Koulè Blan
SEN JAN BOSKO, PRÈT
(MEMWA)
PREMYE LEKTI
«Li t’ap tann
vil la, ki gen Bondye kòm enjenyè l’ak mason l’»
LEKTI LÈT POU EBRE YO 11, 1-2. 8-19
Frè m’ yo:
Lafwa a se garanti bagay n’ap espere yo, se prèv bagay ki
pa parèt yo. Se nan li ansyen yo te jwenn temwayaj.
Gras a lafwa Abraam obeyi sa a ki te rele l’ la pou l’
pati nan yon kote li te gen pou l’ resevwa kòm eritaj, li pati san l’ pa konnen
ki kote 1’a prale. Gras a lafwa, li abite nan tè pwomès la tankou yon etranje,
li abite nan tant avèk Izaak ak Jakòb ki te eritye menm pwomès la. Sèke li t’ap
tann vil la ki gen fondasyon yo, sa Bondye se enjenyè ak mason l’ nan.
Gras a lafwa, Sara li menm tou resevwa pouvwa pou l’ gen
pitit nan vant, malgre laj granmoun li, paske li te kwè sa a ki te pwomèt li te
fidèl; se pousa nan yon sèl moun (ki deja tou mouri) se tankou zetwal syèl la
an kantite ki fèt, avèk tankou sab ki sou bò lanmè, sa yo pa kapab konte.
Se nan lafwa yo tout yo mouri, san yo pa resevwa reyalizasyon
pwomès la, men se byen lwen yo wè l’, yo salye l’, yo te deklare se pèlren ak etranje
yo te ye sou tè a. Yo menm ki di sa a, yo vle di se yon patri y’ap chèche. Si yo te ret ap
sonje patri sa a kote yo sòti a, yo ta gen tan tounen deja. Men okontrè se yon
pi bon patri y’ap chèche, se patri syèl la. Se pousa Bondye pa wont rele pwòp
tèt li Bondye yo; reyèlman li pare yon vil pou yo.
Gras a lafwa, Abraam ofri Izaak, lè yo te tante l’ la; li
ofri sèl Pitit li a, li menm ki te resevwa pwomès yo, li menm yo te di l’: Se
pa lentèmedyè Izaak y’ap rele ou yon ras»; li te konsidere Bondye gen pouvwa
pou l’ leve moun sot nan pami mò yo, se pousa li resevwa pitit la, se tankou
yon parabòl.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Lik
1, 69-70. 71-72. 73-75 (r.: 68)
R/ Konpliman pou Granmèt Bondye Izrayèl,
paske li vizite pèp li a.
Li drese kòn sove li sove a pou nou nan kay David sèvitè lla ;
jan l’ te pale
nan bouch sen yo, ki te la depi lontan yo, pwofèt li yo.R.
Sove sot nan men ènmi nou yo, ak nan men tout moun ki
rayi nou yo :
Pou l’ fè mizerikòd avèk papa nou yo, pou l’ fè sonje alyans
li a ki sen an.R.
Sèman an li te sèmante bay Abraam papa nou an, pou l’ te
fè nou favè ;
Pou nou pa pè, pou l’ delivre nou sot nan men ènmi nou
yo, pou nou sèvi l’antan nou sen, nou kòrèk devan l’ pandan tout jou nou yo. R.
LEVANJIL
«Kilès sa a,
paske van ak lanmè obeyi l’» ?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 4, 35-40
Jou sa a, kòm aswè te fin rive, Jezi di disip li yo :
«An nou travèse anfas la». Yo ranvwaye foul la, yo pran l’ jan l’ te ye nan
batiman an, te gen dòt batiman yo avèk li.
Vin gen yon gran tanpèt van ; lanm lanmè a t’ap
vòltije nan batiman an, atèl pwen batiman an te plen. Li menm menm li te nan
plas gouvènay la, sou kousen an, li t’ap dòmi ; yo reveye l’, yo di l’ :
«Mèt, sa pa fè ou anyen n’ap peri»? Li reveye, li menase van an, li di
lanmè a: «Silans, pè bouch ou». Van an sispann, vin gen yon gran kalmi.
Li di yo: «Pouki sa nou manke lodas konsa a? nou pa gen
lafwa»? Yo sezi yon gran sezisman, youn t’ap di lòt: «Kilès ou kwè li ye, sa a,
paske ni van ni lanmè obeyi l’»?
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye
a.
NB: SI YO VLE, YO VA LI TÈKS KI ESPESYAL POU
MEMWA A:
PREMYE LEKTI: Filipyen 4, 4-9
SÒM REPONS:
Psòm 111, 1-2. 3-4.
