Páginas

JEDI 5

Koulè Wouj
AGAT KI SEN, Vyèj e Mati
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Nou te pwoche kot mòn Siyon ak vil Bondye ki vivan an».
LEKTI LÈT POU EBRE YO 12, 18-19. 22-24
Frè m’ yo :
Nou pa t’ pwoche kot yon mòn yo kapab touche ak men, ak yon dife k’ap flanbe, ak fènwa, ak bwouya, ak tanpèt, ak son twonpèt, ak bwi pawòl, moun yo ki te tande yo, yo te mande padon, pou yo pa’t pale ak yo konsa. Sa yo te wè a te tèlman terib. Moyiz di: «Mwen sezi, m’ap tranble».
Men nou te pwoche kot mòn Siyon an ak vil Bondye ki vivan an, Jerizalèm syèl la, pakèt foul anj yo k’ap fete yo, avèk asanble premye pitit yo, ki gen non yo ekri nan syèl la, nou te pwoche kot Bondye k’ap jije tout moun nan, avèk espri moun ki kòrèk yo, ki fin bon nèt yo, epi kot Jezi ki sèvi entèmedyè nouvo testaman an, kot san yo te vide sou nou an k’ap pale pi byen pase san Abèl la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 47, 2-3a. 3b-4. 9. 10-11 (r.: cf. 10)
R/ Nou resevwa mizerikòd ou, Bondye, nan mitan tanp la.
Granmèt la gran, li merite anpil lwanj, nan vil Bondye nou an.
Mòn li a sen, ti mòn li a bèl, kontantman tout tè a.R.
Mòn Siyon an nan bout rejyon Nò a, vil gran wa a.
Bondye nan lakay li yo, yo konnen l’ byen, li vin tounen kachèt.R.
Jan nou te tande a, se konsa nou wè nan vil Granmèt lame yo, nan vil Bondye nou an; Bondye enstale l’ fèm pou tout tan.R.
N’ap kalkile kè sansib ou a, Bondye nan mitan tanp ou a.
Daprè non ou, Bondye konsa lwanj ou jous nan bout tè a; jistis ou plen men dwat ou.R.
LEVANJIL
"Li kòmanse voye yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 6, 7-13
Lè sa a:
Jezi rele douz yo, li kòmanse voye yo de pa de; li ba yo pouvwa sou espri papwòp yo.
Li pase yo lòd pou yo pa pran anyen pou wout la, sof yon baton sèlman : ni sak, ni pen, ni lajan ; men pou yo gen sandal nan pye yo ; pou yo pa gen de chemiz.
Li t’ap di yo: «Nenpòt ki kay kote nou antre, ret la joustan nou pati. Tout moun ki pa resevwa nou, ki pa koute nou, antan n’ap sòti, souke pousyè pye nou kòm temwayaj pou yo.
Yo pati, y’al preche pou moun yo fè penitans, yo chase anpil demon, yo pase luil sou anpil malad, yo geri.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Jodi a, Levanjil la pale nou sou premye misyon apot yo. Kris la voye douz yo al preche, geri malad e prepare chemen delivrans la. Se sa ki misyon Legliz la, se sa ki misyon chak kretyen. Konsil Vatikan II di nou « Moun ki resevwa apèl pou mache dèyè Kris la, li resevwa apèl tou pou li fè apostola. Pa gen okenn manb Legliz la ki gen yon wòl pasif. E moun ki pa travay pou fè kò a grandi, ebyen pou rezon sa li initil pou Legliz la ak pou pwòp tèt pa li.»
Tankou Gustave Thibon te di sa, mond n’ap viv jounen jodi a, li bezwen yon «degi nanm» pou li ka regenere tèt li. Kris la avèk doktrin li a, se sèl remèd pou maladi mond lan. Mond la konnen anpil kriz. Se pa sèlman yon kriz moral an pati, oubyen valè ki fè moun vin pi moun: se yon kriz ki anbrase tout bagay. Mo ki gen plis presizyon pou defini li an, se «kriz nanm».
Kretyen yo, avèk konkou lagras Jezi ak doktrin li an, yo nan mitan estrikti tanporèl yo pou yo ka ba yo lavi epi òdone yo selon plan Kreyatè a: «Pou antan li koute predikasyon Legliz la, mond la kapab kwè, pou antan li kwè li rive espere, epi antan li espere li rive kapab renmen» (Sen Ogisten).
Kretyen an pa kapab kouri kite mond lan. Bernanos te ekri: «Li [Bondye] lage nou nan pat la, nan mitan foul moun yo tankou leven; tipa tipa n’ap rive rekipere linivè a ke peche a te pran nan men nou an; Granmèt nou pral remèt ou li menm jan nou te resevwa li nan premye maten mond lan, avèk lòd e san tach.»
Youn nan sekrè pou nou rive reyalize misyon sa, se renmen mond la ak tout kè nou ak tout lespri nou, epi viv avek renmen misyon Kris la konfye Apot yo avèk nou tout. Tankou Sen Jozemari te di a, «apostola a se renmen Bondye a ki debòde nan kè nou, se kado pwòp tèt nou nou ofri lòt yo (…). E dezi nou genyen pou fè apostola a, se manifestasyon ekzak, adekwat, nesesè, lavi enteryè a.»
LAPRIYÈ : Granmèt, ou menm ki rele m’ pou kolabore ak ou nan travay pou delivrans tè a, tanpri vide Lespri w’ la nan kè mwen pou mwen ka fè travay sa a ak kè kontan. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON : Evalye misyon mwen kòm apot Jezikri. Kisa mwen fè dejà ? Kisa mwen dwe fè jodi a ?

No hay comentarios:

Publicar un comentario