Páginas

SAMDI 7

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Bondye lapè a, ki delivre gran gadyen an sot nan lanmò a, l’ap aprann nou fè tout sa ki bon".
LEKTI LÈT POU EBRE YO 13, 15-17. 20-21
Frè m’ yo:
Pa lentèmedyè Jezi se pou nou ofri sakrifis lwanj tout tan pou Bondye; sa vle di fwi bouch nou k’ap fè lwanj pou non l’. Pa bliye fè dibyen, viv ak lapè antre nou; se kalite sakrifis sa yo ki fè Bondye plezi.
Obeyi responsab nou yo, ret anba lòd yo, se yo menm k’ap veye antan yo gen pou yo rann kont pou nam nou, pou yo kapab fè sa avèk kè kontan san yo pa plenn; sa pa ta nan avantaj nou.
Bondye lapè a, li menm ki te kondui gran gadyen mouton yo sot nan lanmò a avèk san alyans tout tan an, Granmèt nou Jezikri, se pou l’ mete tout sa k’ bon nan nou, pou nou fè volonte l’, pou nou fè sa k’ fè l’ plezi pa pouvwa Jezikri, konpliman pou li pou tout tan gen tan. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 22, l-3a. 3b-4. 5. 6 (r.: 1)
R/ Granmèt la swen m’, mwen p’ap manke anyen.
Granmèt la ap kondui m’, anyen p’ap manke m’ ;
Nan zèb vèt li enstale m’, sou bò dlo trankil li mennen m’,
Li refè nanm mwen.R.
Li kondui m’ nan santye jistis poutèt non l’.
Sèke menm si m’ap mache nan bafon lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou avèk mwen
Baton ou ak bagèt ou se yo k’ap konsole m’.R.
Ou pare yon tab devan fas mwen kont sa yo k’ap fè m’ pase tray yo ; ou swen tèt mwen ak losyon, kalis mwen ap debòde.R.
Reyèlman se bon kè ak gras k’ap rapousuiv mwen tout tan lavi m’, m’ap abite nan kay Granmèt la pou tout longè tan yo.R.
LEVANJIL
"Yo te tankou mouton ki pa gen gadyen".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MARK 6, 30-34
Lè sa a :
Apot yo rasanble kot Jezi, yo rakonte l’ tout sa yo te fè, ak sa yo te anseye. Li di yo: "Vini apa, yon kote ki pa gen pèsòn, pran yon ti repo". Sèke moun yo ki t’ap vini, ki t’a prale, yo te anpil, pa t’ gen espas pou yo te manje.
Yo monte nan batiman an, y’al nan yon kote ki dezè, ki apa. Lè yo wè y’a prale, anpil moun konprann; yo sòti a pye nan tout vil yo yo vin rankontre yo la, yo rive anvan yo.
Lè Jezi sòti, li wè anpil foul, li pran pitye pou yo, paske yo te tankou mouton ki pa gen gadyen, li kòmanse ba yo ansèyman anpil.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Pa bliye fè dibyen, viv ak lapè antre nou; se kalite sakrifis sa yo ki fè Bondye plezi». Nan premye moso labib la nou dekouvri sekrè kè Bondye, nou dekouvri kisa pou nou fè pou n’ fè Bondye Granmèt la plezi. Li envite nou pou nou viv nan kè poze yon ak lòt pou fè dibyen pou lòt yo. Se kalite sakrifis sa yo Bondye mande nou fè, nou pa bezwen monte-desann mòn pou rankontre Granmèt la, men se ouvri kè nou pou nou akeyi lagras Bondye.  Si nou fè yon ti jefò pou nou fè volonte li, li va fè nou wè bèlte li. Lè n’ap chache li, li va vin rankontre nou.
An nou chache Bondye ak yon kè ki sensè, an nou fè nou dosil nan men li, l’a fè nou bwè nan sous li a, sous lavi a.
LAPRIYÈ:Bondye Papa ou menm sous vrè lapè ak kè poze a, tanpri ede nou travay pou lapè tabli tout kote soutè a, nan fanmi nou yo, nan peyi nou. Pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an.

PWOPOZISYON: Chèche pou nou wè kòman nou ka rekonsilye kèk moun nou konnen ki gen pwoblèm antre yo. Eseye kreye yon posiblite nan antouraj ou pou w’ ede lòt moun viv byen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario