Páginas

MADI 27

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Men m’ap vini, Bondye, pou m’ fè volonte ou»
LEKTI LÈT EBRE YO 10, 1-10
Frè m’ yo :
Lalwa a, se lonbraj byen yo k’ap vini an li genyen, se pa vrè pòtre bagay yo, chak ane se menm sakrifis yo yo t’ap ofri san rete, li pa kapab fè moun k’ap pwoche l’ konsa yo vin kòrèk nèt; otreman yo ta sispann ofri, si moun k’ap ofri sakrifis yo pa t’ gen okenn konsyans peche ankò antan yo pwòpte yon fwa pou tout; men nan sakrifis sa yo se souvni peche yo yo fè chak ane. Sèke san towo ak bouk pa kapab wete peche yo.
Se pousa lè Jezikri ap antre sou tè a, li di : «Sakrifis ak kado, ou pa t’ vle sa, se yon kò ou te pare pou mwen ; sakrifis yo boule pou peche, sa pa t’ fè ou plezi, lè sa a atò mwen di: «Men m’ap vini: nan tèt liv la yo ekri osijè m’, Bondye, pou m’ fè volonte ou».
Li di pi wo : «Sakrifis ak kado ak sakrifis yo boule pou peche, ou pa t’ vle sa, ni sa yo konn ofri daprè lalwa a, sa pa t’ fè ou plezi, epi aprè sa li di : «Men m’ap vini pou m’ fè volonte ou». Li wete premye a, pou l’enstale sa k’ vin aprè a. Se nan volonte sa a nou vin sen gras a kado kò Jezikri ki ofri tèt li yon fwa pou tout.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 39, 2 e 4ab. 7-8a. 10. 11 (r.: 8a e 9a)
R/ Men m’ap vini, Granmèt, pou m’ fè volonte ou.
Se pa ti kras tann mwen t’ap tann Granmèt la, li panche sou mwen. Li mete yon kantik nouvo nan bouch mwen, yon kantik pou Bondye nou an.R.
Sakrifis ak kado, ou pa t’ vle sa, ou louvri zòrèy mwen.
Sakrifis antye ak sakrifis pou peche, ou pa t’ mande sa,
lè sa a mwen di: «Men m’ap vini.R.
Mwen anonse jistis ou a nan gran asanble a ; men mwen pa fèmen bouch mwen, Granmèt, ou konnen.R.
Jistis ou a mwen pa kache l’ nan kè m’, verite ou la ak sekou w’ la, mwen di l’.
Mwen pa kache mizerikòd ou a ak verite ou bay gran rasanbleman an.R.
LEVANJIL
«Moun ki fè volonte Bondye, se li menm ki frè m’ak sè m’ak manman m’».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK 3, 31-35
Lè sa a:
Manman Jezi ak frè l’ yo rive ; yo kanpe deyò a, yo voye kote l’ pou yo rele l’. Te gen yon foul ki te chita alantou l’, yo di l’: «Men manman ou ak frè ou yo deyò a y’ap chèche ou».
Li reponn yo, li di: «Kilès ki manman m’ ak frè m’?» Li vire gade alantou l’, sa yo ki te chita toutotou l’ yo, li di: «Men manman m’ ak frè m’ yo. Moun ki fè volonte Bondye, se li menm ki frè m’ ak sè m’ ak manman m’».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, n’ap kontanple, kote yon pakèt moun bò lakay li anviwonnen li. Zanmi li yo, paran li yo soti Nazarèt, yo rive nan Kafanawòm. Men akòz kantite moun ki te antoure Jezi, paran li te oblije kanpe deyò e yo mande lòt moun pou rele Jezi pou yo. Yo di Jezi: «Men manman ou ak frè ou yo deyò a y’ap chèche ou». (Mak 3,31).
Nan repons Jezi bay la, nou pral dekouvri, li pa t’ rejte paran li yo. Jezi te kite yo pou li te reponn apèl Bondye e li montre kòman li te detache avèk yo pou li te ka ekzèse misyon li ak tout libète. Se pa paske li te meprize paran li yo, men se paske se pou Papa li te ye totalman. Sa Jezi mande disip li yo, li fè li tounen yon reyalite nan pwòp lavi pa li.
Nan plas fanmi li sou latè a Jezi chwazi yon fanmi espirityèl.  Li gade sila yo ki chita bò kote li e li di yo: «Men manman m’ ak frè m’ yo. Moun ki fè volonte Bondye, se li menm ki frè m’ ak sè m’ ak manman m’» (Mak 3,34-35).
Èske Jezi vle di nou moun ki paran li, se sèlman moun ki koute pawòl li ak atansyon? Non! Paran li se pa sila yo ki koute, men sila a yo ki koute epi ki fè volonte Bondye: se sila yo ki frè, sè ak manman Jezi.
Jezi ankouraje sila yo ki te chita la bò kote li ak tout lòt moun sou latè pou antre nan kominyon avèk li. Sèl fason pou nou reyalize kominyon sa a, se lè nou fè volonte Bondye. An menm tan tou, nou nou wè Jezi fè lwanj pou Manman li, Mari, li menm ki plen lagras pou tout tan akoz li te kwè nan Bondye ak nan pwomès Bondye.
LAPRIYÈ: Jezi mwen vle antre nan gran fanmi w’ lan, tanpri ede m’ fè volonte Papa ou chak jou.

PWOPOZISYON: Reflechi pou wè si mwen se yon sè, yon frè, oubyen yon manma pou Jezi.

No hay comentarios:

Publicar un comentario