Páginas

MÈKREDI 28

Koulè Blan
SEN TOMA D’AKEN
(MEMWA)
PREMYE LEKTI : Sajès 7, 7-10. 15-16
Lè yon moun ki gen bon konprann ap sibi move trètman, sa ka fè l' pèdi tèt li. Lajan sou kote fè l' pèdi karaktè l'.
Lè yon bagay ap fini li pi bon pase lè l'ap konmanse. Pito ou pran pasyans pase pou ou kite lògèy ap pouse ou.
Pa fè kòlè fasil, paske se moun sòt ki renmen fache.
Pa janm mande poukisa tan lontan te pi bon pase tan n'ap viv koulye a. Moun ki gen bon konprann p'ap mande bagay konsa.
Lavi n' sou latè pa vo anyen, se vre! Men mwen wè tout kalite bagay: Mwen wè moun debyen, atout yo mache dwat la, mouri mouri yo. Mwen wè mechan yo menm ap viv lontan pou fè mechanste.
Pa chache twò bon, ni gen twòp lespri. Sa ou bezwen touye tèt ou fè?
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS : Sòm 118, 9. 10. 11. 12. 13. 14 (r.: 12b)
R/ Aprann mwen desizyon ou yo, Granmèt.
Kòman pou yon jenòm kapab nèt nan chemen l’ ?
Antan l’ kenbe pawòl ou yo.R.
Ak tout kè m’ mwen te chèche ou, pa kite m’ pèdi wout lwen kòmandman ou yo.R.
Nan kè m’ mwen kache pwomès ou yo, pou m’ pa fè peche kont ou.R.
Konpliman pou ou, Granmèt aprann mwen desizyon ou  yo.R.
Nan bouch mwen mwen detayé tout jijman bouch ou yo.R.
Nan wout temwayaj ou yo mwen jwenn plezi m’ tankou nan tout kalite richès.R.
LEVANJIL :
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE 23, 8-12
«Moun ki desann tèt li, y'a leve li.»
Men, nou menm, pa fè moun rele nou Mèt, paske se yon sèl mèt nou genyen. Apa sa, nou tout se frè.
Pa rele pesonn sou latè papa, paske nou gen yon sèl papa: sa ki nan syèl la.Pa kite yo rele nou chèf, paske nou gen yon sèl chèf, se Kris la. Moun ki pi grannèg nan mitan nou an, se moun k'ap sèvi nou an.Moun ki vle leve tèt li, y'a desann li. Moun ki desann tèt li, y'a leve li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON :
MOUN KI BESE TÈT, YO VA FÈ L’ LEVE L’:
Jodi a, n’ap sonje Sen Toma d’Aken (1225-1274); li te manb kominote relijye ke yo rele «Lòd Prechè yo», li se pè ak Savan sakre Legliz la. Li te pase tout lavi li ap etidye epi anseye tewoloji katolik, antan li te konsyan de kalite sèvis li t’ap rann lafwa a, Legliz la ak limanite.
LI TE RANN LAFWA SÈVIS: Tewoloji, se pa envante lafwa, se pa entèprete li nan fason pa nou. Tewolojyen an, li baze sou lafwa Legliz la e li eseye konprann li nan vrè sans li, e lè li rive dekouvri vrè sans li, sa pèmèt li rekonsilye li ak syans la ak kilti epòk la, san li pa defòme li. Sen Toma, patwon filozòf yo, te konprann trè byen tout panse ki mete Bondye sou kote, oubyen ant parantèz, se panse ki mennen moun nan echèk total, se pou sa li te montre ki bèl relasyon ki dwe genyen ant relijyon an ak filozofi a.
Lè li aji nan fason sa a, tewolojyen rann limanite yon gwo sèvis, puiske li ede li antre ak matirite nan konpreyansyon pawòl Bondye a; Pawòl sa se Jezikri menm, delivrans limanite. Sen Toma te konprann li trè byen e li te pratike li. Pawòl sa yo ke nou jwenn nan Levanjil nou li nan okazyon fèt li a byen makonnen ak reyalite lavi Sen Toma: «Nou gen yon sèl chèf, se Kris la» (Mt 23,10).
Se pa t’ yon bagay ki te toujou fasil. Li te lite kont sila yo ki te vle fè filozofi grèk la pase avan lafwa a. Pèsonn pa doute sou nouvote filozofi sa a te pote. Toma pa t’ janm fè panse Aristòt la pase avan lafwa; okontrè li te toujou mete lafwa nan premye plas.  Se yon nèg ki te respekte otorite Legliz la, e li mouri antan li ta prale nan yon gwo rankont ki t’ap fèt kote yo rele Lyon (nan peyi Lafrans), kote pap ki te la a te envite li patisipe.
Li te konsyan ke travay li kòm tewolojyen te rann gwo save ak moun ki senp yo anpil sèvis. Nan entwodiksyon gwo liv tewolojik li te ekri a (‘Sòm Tewolojik’), li te mansyone: «Entansyon mwen, se pale sou relijyon Kris la yon fason pou tout moun k’ap antre ladan kapab konprann li san difikilte».
Dènye mo nou li nan Levanjil nou li nan okazyon fèt Toma a, se: « Moun ki bese tèt li, yo va leve li» (Mat 23,12). Toma d’Aken te bese tèt li antan li soumèt li devan Bondye, devan Legliz la ak nesesite lèzòm; se pousa li merite pou yo leve li anlè. Se sa menm nou fè lè nou sonje li.
LAPRIYÈ: Bondye, Toma sen. Ou fè l’ jwenn konsiderasyon nan kalite ou ba li. Li te met aktivite pou l’ vin sen. Li te met tout kè l’ pou ansèyman sakre a. Tanpri, fè nou fikse entelijans nou sou sa li te aprann nou an. Fè nou pran modèl sou konduit li te genyen an. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON : Pran yon moman nan jounen an pou mwen gade si gen amoni ant sa mwen kwè, sa mwen panse ak sa m’ap viv.

No hay comentarios:

Publicar un comentario