5-7a. 7b-8. 9 (r.: 1a)
LEVANJIL: Matié 18, 1-5
REFLEKSYON: «Van
mèt ap soufle, tanpèt menase, lè l’ pale yo tande...», se sa chan sa a di nou
pou n’ sonje kòm kretyen se nan lafwa nou nan Jezikri pou nou apiye, paske pa gen
anyen ki enposib pou li.
Jodi a, legliz la envite nou sonje Sen
Jan Bosko,yon nèg ki te konsakre lavi l’ nan sèvis Granmèt la, antan li te bay jèn
yo yon atansyon trè espesyal, espesyalman jèn kite san sekou yo, jèn ki te lage
nan lari.
Se pa t’ yon aktivite ki te fasil pou
Jan Bosko, men li te mete tout enèji li nan sèvis sa a, e li te asire tout lavi
l’ nan Granmèt la ki te rele li a.
Nan premye lekti a nou jwenn definisyon lafwa a:
konviksyon ke w’ jwenn deja yon bagay ke ou pa ka wè epi ki pa nan men ou. Se lafwa nou ki fè nou vrèman
rive kite tout bagay dèyè menm jan ak Abraham, menm jan ak Manman Mari, menm
jan ak Jan Batis, menm jan ak anpil lòt sen nan tan pase yo ak nan syèk nou ye
kounye a, ki te kite tout bagay pou mache dèyè pawòl Bondye a ki se limyè sou
wout la. Mari te di wi, se pa paske l’ te konnen sa k’ ta prale rive davans;
men se paske l’ mete konfyans li nan Bondye ki pwomèt la, Sila a ki panche tèt
li sou pòv sèvant li a pou li leve l’ anwo nèt la.
Jezi te vini montre kè sansib Bondye Papa a pou lèzòm.
Pandan tout tan li t’ap viv, li t’ap preche Bòn Nouvèl Wayòm nan, li te pran
anpil swen pou l’ montre moun yo kòman renmen ak mizerikòd Bondye san limit.
Mesaj li a, se yon mesaj rekonsilyasyon.
Jezi te mete l’ nan sèvis lòt yo, yon fason pou li te
montre patizan li yo pou yo aprann sèvi youn lòt.
Jezi te nan yon bato ak disip li yo nan mitan lanmè kote
gen gwo van ak tanpèt ki te mete lavi yo an danje. Levanjil la di Jezi t’ap dòmi
epi tanpèt la t’ap sakaje bato a tèlman disip yo kouri t’al leve Jezi pou yo
mande l’ pouki l’ rete endiferan devan difikilte sa a.
Tankou disip yo, nou menm tou, nou konn rele bay Jezi lè
pwoblèm sekwe bato lavi nou, lè nou santi lavi nou an danje. Anpil fwa nou konn
menm di Bondye abandone nou, li rete endiferan ak sa k’ap trakase lavi nou.
Jezi montre l’ pa t’ endiferan; men se kòmsi li t’ap
sonde lafwa yo. Jezi gen otorite sou tout bagay, li kòmande van ak tanpèt pou
yo kalme epi sa fèt la menm. Jezi mande disip li yo kòman yo fè manke lafwa
konsa... Sèke Jezi te di yon lòt kote: «Si yon moun gen lafwa tankou yon ti
grenn wowoli l’ap di montay la deplase al lòt kote epi l’ap obeyi
l’».
Kidonk, san lafwa n’ap toujou nan pwoblèm. Sen Jean Bosko
te montre anpil lafwa, malgre l’ te gen anpil pwoblèm, men se konfyans li nan
Bondye ki te pèmèt li vrèman leve gran defi sa yo epi li te vrèman angaje l’
nan sèvis lajenès nan tan li t’ap viv la. Jounen jodi a, gen anpil moun ki
angaje yo pou kontinye zèv li yo.
LAPRIYÈ: Bondye, ou chwazi Jan Bosko, ou fè
l’ vin prèt. Ou fè l’ vin tounen yon papa ak yon mèt pou ti moun ki kòmanse ap
grandi yo, li vin sen. Tanpri, limen menm dife renmen sa a nan nou, pou nou
chèche sove moun yo, pou nou sèvi ou menm sèl. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:
Òganize nou an gwoup pou menm jan ak
Sen Jan Bosko, nou chache dekouvri nesesite ki gen nan pwòp kominote nou epi
deside fè yon aksyon konkrè ki reponn ak nesesite sa a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario