Páginas

DIMANCH 1

Koulè Vèt
KATRIYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE B
PREMYE LEKTI
«M’ap fè yon pwofèt leve, m’ap mete pawòl mwen yo nan bouch li».
LEKTI LIV DETEWONÒM 18, 15-20
Moyiz pale ak pèp la, li di :
«Granmèt Bondye ou la ap fè yon pwofèt leve pou ou sot nan ras ou ak nan frè ou yo tankou mwen menm : se pou ou koute l’, jan ou te mande Granmèt Bondye ou la nan Orèb la, lè pèp la te rasanble a, lè ou te di : «Mwen p’ap tande vwa Granmèt Bondye m’ nan plis pase sa ankò, mwen p’ap gade gran dife sa a pi plis pase sa, pou m’ pa mouri».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 94, 1-2. 6-7. 8-9
R/ Si jodi a nou te kapab koute vwa Granmèt la : «Pa fèmen kè nou».
Vini, an nou fete pou Granmèt la ; an nou fè fèt pou Bondye Sovè nou.
An nou pwoche devan fas li avèk lwanj, avèk kantik, an nou fè fèt pou li.R.
Vini, an nou adore l’, an nou bese atè,
an nou ajenou devan Granmèt la ki fè nou an,
pask se li menm ki Bondye nou,
nou se pèp pak li ak mouton men l’.R.
Si jodi a nou te kapab tande vwa l’: «Pa fèmen kè nou,
tankou nan Meriba, daprè jou Masa nan dezè a, kote papa nou yo te tante m’ nan; yo te chèche m’ kont, malgre yo te wè travay mwen yo».R.
DEZYÈM LEKTI
«Vyèj la ap kalkile bagay ki pou Granmèt la, pou l’ kapab vin sen».
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 7, 32 35
Frè m’ yo:
Mwen vle pou nou pa gen okenn tèt chaje.
Moun ki pa gen madanm nan, se afè Granmèt la l’ap okipe, kijan pou l’ fè Bondye plezi. Men moun ki marye a, li okipe afè tè a, kijan pou l’ fè madanm li plezi, epi li gen moso yon bò moso yon lòt bò. Madanm nan ki pa marye a avèk vyèj la ap kalkile afè Granmèt la, pou l’ kapab vin sen nan kò l’ ak nan espri l’; sa k’ marye a menm, l’ap kalkile afè tè a, kijan pou l’ fè mari a plezi.
Men bagay sa a se pou avantaj nou mwen di l’, se pa pou m’ pran nou nan pyèj, se pou bagay ki onèt, ki ofri avantaj, san nou pa jwenn anpèchman pou nou priye Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Li t’ap ba yo ansèyman tankou moun ki gen otorite».
MEN BÒN N OUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 1, 21 28
Nan vil Kafanawòm nan, jou saba, Jezi antre nan sinagòg la, li t’ap ba yo ansèyman. Yo te sezi osijè ansèyman l’ nan; sèke li t’ap ba yo ansèyman tankou moun ki gen pouvwa, se pa tankou skrib yo.
Nan sinagòg yo a, te gen yon mesye ki te gen yon espri papwòp, li rele byen fò, li di: «Ki sa k’ gen ant nou menm ak ou menm, Jezi moun Nazarèt la? Èske ou vini pou ou pèdi nou ? Mwen konnen kilès ou ye : Sen Bondye a».
Jezi menase l’, li di: «Pe bouch ou sòti nan mesye a». Espri papwòp la souke l’, li rele byen fò, li pati sot nan li.
Tout moun te sezi, atèl pwen yo t’ap chèche ansanm antre yo, yo t’ap di: «Ki kalite bagay sa a? Ki kalite ansèyman nouvo sa a? Sèke ak pouvwa li kòmande menm sou espri papwòp yo, yo obeyi li». Repitasyon l’ gaye menm lè a nan tout rejyon Galile a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Jodi a, nou tande vwa Jezi ki pale avèk fòs ak otorite pou di : ««Pe bouch ou, sòti nan mesye a». (Mak 1, 25). Se avèk move lespri k’ap viv nan nou yo e ki fè nou tounen esklav ke Jezi adrese, pou nou ka vin lib selon jan Bondye te kreye nou e selon jan li te vle nou viv ak libète.
Petèt nou remake ke premye règ fondatè relijye yo fikse nan lavi kominotè a se silans: nan yon kay  kote moun dwe lapriyè dwe gen silans ak kontanplasyon. Tankou pwovèb la di sa: «Byen an pa fè bwi, bwi a pa fè byen». Se pou sa Jezi pase move lespri a lòd pou pe bouch li, paske li gen obligasyon pou fè silans devan Sila a ki se Pawòl la, ki «tounen moun, e ki abite pami nou an» (Jn 1, 14).
Men li sèten ke yon santiman sifizans kapab makonnen ak admirasyon ke nou genyen pou Granmèt la, atèl pwen nou ka rive panse sa Sen Ogisten te di nan pwòp Konfesyon li yo: « Granmèt, fè m’ viv chas, men pa kounye a». Paske tantasyon pou nou kite pwòp konvèsyon nou pou pita a, se yon bagay ki fò. Puiske pou moman sa, sa pa kadre ak plan pèsonèl nou yo.
Se kounye menm ke nou dwe reponn apèl pou nou swiv Kris la, pou wayòm li an ka tabli tout bon vre nan mitan nou. Li konnen kijan nou frèt, li konnen nou pa fè jefò ase pou nou swiv Levanjil la, men nou vle mete tout bagay nan yon tan, nou toujou ap di n’a gen tan.
Mal la pa kapab rete ansanm ak byen an.  Yon lavi nan sentete pa kite plas pou peche. « Pèsonn pa kapab sèvi de mèt alafwa; paske l’ap rayi youn epi l’ap renmen lòt la» (Mt 6,24), se sa Jezi te di. An nou chache refij nou nan pye bwa lakwa a pou lonbraj li kouvri lavi nou, e an nou kite li konsole nou, pou li fè nou konprann sans ekzistans nou epi fè nou antre nan mòd lavi Bondye vle pou pitit li yo.
LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri, delivre mwen anba tout lespri ki fè mwen pa kapab sèvi ou ak tout kè m’, lespri ki fè mwen vle kraze brize. Ban mwen lespri dousè ak kè poze w’ la.

PWOPOZISYON : Nan yon pwosesis lapriyè ak meditasyon, idantifye tout move lespri ki nan lavi mwen. Mande Bondye pou li kwape yo ak chalè dife Lespri Sen an.

No hay comentarios:

Publicar un comentario