Páginas

JEDI 29

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Avèk tout lafwa a se pou nou kenbe deklarasyon esperans la, se pou nou youn fè atansyon lòt la, pou nou ankouraje nan charite a»
LEKTI LÈT EBRE YO 10, 19-25
Frè m’ yo, antan nou gen asirans pou nou antre nan tanp la avèk san Jezikri a, se yon chemen nouvo ki vivan li louvri pou nou lè l’ travèse vwa l’ la, sa vle di chè l’ la, kòm prèt an chèf sou kay Bondye a; se pou nou pwoche avèk yon kè sensè nan tout lafwa a, antan kè nou fin pwòpte sot nan move konsyans la, antan kò nou fin lave ak dlo ki pwòp.
Se pou nou kenbe deklarasyon lafwa nou an san febli (sa a ki te pwomèt la, li fidèl); se pou nou youn fè atansyon lòt la pou nou youn ankouraje lòt nan charite a ak bon aksyon yo, san nou pa lage gwoup reyinyon nou an, jan kèk gen abitid fè a, men se pou nou youn konsole lòt, sitou antan nou wè kijan jou a ap pwoche.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 23, 1-2. 3-4ab. 5-6 (r.: cf. 6)
R/ Sa a, se ras moun k’ap chèche fas ou yo, Granmèt.
Pou Granmèt la tè a ak sa k’ plen l’, fas tè a ak sa k’ abite ladan l’.
Sèke se li menm ki poze l’ sou lanmè yo, ki rann li solid sou gran rivyè yo.R.
Kilès k’ap monte sou mòn Granmèt la.
oubyen kilès k’ap kanpe sou plas li ki sen an?
moun ki gen men l’ inosan ak kè l’ nèt, ki pa nonmen non l’ pou granmesi.R.
Moun sa a ap resevwa benediksyon nan men Granmèt la ak sa k’ fè moun vin kòrèk la nan men Bondye Sovè l’ la.
Sa a se ras moun k’ap chèche l’ yo, k’ap chèche fas Bondye Jakòb la.R.
LEVANJIL
«Yo vini ak yon lanp, pou yo mete l’ sou yon etajè. Ak mezi n’ap mezire a, se avèk li y’ap mezire pou nou tou»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 4, 21-25
Lè sa a: Jezi t’ap di foul la:
«Èske yo vini ak yon lanp, pou yo mete l’anba yon bokit oubyen anba kabann? Èske se pa pou yo mete l’ sou yon etajè ? Pa gen anyen ki kache ki p’ap parèt ; ni pa gen yon bagay ki kache, men se pou l’ vin aklè. Si yon moun gen zòrèy pou l’ tande, se pou l’ tande».
Li t’ap di yo : «Gade byen sa n’ap koute. Ak mezi nou mezire a, y’ap mezire pou nou tou, epi y’ap mete an plis pou nou. Sèke moun ki genyen, y’ap ba li ; men moun ki pa genyen, menm sa l’ genyen an, y’ap wete l’ sot nan men li».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Jodi a, Jezi ap eksplike nou sekrè Wayòm nan. Li pale sou yon ton ki montre nou ke enèji ki nan Pawòl Bondye a, fòs ki dwe anime mond la, se tankou yon limyè ke yo pa kapab mete anba kabann. (Mak 4,21).
Èske nou imajine nan ki degre pou yon moun ta egare pou li ta limen yon bouji epi mete li anba yon kabann ? Kretyen avèk yon limyè ki tenyen oubyen yon limyè k’ap briye epi avèk entèdiksyon pou klere ! Se sa ki rive nou lè nou pa mete tout konesans nou ak lanmou nou nan sèvis lafwa a. Nou vrèman aji kont lanati, lè nou pliye sou nou menm pou nou defann ti enterè pèsonèl nou sèlman antan nou bliye lòt yo ekziste ! Lè sa nou viv anba kabann ! Nou vin tounen moun ki imobil.
Okontrè, Levanjil la fè nou pran elan nan yon flanm lanmou ki bezwen eksprime li, ki bezwen fè konnen li, ki pote yon ekzijans kwasans pèsonèl, matirite enteryè, ak sèvis lòt yo. Sen Ogisten di nou: «Si ou di: Ase! Ou mouri! ». Nou pa dwe janm mezire ni peze lanmou!
«Si yon moun gen zòrèy pou tande, se pou li tande! Li di yo tou: «Fè atansyon ak sa n’ap tande!» (Mak 4, 23-24). Men, kisa sa vle di tande? Se kesyon sa a ke nou dwe poze tèt nou. Se lè nou sensè avèk Bondye ki ekzije pou li konnen vrèman kisa nou vle fè.
Pou nou konnen sa, nou dwe aprann koute: Fòk nou prete anpil atansyon ak sa Bondye ap di nou. Fòk nou antame dyalòg avèk li. E konvèsasyon an mete fen nan kalkil matematik: « Men mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se avèk li y’ap mezire nou tou. Paske moun ki genyen, li va resevwa plis e mou ki pa genyen, menm ti sa ki nan men li yo va wete»(Mak 4,24-25).
Bondye konble nou ak richès gras li pou nou kapab aprann pataje ak sila yo ki pa gen anyen.
LAPRIYÈ : Granmèt, fè nou konsève kè kontan nou jwenn nan Pitit ou a, ki vin delivre nou an. Amèn.

PWOPOZISYON : Reflechi sou kijan mwen jere lanp lafwa mwen ak limyè lagras batèm mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario