Páginas

VANDREDI 6

Koulè Wouj
PÒL MIKI AK KONPAYON L’ YO KI SEN, Mati
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Jezikri yè ak jodi a, li menm nan tout pou tout tan".
LEKTI LÈT POU EBRE YO 13, 1-8
Frè m’ yo :
Se pou charite frè yo rete nan nou ; pa bliye resevwa etranje lakay nou : se konsa kèk te resevwa zanj yo lakay yo san yo pa konnen. Sonje moun ki nan prizon yo kòmsi nou prizonye ansanm avèk yo, sonje moun k’ap sibi tray yo paske nou menm tou se nan yon kò nou ye.
Se pou respekte maryaj la nou tout, se pou kabann nan ret entak ; sèke Bondye ap jije moun k’ap fè move plezi yo ak sa k’ap fè adiltè yo.
Se pou konduit nou pa nan kesyon renmen lajan, kontante nou ak sa nou genyen koulye a; se li menm menm ki di: «Mwen p’ap lage ou, mwen p’ap abandone ou». A tèl pwen nou kapab di avèk konfyans : «Granmèt la pote m’ sekou, mwen p’ap pè sa pou moun fè m’».
Sonje responsab nou yo, ki te pale nou pawòl Bondye a; konsidere dènye moman lavi yo, pran modèl sou lafwa yo.
Jezikri yè ak jodi a ; li menm nan tout pou tout tan.
Pawòl Granmèt la.
PSÒM RÉPONS 26, 1. 3. 5. 8b-9abv (r.: la)
R/ Granmèt la se limyè m’ak sove mwen.
Granmèt la se limyè m’ak sove mwen, ki moun pou m’ pè ? Granmèt la se pwoteksyon lavi m’, devan ki moun pou m’ tranble ?
Si yon lame kanpe kont mwen, kè m’ p’ap pè ; si lagè leve kont mwen, se nan sa mwen menm m’ap espere.R.
Sèke l’ap kache m’ nan tant li, jou malè yo
L’ap kache m’ nan kachèt tant li, nan wòch la l’ap leve m’.R.
Se fas ou, Granmèt, m’ap chèche. Pa vire fas ou lwen m’, pa vire do bay sèvitè ou la nan kòlè. Se sekou m’ ou ye, pa lage m’.R.
LEVANJIL
«Jan, sa mwen te fè koupe tèt li a, se li menm ki leve sot nan pami mò yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 6, 14- 29
Lè sa a:
Wa Ewòd te tande pale (sèke non Jezi te vin gen repitasyon), li t’ap di: «Se Jan-Batis ki resisite sot nan pami mò yo, se pousa mèvèy sa yo ap fèt nan li a». Dòt menm t’ap di: «Se Eli ki la»; dòt menm t’ap di: «Se pwofèt la, tankou youn nan pwofèt yo. Lè Ewòd tande sa, li di : «Se Jan mwen te fè koupe tèt li a ki resisite sot nan pami mò yo».
Sèke Ewòd te voye arete Jan, li te mete l’ nan prizon akoz Ewodyad, madanm Filip, frè l’ la paske li te marye avèk li. Jan t’ap di Ewòd : «Ou pa gen dwa gen madanm frè w’ la». Ewodyad menm t’ap fè konplo kont li, li te vle touye l’, li pa t’ kapab. Ewòd te pè Jan, li te konnen se te yon moun ki kòrèk, ki sen, li te pwoteje l’, li te konn koute l’, pou l’ fè anpil bagay, se avèk plezi li te konn koute l’.
Lè jou a rive ki bay bon okazyon an, Ewòd te fè yon resepsyon pou fèt li avèk chèf yo ak majistra yo avèk moun gran ras nan Galile a. Pitit fi Ewodyad la vin antre, li danse, sa fè Ewòd plezi ansanm ak lòt envite yo, wa a di ti fi a: "Mande m’ sa ou vle, m’ap ba ou l’. Li fè l’ sèman : "Nenpòt ki sa ou mande, m’ap ba ou l’, te mèt se mwatye peyi-wa mwen an". Li menm, li sòti li di manman l’: "Ki sa pou m’ mande"? Li di: "Tèt Jan-Batis".
Li antre byen vit ankò kot wa a, li mande l’, li di: "Mwen vle pou koulye a menm ou ban m’ tèt Jan-Batis sou yon plat". Wa a pran chagren: poutèt sèman an epi poutèt envite yo, li pa t’ vle kontrarye l’, li voye yon gad, li pase lòd pou yo pote tèt li sou yon plat. Yo koupe tèt li nan prizon an, yo pote l’ sou yon plat, yo bay ti fi a li, ti fi a menm bay manman l’ li.
Lè disip yo tande sa, yo vini, yo pote kò l’, yo mete l’ nan kavo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Premye lekti pote plizyè konsèy pou nou: Premyèman, li envite nou genyen yon atitid akèy anvè frè ak sè nou yo. Dezyèmman li ankouraje mesye-dam yo viv nan fidelite maryaj la, kote yo dwe fè jefò pou lite kont adiltè. Twazyèmman, li mande nou pou nou pa twò renmen lajan. Jounen jodi a, nou remake gen anpil krim k’ap komèt akòz atachman anpil moun gen pou lajan, paske lajan vin tounen mèt yo. Anpil moun ap jwe pokè pou kòb, nenpòt ti diskisyon youn te deja dispoze pou touye lòt. Alò se toujou aprè yo reflechi ke sa yo te fè a pa t’ bon. Men sim te konnen toujou dèyè.
Li enpòtan pou nou aprann mete nou nan plas lòt la, sitou sa k’ap soufri a, sa ki nan prizon, sa malad, ki abandone a. Nou dwe pote sekou ak zanmi sa yo, yon fason pou rive dekouvri prezans Bondye nan lavi yo, paske Bondye se kote moun ki fèb yo li, se moun ki rekonèt yo san defans nan sosyete a, se  moun sa yo l’ap soutni pandan li pa bliye nou menm ki santi nou gran. Li envite nou pou nou konvèti, pou chanje fason n’ap viv la, pou rekonèt moun ki bese tèt yo Bondye fè yo leve l’; men moun ki leve tèt yo Bondye fè yo bese l’.
An nou pran konsyans sa pandan n’ap mande kiyès Jezi ye pou mwen jodi a? Ki plas li okipe nan vi m’; èske se sila ki vin pou sove nou an ou byen youn nan pwofèt yo ki te mouri ki leve. Se yon kesyon pèsonèl li ye zanmi Bondye. An nou antre nan fon kè nou pou nou bay repons ak Jezi k’ap mande nou kiyès li pou nou, pou fanmi nou, pou kominote nou an, pou Legliz la, pou gwoup nou yo, pou lekòl nou yo.
Se pou Granmèt la louvri je nou ak entelijans nou pou nou rekonèt se li menm ki kòmansman ak finisman tout bagay koulye ak pou toutan gen tan. Amèn
LAPRIYÈ: Bondye, se ou menm ki fòs tout sen yo. Ou rele Pòl avèk konpayon l’ yo pou yo antre nan lavi a sou wout kwa a. Yo pase mati pou ou, yo vin sen, y’ap plede kòz nou. Tanpri, n’ap lapriyè ou. Lafwa n’ap deklare a, fè nou kenbe l’ fèm jous nou mouri. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON:Vizite yon moun ou konnen ki malad ou byen ki nan prizon ou byen k’ap viv yon sitiyasyon difisil ki bezwen prezans yon lòt moun.

No hay comentarios:

Publicar un comentario