Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Moun Bondye renmen,
li korije l’».
LEKTI LÈT EBRE YO 12, 4-7. 11-15
Frè m’ yo :
Nou pa ko reziste ankò jous nan san, antan n’ap batay
kont peche a, epi nou bliye konsolasyon an mwen te pale avèk nou an tankou
pitit la, lè m’ te di :
«Pitit mwen, pa neglije koreksyon Granmèt la, pa dekouraje
paske l’ap reprann ou. Sèke moun Granmèt la renmen, li korije l’, li drese tout
pitit li aksepte».
Pèsevere nan disiplin nan. Bondye ofri tèt li ba nou
tankou bay pitit li. Kilès pitit, yon papa pa korije l’ ?
Tout koreksyon y’ap sibi koulye a, se pa ak kè kontan yo
konsidere l’ men se ak chagren; sèlman aprè sa, li renmèt bon fwi jistis ki bay
lapè pou moun yo ki jwenn redresman gras a li yo. Se pousa drese men ki febli
yo ak jenou k’ap pliye yo, egalize wout yo pou pye nou, pou moun k’ap bwate a
pa devye, okontrè pou l’ geri.
Se pou nou suiv lapè avèk tout moun, se pou nou suiv sa k’ap
fè nou vin sen an tou, san sa pèsòn p’ap wè Bondye. Fè atansyon pou pèsòn pa
vire do bay gras Bondye a, pou pa gen rasin anmè k’ap jèmen pou l’ jennen nou,
pou l’anpwazonnen tout foul la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 102,
12. 13-14. 17-18a (r.: cf. 17)
R/ Mizerikòd Granmèt la depi tout tan sou
moun ki krenn li yo.
Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen ; tout sa k’
anndan m’, fè konpliman pou non l’ ki sen.
Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen, pa bliye tout sa l’
fè yo.R.
Tankou papa pran pitye pou pitit li yo,
Granmèt la pran pitye pou moun ki krenn li yo,
Sèke li menm li konnen ak ki sa nou fèt, li sonje kijan se
pousyè nou ye.R.
Mizerikòd Granmèt la menm se depi tout tan, epi jous pou
tout tan sou moun ki krenn li yo, jistis li nan pitit moun yo ; nan sa yo ki kenbe
alyans li a.R
LEVANJIL
«Pa gen pwofèt
ki san konsiderasyon, sof nan peyi l’».
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 6, 1-6
Lè sa a:
Jezi t’al nan peyi l’; disip li yo t’ap suiv li. Lè saba a
rive, li kòmanse bay ansèyman nan sinagòg la.
Anpil moun ki t’ap koute l’ te sezi nan ansèyman l’ nan,
yo t’ap di: «Kote tout bagay sa yo sòti pou sa a? Epi ki kalite
sajès sa a yo ba li a, ak kalite pouvwa sa yo k’ap reyalize nan men l’ konsa a?
Èske se pa menuizye a sa, pitit Mari a, frè Jak la, ak Jozèf la, ak Jida a, ak
Simon an? Èske ni sè l’ yo tou pa avèk nou"? Yo te skandalize nan li.
Jezi menm t’ap di yo: "Pa gen pwofèt ki san konsiderasyon,
sof nan peyi l’ ak nan kay li ak nan fanmi li".
Li pa t’ kapab fè okenn mirak kote sa a, sof kèk enfim li
geri, antan l’ poze men sou yo. Li te sezi poutèt yo pa t’ gen lafwa. L’al nan
bouk yo alantou yo antan l’ap bay ansèyman.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye
a.
REFLEKSYON : Koreksyon
se yon bagay ki ede nou grandi, devlope pou nou ka gen matirite nou dwe genyen
nan fason n’ap relasyone nou nan sosyete a. Lè yon ti moun fè dezòd oubyen li
dezobeyi, paran li kapab ba li yon ti pinisyon. Lè yon moun komèt yon zak
malonèt nan sosyete a, sa ka mennen li nan prizon. Tout sosyete nan tan n’ap
viv la gen yon enstitisyon ke yo rele lapolis ki la pou mete lòd kote ki gen
dezòd, li la pou drese tout sa ki panche. Ebyen, lè yon timoun resevwa yon
pinisyon oubyen lè yon granmoun ale nan prizon, se pa pou detwi li, okontrè se
pou li kapab gen yon tan pou reflechi sou aksyon li te komèt la epi pou pran
konsyans ke li pa dwe fè sa ankò. Se yon fason pou ede moun nan vin pi moun,
dekwa pou li kapab viv nan amoni ak tout lòt moun ki nan antouraj li.
Ebyen, selon mesaj nou jwenn nan premye
lekti jodi a, Bondye ki se yon Papa bon kè, li menm ki renmen nou pase tout
bagay, li gen dwa pou li korije nou, li gen dwa pou li rale zòrèy nou lè nou
sou move chemen. Tankou pwovèb la di, yon chyen pa janm mòde pitit li jous nan
zo. Si Bondye pini nou, se pa paske li vle detwi nou, okontrè se paske li vle
nou viv kòm pitit li, ak respè ak diyite.
Atravè Levanjil la, jodi a, nou dekouvri nan ki fason Jezi
rive nan sinagòg Nazarèt la, nan kote li te grandi a. Samdi se jou Granmèt la e
Juif yo rasanble pou tande Pawòl Bondye. Jezi ale nan sinagòg la chak samdi e
se la li bay ansèyman, pa menm jan ak eskrib yo ou farizyen yo, men tankou yon
moun ki gen otorite pou fè sa (Mk 1,22).
Nan tan n’ap viv la, Bondye kontinye pale ak nou atravè
Labib. Nan sinagòg la yo li sa ki ekri, e aprè youn nan moun ki kapab fè sa fè
yon kòmantè kote li montre sans mesaj Bondye vle transmèt atravè lekti yo. Yo
di nou Sen Ogisten te di: « Atravè lapriyè nou pale ak Bondye; atravè Labib, se
Bondye ki pale ak nou».
Nan finisman Levanjil la yo di nou ke «Jezi pa t’ kapab fè okenn mirak kote sa a (…) Li te sezi
poutèt yo pa t’ gen lafwa». (Mk 6,5-6). Jodi a, Granmèt la mande nou pou nou
gen plis lafwa nan li, pou li kapab reyalize bagay ki depase kapasite nou kòm
moun. Mirak yo manifeste pouvwa Bondye ak bezwen nou genyen nan lavi nou chak
jou.
LAPRIYÈ :
Granmèt, tanpri, ede m’ pa chita sou prejije mwen yo ki fè mwen gen difikilte
pou rekonèt vizaj ou nan frè ak sè mwen yo.
PWOPOZISYON :
Pran tan pou li yon pasaj nan Labib epi eseye dekouvri ki mesaj Bondye vle
kominike ou atravè pasaj sa a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario