Páginas

VANDREDI 30

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Se yon gran batay nou sipòte. Pa pèdi konfyans nou an»
LEKTI LÈT POU EBRE YO 10, 32-39
Frè m’ yo :
Sonje jou lontan yo, lè nou te fèk fin resevwa limyè a, nou te sipòte soufrans gran batay ; yon lè yo fè nou sèvi jwèt ak wont ak tray, yon lè menm nou santi nou asosye avèk sa yo k’ap sibi tretman sa yo. Reyèlman nou te soufri ansanm avèk sa yo ki te prizonye yo, nou kite yo pran byen nou yo ak kè kontan, nou konnen nou gen richès ki pi bon, k’ap dire.
Konsa pa pèdi konfyans nou an, ki gen gran rekonpans la. Pasyans la nesesè pou nou, pou nou resevwa pwomès la antan nou fè volonte Bondye. Yon ti moman ankò sa a k’ap vini an ap rive, li p’ap mize. Moun ki kòrèk mwen an, li viv ak lafwa; si l’ rale kò l’, li p’ap fè m’ plezi.
Nou menm menm nou pa moun k’ap rale kò nou pou nou pèdi, men se moun lafwa pou nou gen lavi a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 36, 3-4. 5-6. 23-24. 39-40 (r.: 39a)
R/ Sove moun ki kòrèk yo ap sove a se nan Granmèt la li sòti.
Espere nan Granmèt la, fè sa k’ bon, w’ap abite tè a, w’ap manje ak konfyans.
Jui nan Granmèt la, l’ap ba ou sa kè ou mande yo.R.
Renmèt Granmèt la chemen ou yo, espere nan li, se li menm k’ap aji; l’ap fè jistis ou leve tankou limyè, ak jijman ou tankou midi.R.
Se Granmèt la ki asire demach yon moun, l’ap vòltije sou chemen l’.
Lè l’ tonbe, li p’ap kraze, paske Granmèt la soutni men l’.R.
Sove moun ki kòrèk yo ap sove a se nan Granmèt la li sòti, li sèvi yo pwoteksyon nan tan tray la. Granmèt la ap ede yo, l’ap delivre yo,
L’ap delivre yo sot nan men pechè yo, l’ap sove yo, paske yo espere nan li.R.
LEVANJIL
«Li fin lage semans la, li dòmi, epi semans la devlope, san l’ pa konnen»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 4, 26-34
Lè sa a : Jezi t’ap di foul yo:
«Se konsa peyi wa syèl yo ye, tankou yon moun k’ap voye semans la nan tè a, aprè sa, li dòmi, li leve, lannuit ak lajounen, epi semans la jèmen, li devlope, san li menm li pa konnen. Aprè sa tè a donnen fwi : tou dabò se fèy, aprè sa se zepi, anfen se plen ble nan zepi a. Lè l’ donnen fwi, menm lè a li voye sèpèt, paske se rekòlt la».
Li t’ap di : «Ak ki sa nou ta konpare peyi wa Bondye a? oubyen ak ki parabòl nou ta konpare l’? Se tankou yon grenn seneve, lè yo simen l’ nan tè a, li pi piti pase tout semans ki nan tè a; lè yo fin simen l’, li monte, li vin pi gran pase tout legim yo, li fè gran branch, atèl pwen zwazo syèl yo kapab abite anba lonbraj li».
Se ak anpil parabòl konsa li t’ap anonse yo pawòl la, nan mezi yo te kapab koute ; men li pa t’ pale ak yo san parabòl. Men pou disip li yo menm li te konn eksplike tout bagay apa pou yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Jodi a, Jezi pale ak moun yo sou yon eksperyans ke yo abitye fè : « yon moun k’ap voye semans la nan tè a (…) ; epi semans la jèmen, li devlope. Aprè sa tè a donnen fwi : tou dabò se fèy, aprè sa se zepi, anfen se plen ble nan zepi a.» (Mak 4,26-28). Lè li pwononse pawòl sa yo, li fè referans ak Wayòm Bondye a, ki se «sentete ak lagras, Verite ak Lavi, jistis, lanmoun ak kè poze» ke Jezi vin pote pou nou. Wayòm sa a, li dwe tounen yon reyalite nan lavi nou chak ak nan mond la.
Nan nanm chak kretyen, atravè batèm nan, Jezi te simen lagras, sentete, verite… Nou dwe fè semans sa a grandi pou li ka donnen bon zèv: sèvis ak lanmou, bon kè, sakrifis pou nou fè devwa nou chak moman epi pou nou pote kè kontan bay sila yo ki antoure nou, lapriyè san pran souf, padon ak konpreyansyon, jefò pou devlope talan Bondye ba nou, kè kontan…
Se konsa, Wayòm Bondye a ki manifeste nan lavi nou kapab rive nan fanmi nou, nan kominote nou, nan sosyete a epi toupatou. Paske moun ki viv valè Wayòm nan, «se moun k’ap prepare chemen Granmèt la, pou fòs lagras la kapab penetre li, pou limyè verite a kapab klere li, pou fè chemen ki mennen kay Bondye yo vin dwat» (Sen Gregwa Le Gran).
Semans la kòmanse tou piti, tankou «yon ti grenn seneve: lè yo simen li, li se grenn ki pi piti nan tè a. Aprè sa li grandi pou pou tounen yon gwo pye bwa» (Mak 4,31-32).  Lè fòs Bondye anvayi nou, li fè nou grandi yon fason enkwayab. Tankou nan tan premye patizan li yo, Jezi ap mande nou jodi a pou nou fè Wayòm li a devlope atravè lemond.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri fè semans pawòl a nou resevwa chak jou nan lavi nou an kapab grandi pou pote kalite fwi ou vle a. Amèn.

PWOPOZISYON: Jodi a m’ap manifeste Wayòm Bondye a, atravè yon souri oubyen yon aksyon solidè.

No hay comentarios:

Publicar un comentario