Koulè Blan
PREZANTASYON GRANMÈT
LA
(Fèt)
(Jounen
Mondyal pou lavi konsakre)
PREMYE MOSO
LABIB
"L’ap rive
nan Tanp li a, chèf sa a n’ap chèche a".
NAN LIV PWOFÈT MALACHI 3, 1-4
Men pawòl Granmèt Bondye a:
"Men m’ap voye zanj mwen an,
l’ap prepare chemen devan fas mwen; sanzatann, l’ap rive nan Tanp li a, chèf sa
a n’ap chèche a, epi zanj alyans la, sa nou anvi wè a".
"Men l’ap vini",
deklarasyon Granmèt lame yo. "Epi ki moun ki kapab panse jou l’ap vini an?
Epi ki moun ki kapab kanpe pou l’ gade l’? Sèke li menm li tankou dife nan fòj,
tankou plant k’ap sèvi pou lesiv, l’ap chita pou l’ fonn, pou l’ pwòpte lajan,
l’ap netwaye pitit Levi yo, l’ap vide yo gout a gout, tankou lò ak tankou
lajan, y’ap vin tounen moun k’ap ofri sakrifis ki kòrèk pou Granmèt la.
Sakrifis Jida ak Jerizalèm ap fè Granmèt la plezi, tankou jou lontan yo, tankou
ane ansyen yo".
Pawòl
Granmèt la.
SÒM 23, 7. 8. 9. 10
R/ Granmèt lame yo, se li menm ki wa bèlte a.
Pòt
yo, leve tèt nou, drese nou, pòt ki la depi syèk tan yo,
Pou l’ kapab antre, sa a ki wa glwa
a. R.
Kilès
sa a ki wa glwa a? Se Granmèt la ki fò, ki gen pouvwa, se Granmèt la, ki gen
pouvwa nan batay. R.
Pòt
yo, leve tèt nou, drese nou, pòt ki la depi syèk tan yo,
Pou l’ kapab antre, sa a ki wa glwa
a. R.
Kilès
sa a, ki wa glwa a? Se Granmèt lame yo, se li menm ki wa glwa a. R.
DEZYÈM MOSO LABIB
"Li te gen pou l’ sanble ak frè
yo nan tout bagay, pou l’ te kapab pran pitye pou yo".
NAN
LÈT POU EBRE YO 2, 14-18
Paske
pitit yo te kominike nan chè a ak san an, Jezi li menm tou te vle patisipe nan
yo, pou, gras a lanmò a, li te kapab detwi sa a ki te gen pouvwa lanmò a, sa
vle di dyab la; pou l’ te kapab delivre sila yo ki t’ap pase tray pandan tout
lavi a poutèt esklavaj kè sote lanmò a.
Se
pa zanj yo li vin pote sekou, men se ras Abraam nan li vin pote sekou. Se pousa
li te gen pou l’ sanble ak frè yo nan tout bagay, pou l te kapab pran pitye pou
yo, pou l’ te kapab vin tounen yon prèt an chèf ki fidèl kot Bondye, pou l’ te
kapab padonnen fot pèp la.
Kòm
li menm li soufri, li kite yo tante l’, li gen pouvwa pou l’ soutni sa yo y’ap
tante a.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
"Je m’ wè sove ou la".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 2, 22-40
Lè jou Mari yo fin rive bout yo pou
netwayaj lalwa Moyiz la te prevwa a, paran Jezi yo pote l’ Jerizalèm, pou yo
prezante l’ bay Granmèt la, daprè sa k’ te ekri nan lalwa Granmèt la:
"tout pitit gason ki sòti an premye nan vant, y’ap rele l’ sen pou Granmèt
la"; epi pou yo ofri sakrifis, daprè sa k’ pale nan lalwa Granmèt la,
"yon pè toutrèl oubyen de jèn pijon".
Te
gen yon mesye Jerizalèm, yo te rele Simeyon, mesye sa a te kòrèk, li te gen
respè, li t’ap tann konsolasyon Izrayèl, epi Lespri Sen an te nan li. Li te
resevwa avètisman nan men Lespri Sen an, li pa t’ap wè lanmò, anvan l’wè Kris
Granmèt la.
Li
rive nan Tanp la sou direksyon Lespri a, pandan paran Jezi t’ap antre avèk li,
pou yo aji daprè abitid lalwa a pou pitit la, li resevwa l’ nan bra l’, li fè
konpliman pou Bondye, li di: "Koulye a ou mèt ranvwaye sèvitè w’la,
Granmèt, daprè pawòl ou a nan lapè; paske je m’ wè sove w’ la, sa ou te pare
devan fas tout pèp yo, limyè pou klere nasyon yo epi glwa pèp ou, Izrayèl.”
Papa
l’ ak manman l’ te sezi poutèt sa yo t’ap di sou li a.
Simeyon
beni yo, li di Mari, manman l’: "Men sa a poze, pou anpil moun nan Izrayèl
tonbe, pou yo leve, l’ap yon siy k’ap jwenn kontradiksyon (yon epe ap travèse
nanm ou), pou panse ki nan kè anpil moun kapab devwale".
