Páginas

LENDI 26

Koulè Blan
SEN TIMOTE AK TIT, EVÈK
(MEMWA)
PREMYE LEKTI
«Mwen sonje lafwa l’ la ki nan ou a, ki pa twonpe a»
LEKTI DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 1, 1-8
Pòl, apot Jezikri, gras a volonte Bondye, daprè pwomès lavi-a, ki nan Jezikri a. Pou Timote pitit mwen renmen anpil la: gras, mizerikòd, lapè sot nan Bondye Papa a ak nan Jezikri Granmèt nou an.
Mwen fè konpliman pou Bondye, li menm mwen sèvi depi papa mwen yo nan yon konsyans ki pwòp, se san rete mwen sonje ou nan priyè m’ lannuit ak lajounen, mwen anvi wè ou, mwen sonje dlo nan je ou yo, pou kè m’ kontan nèt, mwen sonje lafwa l’ la, ki nan ou a ki pa nan manti a, ki te abite tou dabò nan grann ou Loyis, epi nan manman ou Enis, mwen sèten li nan ou menm tou.
Se pousa mwen avèti ou pou ou leve gras Bondye a ki nan ou a, lè m’ te met men sou tèt ou a Bondye pa t’ ba nou yon Espri kè sote, men se yon Espri fòs, renmen ak pou metrize kò nou. Konsa pa wont temwayaj Granmèt nou an ni chenn mwen an; men travay nan levanjil la daprè fòs Bondye a.
OUBYEN:
«Pou Tit pitit mwen renmen anpil la, daprè lafwa nou pataje ansanm nan».
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU TIT                            1,1-5
Mwen Pòl, sèvitè Bondye, mwen ekri ou, Tit ou menm ki pitit mwen tout bon selon lafwa nou gen ansanm nan. Mwen se apot Jezikri pou m’ kondui sa yo Bondye chwazi a nan lafwa, nan konesans verite a pou l’ pase nan tout vi yo; espwa sou lavi san fen an chita sou pwomès Bondye ki p’ap bay manti a te fè depi tout tan. Nan tan Bondye te vle a, li te fè m’ konnen pawòl li nan mesaj li te konfye m’ nan pa lentèmedyè Sovè nou an. Gras ak lapè sot nan Bondye Papa a ak nan Jezikri Sovè nou an.
Men pou ki sa mwen te kite ou nan Krèt, se pou ou drese bagay k’ap devye yo, pou ou enstale prèt yo nan vil yo, jan m’ te enstale ou la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 95, 1-2a. 2b-3. 7-8a. 10 (r.: 3)
R/ Anonse nan tout pèp yo mèvèy Granmèt la.
Chante pou Granmèt la yon kantik nouvo,
chante pou Granmèt la, tout tè a.
Chante pou Granmèt la, fè konpliman pou li.R.
Anonse jou an jou sove li a.
Anonse glwa l’ pou nasyon yo,
Nan tout pèp yo mèvèy li yo.R.
Pote bay Granmèt la, fanmi pèp yo,
Pote bay Granmèt la glwa ak pouvwa,
Pote bay Granmèt la glwa non l’.R.
Di nan nasyon yo: «Granmèt la wa».
L’ap drese fas tè a pou l’ pa souke;
L’ap jije pèp yo nan jistis.R.
LEVANJIL:
«Travay la anpil, men travayè yo se yon ti kras.»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 10, 1-9
Apre sa, Granmèt la chwazi swasanndis lòt disip; li voye yo devan l' de pa de nan tout lavil ak tout kote li menm li te gen pou l' ale. Li di yo: Rekòt la anpil, men pa gen ase travayè pou ranmase li. Mande mèt jaden an pou l' voye travayè nan jaden l' lan.
Ale: m'ap voye nou tankou ti mouton nan mitan chen mawon. Pa pote ni lajan, ni manje, ni soulye. Pa rete nan di pesonn bonjou nan chemen an. Lè nou antre nan yon kay, premye bagay pou nou di: benediksyon pou tout moun ki nan kay la. Si gen yon moun ki ka resevwa benediksyon an, benediksyon an va desann sou li; si pa genyen, benediksyon an va tounen vin jwenn ou.  Rete nan kay sa a; manje, bwè tou sa y'a ban nou, paske moun ki travay merite pou yo peye l' lajan travay li. Pa soti nan yon kay pou al rete nan yon lòt. Lè nou antre man yon lavil, si yo resevwa nou, manje sa y'a mete devan nou. Geri moun malad ki nan lavil la, di tout moun yo: Gouvènman Bondye a rive toupre nou.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lik, se sèl Levanjelis ki rakonte nou misyon 72 yo (Lik10,1-9.). Matye prèske di menm bagay yo tou, men se douz yo (Mat. 9,37;10,15).
Men Lik vle nou konprann ke misyon an pa rezève sèlman ak douz yo; se tout batize ki dwe anonse bòn nouvèl la tout kote yo pase. Travay la anpil men manke travayè. Se nou tout ki dwe mete men ansanm pou nou fè misyon an; mete tèt ansanm, men nan lamen.
Nou dwe mande Bondye pou l’ mete plis moun nan travay levanjelizasyon an pou plis moun ka rive resevwa bòn nouvèl la. Se Misyon nou sa e se Jezi menm ki voye nou tout pou n’al simaye bòn nouvèl la tout kote nou pase. Li di nou n’ap jwenn anpil pwoblèm anpil tèt chaje men nou pa bezwen pè. Nou pa menm bezwen pran anyen paske Granmèt la avèk nou. Sa vle di, nou pa dwe met espwa nou sou aktivite mond lan, paske se pase y’ap pase; se pawòl Bondye a ki dwe bousòl nou, ki dwe dirije nou nan tout sa n’ap fè ak sa n’ap di pandan n’ap anonse lapè, lajwa.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, ede m’ anonse pawòl ou a nan sa m’ap di, men sitou nan sa m’ap fè.

PWOPOZISYON: Nan ti ti moman silans ak meditasyon, redekouvri misyon mwen kòm batize, kòm patizan Jezikri.

No hay comentarios:

Publicar un comentario