè m’ yo, nou gen menn misyon ak Jezi pou n’al rankontre sila yo ki lwen yo pou nou di yo chanje, pou konvèti.
Se pou Bondye ede nou chak jou nan lavi nou pou nou gen fòs pou nou ka fè misyon sa jan li vle a.
LAPRIYÈ: Granmèt, mwen vle kolabore ak ou nan misyon sove tè a. Tanpri, voye Lespri w’ la vin anime mwen chak jou pi plis.

PWOPOZISYON: Gade nan ki fason mwen ka kolabore ak Bondye pou chanje vizaj fanmi mwen, vizaj kominote m’ap viv la.

No hay comentarios:

Publicar un comentario