Te
gen Án madanm nan ki pwofèt la, pitit fi Fanwèl, nan ras Asè: li te vye anpil,
li te viv avèk mari l’ pandan sètan, depi l’ te vyèj. Li te ret vèv jous
katrevenkatran; li pa t’ kite Tanp la, li t’ap sèvi lannuit kon lajounen nan
jèn ak priyè. Nan menm lè sa a, li vin rive, l’ap fè konpliman pou Granmèt la,
l’ap pale sou pitit la ak tout moun ki t’ap tann sove Izrayèl.
Lè
yo fin fè tou sa lalwa Granmèt la te mande a, yo tounen Galile a, nan vil li a
Nazarèt.
Ti
pitit la menm t’ap grandi, li t’ap pran fòs, li te plen sajès, gras Bondye te
nan li.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Alelouya, limyè pou klere
nasyon yo, epi glwa pou pèp ou Izrayèl (Lik 2, 32). Jodi a 2 fevriye, Legliz la ap fete fèt Jezi ki se Limyè
tè a, vrè Limyè k’ap klere tout nasyon yo. Nan tan Moyiz, karant
jou aprè yon timoun fin fèt, paran li te dwe monte nan tanp Jerizalèm pou
prezante timoun nan devan Bondye. Jezi
se te yon timoun menm jan ak tout timoun, se pou sa Mari ak Jozèf te fè menm
jan an tou.
Se pa yon aza, depi nan Ansyen Testaman an, pwofèt Malachi te deja anonse
li, lè li te di: «l’ap rive nan tanp li a, chèf sa a n’ap chèche a». Nan sòm
meditasyon pou jodi a, yo te deja ap aklame li tankou wa.
Pi devan nan Levanjil la, konkrètman tout sa ki t’ap
anonse pral reyalize. Lè yo antre, pandan pè a ap fè priyè pou prezante ti
pitit la, yon granmoun yo te rele Simeon parèt, se te yon nèg ki te ranpli ak
Lespri Sen an. Lespri Sen an te pwomèt li li p’ap mouri san li pa wè Mesi a
Bondye te pwomèt la. Simeon avèk konkou Lespri sen an, anonse 2 nouvèl avèk
paran Jezi yo, yon bòn ak yon move nouvèl. Bòn nouvèl la, sèke pitit la ap
tounen limyè tout nasyon yo e li pral sèvi yon siy pou fè anpil moun leve e pou
anpil lòt tonbe. Kisa premye nouvèl sa vle di pou nou menm jodi a? Tout
moun ki resevwa li tankou limyè, tankou wa, ki mete li chèf lavi li, wa a va
leve li byen wo. Konsa anpil lòt ki pa
resevwa li tankou Mesi a, ki pa rekonèt li tankou wa yo va tonbe. Pawòl li a se
limyè, se lavi, se pou nou kite l’ gide nou.
Dezyèm nouvèl la, se yon nouvèl ki tris, kote Simeon
di Mari : «kanta ou menm, yon epe ap travèse kè ou». Konsa, aprè douzan,
pawòl Simeon an te kòmanse akonpli, lè Jezi pèdi nan pelerinaj Jerizalèm. Nou
ka imajine lè ou sòti ak yon timoun, nan mitan yon foul moun, w’ap chèche li ou
pa wè li, kisa k’ap pase nan kè manman sa a ; wi se yon epe k’ap dechire
kè li. Pi devan, sou mòn kalvè a, devan pwòp je li, Mari ap gade pitit li a
y’ap asasinen tankou yon bandi, y’ap maltrete l’ tankou yon malfèktè epi li pa
ka ede l’ kalme soufrans lan. Konsa, tout sa Simeon te di yo akonpli. Men devan
tout soufrans sa yo, Mari pa t’ dekouraje, li te kenbe fèm paske li te konprann
si pitit ki sot nan vant li kapab limyè pou tout yon nasyon, soufrans pa ka fè
li pè.
Jodi a tou, se jounen mondyal lavi konsakre.Tout moun
ki di Bondye « wi » menm jan avèk Mari pou patisipe nan zèv sove tè
a, pandan y’ap depouye yo de tout sa ki kapab anpeche yo rive jis nan bout avèk
« wi » yo di a.
Ann kite Jezi ki se vrè limyè a, solèy jistis k’ap
klere tè a, antre nan lavi nou ; an nou kite lanp pawòl li a klere chemen
ekzistans nou etan n’ap mete sa li di nou an pratik, konsa nou menm tou, menm
jan ak Simeon n’a tounen yon temwen tout bon, pou lè denyè jou nou rive n’ale
anpè, nan kè kontan ak kè poze Granmèt nou an.
LAPRIYÈ : Bondye
Papa, ou menm ki te voye Pitit ou a tankou limyè tout nasyon yo, tanpri mete
plis asirans nan mitan nasyon yo, pou yo fè plas pou Jezi ki se limyè tout bon
an ; konsa yo va fini ak tout sa ki mal k’ap ravaje yo tankou lagè, dwòg
ak tout viris mechanste k’ap fini avèk yo ti kras pa ti kras, pou gen plis moun
ki konsakre lavi yo pou kòz Bòn Nouvèl la.
PWOPOZISYON : Mwen vle tounen limyè, nan kominote mwen, nan peyi
mwen, menm jan avèk Jezi, antan m’ap reponn apèl Bondye nan lavi mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario