Páginas

MADI 3

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Avèk pasyans, se pou nou kouri nan batay la ki pare pou nou an".
LEKTI LÈT POU EBRE YO 12, 1-4
Frè m’ yo :
Nou menm ki gen yon si gran kantite nyaj temwen, se pou nou lage tout chaj ak peche k’ap anbarase nou, pou nou kouri avèk pasyans nan batay la ki pare pou nou an, antan n’ap gade lotè lafwa nou an, Jezikri ki fè lafwa a vin kòrèk nèt la, li menm, yo te prezante kè kontan devan l’, men li te sipòte lakwa a, li te meprize wont la, li chita adwat Bondye.
Sonje sa a ki te sipòte kontraryete pechè yo te drese kont li a, pou nou pa kite feblès pran nam nou. Nou pa ko reziste ankò jous nan san, antan n’ap batay kont peche a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 21, 26b-27. 28 e 30. 31-32 (.: 27b)
R/ Y’ap fè lwanj ou, Granmèt, sa yo k’ap chèche ou la.
M’ap regle sa m’ te pwomèt yo devan moun ki krenn li.
Se pou pòv yo manje, se pou yo gen vant plen,
Y’ap fè lwanj Granmèt la, sa yo k’ap chèche l’ yo. «Se pou kè yo viv pou tout tan gen tan».R.
Y’ap sonje, y’ap tounen kot Granmèt la tout limit tè a, y’ap adore devan l’ tout fanmi nasyon yo.
Paske peyi-wa a se pou Granmèt la, l’ap kòmande nasyon yo.
Se li menm sèl y’ap adore, tout sa k’ap dòmi nan tè a. R.
Nam mwen ap viv pou li, ras mwen ap sèvi l’.
Y’ap pale osijè Granmèt la bay jenerasyon k’ap vini an, y’ap anonse jistis li a bay pèp la k’ap fèt la: "Se bagay sa yo Granmèt la te fè".R.
LEVANJIL
"Ti fi, mwen di ou, leve".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 5, 21 -43
Lè sa a :
Kòm Jezi te travèse ankò nan batiman an lòt bò lanmè a, gen yon gran foul ki vini jwenn li; li te bò lanmè a. Gen youn nan chèf sinagòg yo ki rive, yo te rele l’ Jayir; lè l’ wè l’, li tonbe nan pye l’; li t’ap priye l’ anpil, li t’ap di: "Pitit fi m’ nan prèske mouri; vini, poze men sou li, pou l’ kapab sove, pou l’ viv". L’ale avèk li, yon gran foul moun t’ap suiv li, yo t’ap kraze l’.
Gen yon madanm, ki t’ap pèdi san depi douzan, li te deja konsilte anpil doktè ki te preskri l’anpil remèd, li te fin depanse tout richès li, men li pa t’ jwenn okenn rezilta, okontrè se pi mal li t’ap vin pi mal ; lè l’ tande pale osijè Jezi, li vin nan foul la, dèyè, li touche rad li. Li t’ap di: Si o mwen mwen touche rad li, m’ap sove». Menm lè a sous san l’ nan tari, li santi nan kò l’ li te geri sot nan maladi a.
Menm lè a Jezi rekonèt anndan l’ gen yon fòs ki te soti nan li, li vire kot foul la, li t’ap di: "Kilès ki touche rad mwen an"? Disip li yo t’ap di : "Ou wè foul la k’ap kraze ou, epi w’ap di : «Kilès ki touche m’»? Men li vire pou l’ wè madanm nan ki te fè bagay sa a. Madanm nan menm te pè, li t’ap tranble, li te konnen sa k’ te pase nan li, li vini, li lage kò l’ devan l’, li di l’ tout verite a. Li menm menm li di l’ : «Mafi, lafwa ou sove ou; ale ak lapè, se pou ou geri sot nan maladi ou la".
Pandan li t’ap pale toujou, moun yo vin kot chèf sinagòg la, yo di : "Ti fi ou la mouri ; pouki sa w’ap trakase Mèt la"? Jezi menm, lè l’ tande pawòl yo te di a, li di chèf sinagòg la : «Pa pè ; se pou ou kwè sèlman». Li pa pèmèt pèsòn suiv li, sof Pyè, Jak avèk Jan, frè Jak la.
Yo rive nan kay chèf sinagòg la li wè bwi, moun k’ap kriye, k’ap rele anpil. Li antre, li di yo: «Pouki sa nou twouble, n’ap kriye? ti fi a pa mouri, se dòmi l’ap dòmi». Yo t’ap pase l’ nan jwèt.
Li menm menm, li mete tout moun deyò, li pran papa ak manman ti fi a epi moun yo ki te avèk li a; li antre kote ti fi a te kouche a. Li kenbe men ti fi a, li di l’: "Talita, koumi"; sa vle di: "Ti fi, mwen di ou, leve". Menm lè a ti fi a leve, li t’ap mache (li te gen douzan); yo te sezi yon gran sezisman. Li pase yo lòd sevè pou pèsòn pa konn sa; li di pou yo ba l’ manje.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Levanjil la prezante nou de mirak Jezi ki pale de lafwa de moun ki byen diferan. Menm jan avèk Jayi, youn nan chèf sinagòg la, fanm sa ki te malad la pwouve li gen yon gwo lafwa. Jayi sèten ke Jezi kapab geri pitit fi li a; fanm nan gen sètitid ke si li touche ke wòb Jezi li ka jwenn gerizon pou gwo maladi li soufri a. E Jezi, akòz lafwa de moun sa yo, li fè yo gras, li ba yo gerizon yo t’ap chèche a.
Premye a, se sila a ki te panse li pa t’ merite pou Jezi te akòde l’ yon minit, si sila a ki pa t’ oze deranje Mèt la ni juif enpòtan yo. San li pa fè bwi, li pwoche e, antan li touche manto Jezi, li jwenn gerizon, e li santi sa nan kò li. Men Jezi ki konnen sa ki te pase, li pa vle kite li pati san li pa di l’ yon mo: «Mafi, lafwa ou sove ou; ale ak lapè, se pou ou geri sot nan maladi ou la". (Mk 5,34)
Kantan pou Jayi, li mande li plis lafwa toujou. Tankou li te fè sa avèk Abraam nan Ansyen Testaman an, li ekzije yon lafwa ki fèm, yon lafwa ki dyanm devan bagay ki parèt enposib. Yo te bay Jayi yon nouvèl tèrib lè yo te di li pitit fi li a mouri. Nou kapab imajine kijan li te santi li e kijan li te kapab pèdi lespwa. E Jezi ki te tande tout bagay te di li: «Pa pè,  se pou ou kwè sèlman» (Mk 5,36). E tankou tout ansyen patriyach, antan li kwè malgre tou, li te wè kijan Jezi te bay pitit fi li a lavi, pitit sa ke papa a te si tèlman renmen an.
Se de gwo leson lafwa pou nou menm. Se konsa nou menm tou nou dwe fè Bondye konfyans lè nou ta vle pèdi lespwa. Pouvwa Bondye san limit. Pa gen ka pèdi pou Bondye.
LAPRIYÈ: Granmèt, mwen kwè, men tanpri vin fè m’ kwè plis toujou. (Mk 9,24).

PWOPOZISYON: Èske anpil fwa mwen pa bloke delivrans Bondye akoz mank lafwa mwen?

No hay comentarios:

Publicar un comentario